Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 48 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After this, Joseph was told, "Look, your father is sick." So he took his two sons, Manasseh and Ephraim. Alò, li te rive ke apre bagay sa yo, ke Joseph te vin enfòme: “Gade byen, papa ou malad.” Li te pran de fis li yo, Manassé ak Éphraïm avèk li.
2 Jacob was told, "Look, your son Joseph has come to you." Israel mustered his strength and sat up on the bed. Epi moun yo te pale a Jacob: “Gade byen, fis ou a, Joseph gen tan vin kote ou.” Konsa, Israël te ranmase fòs li. Li te chita sou kabann nan.
3 Jacob told Joseph, "El Shaddai—our Father Almighty—appeared to me at Luz in the land of Canaan and blessed me. Epi Jacob te di a Joseph: “Bondye Toupwisan an te parèt a mwen nan Luz nan peyi Canaan an e Li te beni mwen.
4 He said to me, 'I will make you fruitful, multiply you, and make you into a group of peoples; I will give this land to your offspring after you as an everlasting possession.' Li te di mwen: ‘Gade byen, Mwen va fè nou donnen anpil fwi, e miltipliye anpil. Mwen va fè ou vin yon konpanyen pèp la, e Mwen va bay peyi sa a a desandan aprè ou, kòm posesyon k ap dire pou tout tan.’
5 Now, your two sons born to you in Egypt before I came to you here are mine. Ephraim and Manasseh will be mine, like Reuben and Simeon. “Alò, de fis ou yo ki te fèt a ou menm nan peyi Égypte la avan mwen te vin kote ou an Égypte la, se pa m. Éphraïm avèk Manassé se pou mwen, menm jan ke Ruben avèk Siméon va pou mwen.
6 But children you father after them are yours; they'll be called under their brothers' names in their inheritance. Men pitit ou yo ki te fèt apre yo, va pou ou. Yo va rele selon non frè pa yo nan eritaj yo.
7 As for me, when I came from Paddan, Rachel died beside me in the land of Canaan, on the way, still some distance from Ephrath; I buried her there on the way to Ephrath" (that is, Bethlehem). Alò, pou mwen, lè m te retounen nan Paddan, Rachel te mouri, nan tristès mwen, nan peyi Canaan an pandan vwayaj la, lè te toujou gen yon distans pou rive nan Ephrata (ki vle di Bethléem).”
8 When Israel saw Joseph's sons, he said, "Who are these?" Lè Israël te wè fis a Joseph yo, li te di: “Kilès moun sa yo ye?”
9 Joseph said to his father, "These are my sons, whom our Father gave me here." He said, "Please bring them to me, so I may bless them." Joseph te di a papa li: “Sa yo se fis mwen yo, ke Bondye te ban mwen isit la.” Epi li te di: “Mennen yo isit souple, pou m kapab beni yo.”
10 Israel's eyes were dim with age—he couldn't see well. So Joseph brought them close to him, and he kissed and embraced them. Alò, zye Israël yo te tèlman vin fèb akoz laj ke li pa t kapab wè. Epi Joseph te mennen yo toupre li, li te bo yo e li te anbrase yo.
11 Israel told Joseph, "I never expected to see your face—now our Father has even let me see your offspring." Israël te di a Joseph: “Mwen pa t janm sipoze ke m ta wè figi ou, e gade byen, Bondye kite mwen wè pitit ou yo tou.”
12 Then Joseph took them from between his father's knees and bowed with his face to the ground. Epi Joseph te mennen yo soti antre jenou li yo, e te bese ba avèk figi li jis atè.
13 Joseph took both—Ephraim in his right hand, toward Israel's left, Manasseh in his left, toward Israel's right—and brought them near him. Joseph te pran yo toude, Ephraïm nan men dwat li vè bò goch Israël, e nan men goch li, Manassé vè bò dwat Israël. Konsa, li te mennen yo toupre li.
14 Israel reached out his right hand and put it on Ephraim's head—the younger—then his left hand on Manasseh's head, crossing his hands—for Manasseh was the firstborn. Men Israël te lonje men dwat li, li te mete li sou Éphraïm, ki te pi jenn nan, e men goch li te sou tèt Manassé, avèk men l kwaze, poutan Manassé te premye ne.
15 Then he blessed Joseph and said, "Our Father, before whom my fathers Abraham and Isaac walked—our Father who has been my shepherd all my life long to this day, Li te beni Joseph, e te di: “Bondye devan sila zansèt mwen yo, Abraham avèk Isaac te mache a, Bondye ki te bèje m nan pandan tout vi m jis rive jounen jodi a,
16 the Messenger who has redeemed me from all evil—bless the boys. May my name live on in them, and the names of my fathers Abraham and Isaac; and may they grow into a multitude in the midst of the earth." zanj ki te rachte mwen de tout mal la, beni jènjan sa yo; epi ke non mwen kapab viv toujou nan yo, e non a zansèt mwen yo, Abraham avèk Isaac. Ke yo kapab grandi vin fè yon gwo pèp nan mitan mond lan.”
17 Joseph saw his father's right hand on Ephraim's head; it upset him, so he grasped his father's hand to move it from Ephraim's head to Manasseh's head. Lè Joseph te vin wè ke papa li te poze men dwat li sou tèt Éphraïm, sa te fè l pa kontan. Li te sezi men papa li pou deplase li sou Éphraïm, ale vè tèt Manassé.
18 Joseph said to his father, "No, my father, for this is the firstborn—put your right hand on his head." Joseph te di papa l: “Se pa sa, papa, paske se sila a ki premye ne a. Mete men dwat ou sou tèt li.”
19 But his father refused and said, "I know, my son, I know. He too will become a people, he too will be great. Yet his younger brother will be greater than him, and his descendants will become many nations." Men papa li te refize. Li te di: “Mwen konnen, fis mwen, mwen konnen. Li osi va devni yon pèp, e li osi va vin gran. Poutan, pi jenn frè li a va pi gran pase li, e desandan li yo va devni yon gran pèp a nasyon yo.”
20 That day he blessed them, saying, "Israel will bless through you, saying, 'May our Father make you like Ephraim and like Manasseh.'" And he put Ephraim before Manasseh. Li te beni yo nan jou sa a, e te di: “Pa nou menm, Israël va eksprime benediksyon li yo e va di: ‘Ke Bondye kapab fè nou tankou Éphraïm ak Manassé!’”
21 Israel said to Joseph, "Look, I am about to die, but our Father will be with you and bring you back to your fathers' land. Konsa, Israël te di a Joseph: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, men Bondye va avèk ou, e Li va mennen ou retounen nan peyi a zansèt ou yo.
22 And to you, rather than to your brothers, I have given one mountain slope that I took from the hand of the Amorites with my sword and with my bow." Mwen bay ou yon pòsyon anplis ke frè ou yo, ke m te pran nan men Amoreyen yo avèk nepe mwen ak banza mwen.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]