Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father told Moses, "See, I have made you as God to Pharaoh, and Aaron your brother will be your prophet. SENYÈ a te di a Moïse: “Ou wè, Mwen fè ou vin tankou Bondye devan Farawon; epi frè ou a Aaron va pwofèt ou.
2 You will speak all I command you; Aaron your brother will tell Pharaoh to send the Israelites out of his land. Ou va pale tout sa ke mwen te kòmande ou yo. E frè ou a, Aaron va pale avèk Farawon pou li kite fis Israël yo ale sòti nan peyi li a.
3 But I will harden Pharaoh's heart and multiply my signs and wonders in the land of Egypt. “Mwen va fè kè Farawon vin di, e mwen va miltipliye sign ak mèvè mwen yo nan peyi Égypte la.
4 Pharaoh won't listen to you, so I'll set my hand against Egypt and bring my armies—my people, Israel's descendants—out of the land of Egypt through great judgments. Men Farawon an pa p koute ou, epi konsa Mwen va mete men M sou Égypte. Mwen va mennen lame Mwen yo, pèp Mwen an, fis Israël yo, pou soti deyò peyi Égypte la avèk gwo jijman yo.
5 The Egyptians will know I am the Father when I reach out my hand against Egypt and bring Israel's people out from among them." “Ejipsyen yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a lè mwen lonje men M sou Égypte, e fè fis Israël yo sòti nan mitan yo.”
6 Moses and Aaron did so; they did just as our Father had commanded them. Alò, Moïse avèk Aaron te fè jan SENYÈ a te mande yo a; se te konsa yo te Fè l.
7 Now Moses was eighty years old and Aaron eighty-three years old when they spoke to Pharaoh. Moïse te gen katre-ven lane, e Aaron katre-ven-twa, lè yo te pale ak Farawon an.
8 Then our Father said to Moses and Aaron, Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron e te di:
9 when Pharaoh tells you, "Prove yourselves with a wonder," say to Aaron, "Take your staff, throw it down before Pharaoh, and it will become a serpent." “Lè Farawon pale nou pou di: ‘Fè yon mirak,’ alò nou va di a Aaron: Pran baton nou an e jete li atè devan Farawon, pou li kapab vin fè yon sèpan.”
10 Moses and Aaron went to Pharaoh and did as our Father commanded. Aaron threw his staff before Pharaoh and his servants, and it became a snake. Alò, Moïse avèk Aaron te vin vè Farawon, epi konsa yo te fè jis jan ke SENYÈ a te kòmande yo a. Aaron te jete baton li an atè devan Farawon avèk sèvitè li yo, epi li te devni yon sèpan.
11 So Pharaoh also summoned wise men and sorcerers, and Egypt's magicians did the same with their secret arts. Farawon osi te rele nonm saj avèk sa ki fè maji yo. Konsa, yo menm te fè menm bagay la tou. Majisyen nan Égypte yo te fè menm bagay avèk metye sekrè ak wanga pa yo.
12 Each one threw down his staff, and they became serpents. But Aaron's staff swallowed up their staffs. Paske yo chak te jete baton yo atè, e chak te vin fè yon sèpan. Men baton Aaron an te vale lòt baton yo nèt.
13 Pharaoh's heart hardened; he wouldn't listen to them, as our Father had said. Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.
14 Then our Father said to Moses, "Pharaoh's heart is unyielding; he refuses to let the people go. SENYÈ a te di a Moïse: “Kè a Farawon di; li refize kite pèp la ale.
15 Go to Pharaoh in the morning as he goes out to the water. Stand on Nile's bank to meet him, and take in your hand the staff that turned into a snake. Ale kote Farawon nan maten. Gade byen, l ap antre nan dlo. Plase ou menm pou rankontre li arebò lariviyè Nil lan. Ou va pran nan men ou baton ki te vin tounen sèpan an.
16 Say to him: our Father of the Hebrews sent me to you, saying, "Let my people go to serve me in the wilderness." Yet until now you have not listened. Ou va di li: ‘SENYÈ a, Bondye a Ebre yo, te voye m kote ou. Li te di: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen nan dezè a. Men, gade byen, ou pa koute jiska prezan.’”
17 This is what our Father says: "By this you will know I am the Father: look, with the staff in my hand I will strike the Nile's water, and it will turn to blood. Konsa pale SENYÈ a: “Konsa ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a: gade byen, Mwen va frape dlo ki nan Nil lan avèk baton ki nan men m nan, e li va tounen san.
18 Fish in the Nile will die, the Nile will stink, and Egyptians won't be able to bear to drink water from the Nile."'" Pwason ki nan Nil yo va mouri, Nil la va vin santi move, e Ejipsyen yo va twouve ke li difisil pou bwè dlo Nil lan.”
19 Our Father said to Moses, "Tell Aaron: Take your staff and stretch out your hand over Egypt's waters—over their rivers, canals, ponds, and all their reservoirs—and they will become blood. Blood will fill all Egypt, even in vessels of wood and stone." Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Di Aaron: ‘Pran baton ou an, e lonje men ou sou dlo Égypte yo, sou rivyè yo, sou ti dlo ki koule yo, sou ti lak yo, sou rezèvwa pa yo, pou tout kapab vin tounen san. Va gen san toupatou nan tout peyi Égypte la, ni nan veso ki fèt an bwa, ak nan veso an wòch.’”
20 Moses and Aaron did as our Father commanded: before Pharaoh and his servants, Aaron raised the staff and struck the Nile's water, and all its water turned to blood. Moïse avèk Aaron te fè sa ke SENYÈ a te kòmande yo a. Li te leve baton an wo e li te frape dlo ki te nan Nil lan, devan zye a Farawon, devan zye a sèvitè li yo, e tout dlo ki te nan Nil lan te vin tounen san.
21 The fish in the Nile died, the Nile stank, and the Egyptians could not drink water from the Nile. Blood was in all the land of Egypt. Pwason ki te nan Nil yo te mouri, e Nil lan te vin pouri jiskaske Ejipsyen yo pa t kapab bwè dlo Nil lan. Konsa, san an te toupatou nan peyi Égypte la.
22 But Egypt's magicians did the same with their secret arts. So Pharaoh's heart stayed hard; he wouldn't listen to them, as our Father had said. Men majisyen an Égypte yo te fè menm bagay la avèk metye maji pa yo. Pou sa a, kè a Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan Bondye te di a.
23 Pharaoh turned and went into his house, and he did not take even this to heart. Alò, Farawon te vire antre lakay li. Li pa t pran sa akè.
24 All the Egyptians dug along the Nile for water to drink, since they couldn't drink the Nile's water. Tout Ejipsyen yo te fouye akote larivyè Nil lan pou jwenn dlo pou yo bwè, akoz ke yo pa t kab bwè dlo larivyè Nil lan.
25 Seven full days passed after our Father struck the Nile. Sèt Jou te pase apre SENYÈ a te frape Nil lan.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]