Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Afterward Moses and Aaron went to Pharaoh and said, "This is what our Father of Israel says: Let my people go to hold a feast for me in the wilderness." Apre, Moïse avèk Aaron te vin di a Farawon: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘Kite pèp mwen an ale pou yo kapab selebre yon fèt pou Mwen nan dezè a.’”
2 Pharaoh said, "Who is God, that I should obey his voice and let Israel go? I don't know God, and I won't let Israel go." Men Farawon te di: “Kilès SENYÈ a ye pou m ta obeyi vwa Li, pou kite Israël ale? Mwen pa konnen SENYÈ a, e anplis, mwen p ap kite Israël ale.”
3 They said, "Our Father has met with us. Let us take a three-day journey into the wilderness to sacrifice to our Father, or he may strike us with plague or sword." Yo te di: “Bondye a Ebre yo te reyini avèk nou. Souple, kite nou ale fè yon vwayaj twa jou nan dezè a pou nou kapab fè yon sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an; otreman, Li va vin tonbe sou nou ak gwo maladi, oubyen nepe.”
4 But Egypt's king said to them, "Moses and Aaron, why pull the people from their work? Get back to your labor!" Men wa a Égypte la te di yo: “Moïse avèk Aaron, poukisa nou ap rale pèp la kite travay li? Ale retounen nan travay nou.”
5 Pharaoh said, "Look, the land's people are now many, and you'd have them stop working!" Ankò Farawon te di: “Gade, pèp la nan peyi a koulye a vin anpil, e nou ta vle fè yo sispann fè travay yo!”
6 That same day Pharaoh commanded the slave drivers and the foremen over the people: Alò menm jou a, Farawon te kòmande chèf kòve ki te sou pèp la avèk fòmann pa yo. Li te di yo:
7 "Stop giving the people straw for bricks as before. They must go gather straw themselves. “Nou p ap bay pèp la pay ankò pou fè brik jan nou te konn fè a. Kite yo ale ranmase pay pou kont yo.
8 Require the same brick quota as before; don't reduce it. They're lazy; that's why they cry, 'Let us go sacrifice to our God.' “Menm fòs brik yo te konn fè avan an, fòk nou egzije yo fè l. Nou pa pou redwi li menm. Paske yo se parese! Se pou sa y ap kriye a: ‘Kite nou ale fè sakrifis a Bondye nou an.’
9 Make the work harder for the men, so they keep at it and ignore lies." Kite travay la vin pi lou pou mesye yo. Kite yo travay pou yo pa swiv fo pawòl sa yo ankò.”
10 The slave drivers and foremen went out and told the people, "Pharaoh says: 'I will give you no more straw.' Konsa, chèf kòve a pèp yo avèk fòmann pa yo te ale deyò pou te pale avèk pèp la. Li te di: “Konsa pale Farawon: ‘Mwen p ap bannou okenn pay.
11 Go get your own straw wherever you find it—but your work will not be reduced at all.'" Nou menm, ale chache pay nou pou kont nou nenpòt kote nou kab jwenn nan, men pou fòs travay nou oblije fè a, li p ap redwi.’”
12 So the people scattered throughout all the land of Egypt to gather stubble for straw. Konsa, pèp la te gaye nan tout peyi Égypte la pou ranmase tij sereyal pou sèvi kòm pay.
13 The slave drivers kept pressing them: "Finish your daily quota, just as when you had straw." Chèf Kòve yo te peze yo rèd. Yo te di: “Konplete menm fòs travay jounen ke nou te bannou an, menm jan ke lè nou te gen pay la.”
14 The Israelite foremen, whom Pharaoh's slave drivers had set over them, were beaten and asked, "Why haven't you met your brick quota yesterday and today, as before?" Anplis de sa, fòmann yo, fis Israël yo, ke chèf kòve Farawon yo te mete sou yo a, te pran kou. Konsa yo te mande yo: “Poukisa nou pa t konplete sa ke nou te gen pou fè a, ni ayè, ni jodi a nan fè brik yo menm jan tankou avan an?”
15 Then the Israelite foremen came and cried out to Pharaoh, "Why do you treat your servants this way? Epi fòmann sou fis Israël yo te vin kriye devan Farawon. Yo te di: “Poukisa ou aji konsa avèk sèvitè ou yo?
16 No straw is given your servants, yet they tell us, 'Make bricks!' Look, your servants are beaten, but your own people are at fault." Yo pa bay pay a sèvitè yo, men yo kontinye di nou: ‘fè brik!’ E gade byen, sèvitè ou yo pran kou, men se fot pwòp pèp pa w la.”
17 Pharaoh said, "Lazy! You're lazy! That's why you say, 'Let us go and sacrifice to God.' Men li te di: “Nou se parese! Nou pa travay menm! Se pou sa nou di: ‘Kite nou ale fè sakrifis a SENYÈ a.’
18 Now go, work. No straw will be given you, yet you must deliver your full quota of bricks." Alò koulye a, al travay! Paske nou p ap resevwa pay, men fòk nou konplete fòs kantite brik ke nou gen pou fè yo.”
19 The Israelite foremen saw they were in trouble when told, "Don't reduce your daily quota of bricks." Fòmann nan fis Israël yo te wè ke yo te gen gwo pwoblèm, paske li te di yo: “Nou pa pou redwi fòs kantite brik pa jou yo.”
20 When they left Pharaoh, they found Moses and Aaron waiting to meet them, Lè yo te kite prezans Farawon, yo te rankontre Moïse avèk Aaron paske yo t ap tann yo.
21 and said to them, "May our Father look on you and judge, for you have made us a stench to Pharaoh and his officials, putting a sword in their hand to kill us." Yo te di yo: “Ke Bondye kapab gade sa nou fè a, e jije nou, paske nou te fè nou vin rayisab devan zye Farawon, e devan zye tout sèvitè li yo. Konsa nou mete yon nepe nan men yo pou yo kab touye nou.”
22 Then Moses returned to our Father and said, "My Sovereign Father, why have you brought trouble on this people? Why did you ever send me? Alò, Moïse te retounen vè SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, poukisa ou pote mal a pèp sa a? Poukisa menm ou te voye mwen an?
23 Since I went to Pharaoh to speak in your name, he has harmed this people, and you have not rescued your people at all." Depi mwen te vin kote Farawon pou pale nan non Ou a, li te fè mechanste a pèp sila a. Ni Ou pa t delivre pèp Ou a ditou.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]