Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then our Father told Moses, "Now you'll see what I'll do to Pharaoh: with a strong hand he'll send them out; with a strong hand drive them from his land." SENYÈ a te di a Moïse: “Alò, koulye a ou va wè kisa mwen va fè a Farawon. Paske anba yon men pwisan, li va lage yo, e anba yon men pwisan, li va pouse yo sòti nan peyi li a.”
2 Our Father spoke to Moses and said to him, "I am your Father. Bondye te pale plis avèk Moïse e te di li: “Mwen se SENYÈ a.
3 I appeared to Abraham, Isaac, and Jacob as El Shaddai—our Father Almighty—but they didn't know me by my name, Father. Mwen te parèt a Abraham, Isaac, avèk Jacob, kòm Bondye Toupwisan an, men pa pwòp non Mwen, SENYÈ a, Mwen pa t janm fè yo rekonèt Mwen.
4 I also confirmed my covenant with them, to give them Canaan, land where they lived as foreigners. Mwen te anplis etabli akò Mwen avèk yo, pou bay yo peyi Canaran an, peyi kote yo te rete kon etranje.
5 I have also heard the groaning of the Israelites, whom the Egyptians enslave, and remembered my covenant. Anplis de sa, Mwen tande kri fis Israël yo, akoz Ejipsyen yo k ap kenbe yo nan esklavaj, e Mwen sonje akò Mwen an.”
6 Tell Israel's sons: I am your Father. I will bring you out from under Egypt's burdens, rescue you from their slavery, and redeem you with an extended arm and great judgments. “Pou sa, di a fis Israël yo: ‘Mwen menm se SENYÈ a. Mwen va mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo, e Mwen va delivre nou anba esklavaj pa yo a. Mwen va anplis delivre nou avèk yon bra byen lonje, e avèk gwo jijman.
7 I'll take you as my children, be your Father. You'll know I am your Father, freeing you from under Egypt's burdens. “‘Alò, Mwen va pran nou kòm pèp pa m, e Mwen va Bondye pa nou; epi nou va konnen ke Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa nou an, ki te mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo.
8 I will bring you to the land I swore, hand raised, to give to Abraham, to Isaac, and to Jacob, and give it to you as a possession. I am your Father." Mwen va mennen nou nan peyi ke M te sèmante pou bay a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen va bannou li kòm posesyon. Mwen menm se SENYÈ a.’”
9 Moses told the Israelites this, but they wouldn't listen to Moses because of their broken spirit and their harsh slavery. Alò Moïse te pale konsa avèk fis Israël yo, men yo pa t koute Moïse akoz dekourajman avèk esklavaj di a.
10 Then our Father said to Moses, Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
11 "Go, tell Pharaoh king of Egypt to let the Israelites go out of his land." “Ale pale Farawon, wa Égypte la, pou kite fis Israël yo sòti deyò peyi li a.”
12 But Moses said in our Father's presence, "If the Israelites won't listen to me, why would Pharaoh? I speak poorly." Men Moïse te pale devan SENYÈ a e te di: “Gade byen, fis Israël yo pa t koute mwen. Alò, kijan Farawon ap koute mwen, paske mwen manke swa nan pale?”
13 Now our Father spoke to Moses and Aaron, ordering them regarding the Israelites and Pharaoh king of Egypt, to bring the Israelites out of Egypt. Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse avèk Aaron. Li te bay yo yon lòd pou fis Israël yo ak pou Farawon, wa Égypte la pou mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la.
14 Heads of their fathers' houses: Reuben's sons, Israel's firstborn—Hanoch, Pallu, Hezron, Carmi. These were Reuben's clans. Sa yo se te chèf an tèt yo pou lakay papa yo. Fis Ruben yo, premye ne a Israël la: Hénoc, Pallu, Hetsron avèk Carmi.
15 Simeon's sons: Jemuel, Jamin, Ohad, Jachin, Zohar, and Shaul son of a Canaanite woman—Simeon's clans. Fis Siméon yo: Jemuel, Jamin, Ohad, Jakin, ak Tsochar; epi Saül, fis a yon fanm Canaran. Sa yo se fanmi Siméon yo.
16 Sons of Levi by their generations: Gershon, Kohath, Merari. Levi lived 137 years. Men non a fis Lévi yo avèk posterite pa yo: Guerschon, Kehath, ak Merari. Ane ke Lévi te viv yo se te san-trant-sèt ane.
17 The sons of Gershon: Libni and Shimei, by their clans. Fis Guerschon yo: Libni e Schimeï selon fanmi pa yo.
18 The sons of Kohath: Amram, Izhar, Hebron, and Uzziel. Kohath lived 133 years. Fis Kehath yo: Amram, Jitsehar, Hébron, avèk Uziel. Ane Kehath te viv yo te de-san-trann-twa ane.
19 The sons of Merari: Mahli and Mushi. These were the clans of Levi according to their generations. Fis Merari yo: Machli avèk Muschi. Sa yo se fanmi Lévi yo, avèk posterite pa yo.
20 Amram married his father's sister Jochebed; she bore him Aaron and Moses. He lived 137 years. Amram te pran pou fanm Jokébed, tant li an; epi li te fè Aaron avèk Moïse. Ane ke Amram te viv yo te de-san-trann-sèt ane.
21 The sons of Izhar: Korah, Nepheg, and Zichri. Fis Jitsehar yo: Koré, Népheg avèk Zicri.
22 The sons of Uzziel: Mishael, Elzaphan, and Sithri. Fis Uziel yo: Mischaël, Eltsaphan ak Sithri.
23 Aaron married Elisheba daughter of Amminadab, sister of Nahshon; she bore him Nadab, Abihu, Eleazar, and Ithamar. Aaron te pran pou fanm Élischéba, fi ki pou Amminidab la, sè Nachschon an; epi li te fè pou li Nadab, Abihu, Éléazar avèk Ithamar kòm pitit.
24 The sons of Korah: Assir, Elkanah, and Abiasaph. These were the clans of the Korahites. Fis Koré yo; Assir, Elkana, avèk Abiasaph. Sa yo se fanmi tribi Korit yo.
25 Eleazar, Aaron's son, married one of Putiel's daughters; she bore him Phinehas. These are heads of Levite houses, by clan. Éléazar, fis Aaron an, te marye ak youn nan fi Puthiel yo, e li te fè Phinées kòm pitit. Sa yo se chèf an tèt Levit yo selon fanmi pa yo.
26 This was Aaron and Moses whom our Father told, "Bring Israel out of Egypt by their divisions." Se tout sa yo ke Senyè te pale lè l te di Aaron avèk Moïse: “Mennen fis Israël yo deyò nan peyi Égypte la selon chèf lame pa yo.”
27 These spoke to Pharaoh king of Egypt to bring the Israelites out of Egypt: Moses and Aaron. Se te menm sa yo ki te pale avèk Farawon, wa Égypte la, pou fè yo mennen fis Israël yo sòti an Égypte. Se te menm Moïse avèk Aaron sa a.
28 Now on the day our Father spoke to Moses in the land of Egypt, Alò li te vin rive nan jou ke SENYÈ a te pale ak Moïse nan peyi Égypte la,
29 our Father told him, "I am your Father. Tell Pharaoh king of Egypt all I tell you." ke SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: “Mwen se SENYÈ a. Pale ak Farawon, wa Égypte la, tout sa ke M pale ak ou yo.”
30 But Moses said before our Father, "Since I speak poorly, how will Pharaoh listen to me?" Men Moïse te di devan SENYÈ a: “Gade byen, lèv mwen yo pa sikonsi. Konsa, kijan Farawon va koute mwen?”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]