Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then our Father told Moses, "Go to Pharaoh and tell him, 'This is what our Father says: Let my people go, so they may serve me.'" Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Ale kote Farawon e di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: Kite pèp Mwen an ale pou yo kab sèvi Mwen.
2 But if you refuse to let them go, I will plague your whole country with frogs. Men si ou refize kite yo ale, m ap frape tout teritwa ou a avèk krapo.
3 The Nile will swarm with frogs that come up and enter your house, bedroom, and bed, the houses of your servants and people, your ovens and kneading bowls. Nil lan va fòmante avèk krapo ki vin monte antre lakay ou, nan chanm dòmi ou, sou kabann ou, nan kay a sèvitè ou, sou pèp ou a, nan fou ou yo, ak nan veso pou fè pen yo.
4 The frogs will come up on you, on your people, and on all your servants."'" Epi krapo yo va monte sou ou menm, avèk pèp ou a, avèk sèvitè ou yo.’”
5 And our Father said to Moses, "Tell Aaron: 'Stretch out your hand with your staff over the rivers, canals, and pools, and bring up the frogs over the land of Egypt.'" Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: ‘Lonje men ou avèk baton ou an sou rivyè yo, sou dlo k ap koule yo, sou ti lak yo, e fè krapo yo vin parèt sou peyi Égypte la.’”
6 Aaron stretched his hand over the waters of Egypt, and frogs came up and covered the land of Egypt. Konsa, Aaron te lonje men l sou dlo Égypte yo, e krapo te vin kouvri peyi Égypte la.
7 But the magicians did the same with their secret arts, bringing frogs up over the land of Egypt. Majisyen yo te fè menm bagay la avèk metye sekrè pa yo, e te fè krapo yo monte sou peyi Égypte la.
8 Pharaoh summoned Moses and Aaron and said, "Plead with God to remove the frogs from me and my people, and I will let the people go to sacrifice to God." Alò, Farawon te rele Moïse avèk Aaron e te di: “Soupliye SENYÈ a pou Li retire krapo yo sou mwen, ak pèp mwen an, epi mwen va kite pèp la ale pou yo kapab fè sakrifis a SENYÈ a.”
9 Moses said to Pharaoh, "The honor is yours—set the time yourself: when should I pray for you, your servants, and your people, that the frogs be cut off from you and your houses, left only in the Nile?" Moïse te di a Farawon: “Desizyon an se pa w: fè m konnen kilè ou ta vle m soupliye pou ou avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a ke krapo sa yo vin detwi pami nou, ak lakay nou, pou yo kapab vin rete sèlman nan larivyè Nil lan.”
10 "Tomorrow," he said. Moses replied, "As you say, so you'll know no one is like our Father. Alò li te reponn: “Demen”. Moïse te di: “Selon mo pa w, pou ou kapab konnen ke nanpwen anyen ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an,
11 The frogs will leave you, your houses, your servants, and your people, remaining only in the Nile." Krapo yo va pati kite nou, lakay nou yo ak sèvitè nou yo, ak pèp nou an'. Yo va vin rete sèlman nan larivyè Nil lan.”
12 Moses and Aaron left Pharaoh, and Moses cried out to our Father about the frogs our Father had brought on Pharaoh. Konsa, Moïse avèk Aaron te sòti devan Farawon, e Moïse te kriye a SENYÈ a, konsènan krapo yo avèk sila li te aflije Farawon yo.
13 And our Father did as Moses asked. The frogs died in the houses, the courtyards, and the fields. SENYÈ a te fè selon pawòl Moïse la. Krapo yo te mouri nan kay yo, nan lakou yo, ak nan chan yo.
14 They piled them in heaps upon heaps, and the land stank. Yo te fè gwo pil avèk yo, e peyi a te vin santi pouriti.
15 But when Pharaoh saw there was relief, he hardened his heart and would not listen to them, as our Father had said. Men lè Farawon te vin wè sa te rezoud, li te fè kè di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.
16 Then our Father told Moses, "Tell Aaron: Stretch out your staff and strike the dust of the ground, and it will become gnats throughout all the land of Egypt." Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: ‘Lonje baton ou an e frape pousyè tè a, pou li kapab devni ti mouch fen nan tout vale an Égypte yo.’”
17 They did so. Aaron stretched out his hand with his staff and struck the ground's dust, and gnats came on people and animals. All the ground's dust became gnats throughout the whole land of Egypt. Yo te fè sa; Aaron te lonje men l avèk baton li an, li te frape pousyè tè a, e te vin gen ti mouch fen sou moun, ak sou bèt yo. Tout pousyè tè a te devni ti mouch nan tout peyi Égypte la.
18 The magicians tried their secret arts to make gnats, but failed. Gnats covered people and animals. Majisyen yo te eseye avèk metye maji pa yo pou pwodwi ti mouch fen yo, men yo pa t kapab. Te gen ti mouch yo ni sou moun, ni sou bèt.
19 The magicians told Pharaoh, "This is the finger of God." But Pharaoh's heart stayed hard; he wouldn't listen to them, as our Father had said. Alò, majisyen yo te di a Farawon: “Sa se dwat Bondye.” Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.
20 Then our Father said to Moses, "Get up early in the morning and stand before Pharaoh as he goes out to the water. Tell him, 'This is what our Father says: Let my people go, so they may serve me. Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten, e prezante ou devan Farawon, pandan l ap sòti nan dlo a, e di li: ‘Se konsa ke SENYÈ a pale: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.’”
21 "If you won't let my people go, I'll send flies swarming on you, your servants, your people, and your houses. Egyptian houses will be full of flies, and even the ground they stand on. “Paske si ou pa kite pèp Mwen an ale, gade byen, Mwen va voye desann gwo mouch sou sèvitè ou yo, sou pèp ou a, ak anndan lakay ou yo. Kay Ejipsyen yo va vin ranpli avèk desant mouch, ak sou tè kote yo ap viv la.
22 On that day I will set apart the land of Goshen, where my people live, so no flies swarm there, so you will know I, your Father, am in the land's midst. “Nan jou sa a, Mwen va mete apa peyi Gosen, kote pèp Mwen an ap viv la, pou desant mouch yo pa rive la, pou ou ka konnen ke Mwen, SENYÈ a sou latè a.
23 I will make a distinction between my people and your people. Tomorrow this sign will happen.'" Mwen va mete yon divizyon antre pèp Mwen an ak pèp pa w la. Demen sign sa a va parèt.”
24 So our Father did. Thick swarms of flies filled Pharaoh's house and his servants' houses; throughout all the land of Egypt, the land was ruined by the swarms. Alò SENYÈ a te fè sa. Te vini gran desant gwo mouch nan kay Farawon an ak kay sèvitè pa li yo, e peyi a te vin devaste akoz desant gwo mouch yo nan tout peyi Égypte la.
25 Pharaoh summoned Moses and Aaron and said, "Go, sacrifice to your God in the land." Farawon te rele Moïse avèk Aaron. Li te di: “Ale fè sakrifis a Bondye nou an pa anndan peyi a.”
26 But Moses said, "That wouldn't be right—what we sacrifice to our Father is detestable to the Egyptians. If we sacrifice what is detestable to them before their eyes, will they not stone us? Men Moïse te di: “Li pa bon pou nou fè sa, paske nou va fè sakrifis a SENYÈ a ki se yon abominasyon pou Ejipsyen yo. Si nou fè sakrifis ki se yon abominasyon pou Ejipsyen yo, èske yo p ap lapide nou avèk kout wòch?
27 We must go a three days' journey into the wilderness and sacrifice to our Father, as he commands us." Nou dwe fè yon vwayaj twa jou nan dezè a, pou fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an, jan Li kòmande nou an.”
28 Pharaoh said, "I will let you go and sacrifice to the LORD your God in the wilderness—only don't go too far away. Plead for me." Farawon te di: “M ap kite nou ale, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye pa w la nan dezè a; men nou p ap prale lwen. Priye pou Mwen.”
29 Then Moses said, "As soon as I leave you, I will plead with our Father, and tomorrow the swarms of flies will leave Pharaoh, his servants, and his people. Only let Pharaoh not deceive again by refusing to let the people go and sacrifice to our Father." Alò, Moïse te di: “Gade byen, Mwen ap sòti devan ou, mwen va priye a SENYÈ a pou desant mouch yo sòti sou Farawon, sou sèvitè li yo, ak sou pèp li a demen; men pinga kite Farawon aji an desepsyon ankò pou refize kite pèp la ale pou fè sakrifis a SENYÈ a.”
30 So Moses went out from Pharaoh and pleaded with our Father. Alò, Moïse te sòti devan Farawon, e li te priye a SENYÈ a.
31 As Moses asked, our Father removed the swarms of flies from Pharaoh, his servants, and his people—not one remained. SENYÈ a te fè jan Moïse te mande a, Li te fè desant gwo mouch yo vin disparèt sou Farawon, sou sèvitè li yo, ak sou pèp li a. Pa t gen youn ki te rete.
32 But Pharaoh hardened his heart this time also, and he would not let the people go. Men Farawon te andisi kè l fwa sa a ankò, e li pa t kite pèp la ale.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]