Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 47 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Joseph came and told Pharaoh, "My father and my brothers, with their flocks, herds, and all they own, have come from Canaan. They are now in Goshen." Konsa, Joseph te antre pou pale ak Farawon. Li te di: “Papa m avèk frè m yo, bann mouton yo, twoupo yo, avèk tout sa yo posede, te sòti nan peyi Canaan an. Epi gade byen, yo nan peyi Gosen.”
2 From among his brothers he took five men and presented them to Pharaoh. Li te pran senk mesye pami frè li yo, e li te prezante yo bay Farawon.
3 Pharaoh asked Joseph's brothers, "What is your work?" They told Pharaoh, "Your servants tend sheep, we and our fathers alike." Alò, Farawon te di a frè li yo: “Ki metye nou?” Epi yo te di a Farawon: “Sèvitè nou se bèje, ni nou menm, ni zansèt nou yo.”
4 They said to Pharaoh, "We came to live in this land as foreigners, since there's no pasture for your servants' flocks—the famine is severe in Canaan. Now please let your servants settle in Goshen." Yo te di a Farawon: “Nou te vini pou rete tankou etranje nan peyi a, paske nanpwen patiraj pou bann mouton yo paske gwo grangou a rèd nan peyi Canaan. Alò pou sa, souple, kite sèvitè nou yo viv nan peyi Gosen an.”
5 Pharaoh said to Joseph, "Your father and your brothers have come to you. Konsa, Farawon te di a Joseph: “Papa ou avèk frè ou yo te vin kote ou.
6 Egypt lies before you. Settle your father and brothers in the best of the land—let them live in Goshen. If you know capable men among them, put them in charge of my livestock." Peyi Égypte la devan ou, plase papa ou avèk frè ou yo nan pi bon pòsyon tè a, kite yo viv nan peyi Gosen an. Epi si ou konnen moun ak kapasite pami yo, alò, fè yo responsab bèt mwen yo.”
7 Then Joseph brought his father Jacob in and presented him to Pharaoh, and Jacob blessed Pharaoh. Epi Joseph te mennen papa li, Jacob. Li te prezante li bay Farawon, epi Jacob te beni Farawon.
8 Pharaoh asked Jacob, "How many years have you lived?" Farawon te di a Jacob: “Konbyen ane ou gen tan viv?”
9 Jacob answered Pharaoh, "My years as a wanderer are 130. Few and hard, they haven't reached my fathers' years of wandering." Konsa, Jacob te di a Farawon: “Lane lavi m yo sou latè se san-trant. Pa anpil, e degoutan se te ane lavi m yo. Ni yo pa menm fòs avèk lane ke zansèt mwen yo te viv pandan jou lavi pa yo.”
10 Then Jacob blessed Pharaoh and went out from his presence. Konsa, Jacob te beni Farawon, e li te sòti nan prezans li.
11 So Joseph settled his father and brothers, giving them land in Egypt's best territory, the region of Rameses, as Pharaoh had ordered. Epi Joseph te pozisyone papa li, ak frè li yo e li te bay yo yon teren an Égypte, nan pi bon pati nan peyi a, kote Ramsès la, tankou Farawon te kòmande a.
12 Joseph fed his father, his brothers, and all his father's household, by the number of their children. Joseph te founi papa li ak frè li yo, avèk tout lakay li avèk manje, selon fòs kantite pitit pa yo.
13 No food remained in all the land, for the famine was very severe, and the land of Egypt and land of Canaan wasted from the famine. Koulye a, pa t gen manje nan tout peyi a, akoz gwo grangou a te tèlman rèd, ke peyi Égypte la ak peyi Canaan an te febli nèt akoz gwo grangou a.
14 Joseph gathered all the silver found in the land of Egypt and the land of Canaan for the grain they were buying, and Joseph brought the silver into Pharaoh's house. Joseph te ranmase tout lajan ki te twouve nan peyi Égypte la, ak nan peyi Canaan pou sereyal ke yo te achte a, e Joseph te pote lajan an lakay Farawon.
15 When the silver ran out in the land of Egypt and land of Canaan, all the Egyptians came to Joseph, saying, "Give us food! Why should we die before you? Since silver is gone." Lè tout lajan an te fin depanse nan tout peyi Égypte la, ak tout peyi Canaan an, tout Ejipsyen yo te vin vè Joseph, e te di li: “Bannou manje, paske pou ki rezon nou ta dwe mouri nan prezans ou? Paske lajan nou fini.”
16 Joseph answered, "Turn over your livestock; I'll give you food in exchange for your livestock, since your silver's gone." Alò, Joseph te di: “Bay bèt nou yo, e mwen va bannou manje pou bèt yo, paske kòb nou gen tan fini.”
17 They brought their livestock to Joseph, and he gave them bread for the horses, flocks, herds, and donkeys. He provided them bread that year for all their livestock. Epi yo te mennen bèt yo kote Joseph, Joseph te bay yo manje an echanj ak cheval ak bann mouton, twoupo ak bourik. Konsa, li te bay yo manje an echanj ak tout bèt pa yo nan ane sa a.
18 That year ended, and they came to him the second year and said, "We can't hide from my lord that our silver is gone and the livestock belong to my lord; nothing is left for my lord but our bodies and our land. Lè ane sa a te fini, yo te vin kote li nan lane pwochèn, e te di li: “Nou p ap kache a mèt nou ke lajan nou fin depanse, e tout twoupo bèt yo se pou mèt nou. Nanpwen anyen ki rete pou mèt la, sof ke kò nou, ak tè nou yo.
19 Why die before your eyes—we and our land? Buy us and our land for food; we and our land will serve Pharaoh. Give us seed to live, not die, and keep the land from turning desolate." Poukisa nou ta mouri devan zye ou, ni nou menm, ni tè nou yo? Achte nou menm avèk tè nou yo, e nou va vin esklav a Farawon. Epi bannou semans pou nou ka viv, pou nou pa mouri, e pou tè a pa rete vid.”
20 So Joseph bought all Egypt's land for Pharaoh, because each Egyptian sold his field—the famine was too severe for them. The land became Pharaoh's. Alò, Joseph te achte tout tè an Égypte yo pou Farawon, e chak Ejipsyen te vann tè li, akoz ke gwo grangou a te rèd sou yo. Konsa, tè a te vin pou Farawon.
21 He moved the people into the cities, from one end of Egypt to the other. Epi pou pèp la, li te deplase yo pou antre nan vil yo, sòti nan yon pwen fwontyè Égypte la, jis rive nan lòt la.
22 Only he did not buy the priests' land, since Pharaoh gave them a fixed portion they lived on; so they did not sell their land. Se sèl tè prèt yo ke li pa t achte, paske prèt yo te gen yon bous ki te sòti sou Farawon, e yo te viv sou bous ke Farawon te bay yo a. Akoz sa, yo pa t vann tè pa yo a.
23 Joseph told the people, "Look, I have bought you and your land for Pharaoh today. Here's seed—sow the land. Epi Joseph te di a pèp la: “Veye byen, jodi a mwen te achte nou menm avèk tè nou yo pou Farawon. Men semans lan se pou nou, e nou kapab simen nan tè a.
24 At harvest, give Pharaoh a fifth; keep four parts as seed for the field and food for you, your households, and your children." Nan rekòlt la, nou va bay yon senkyèm a Farawon, e kat senkyèm nan ap rete pou nou pou simen nan tè a pou manje pou nou menm avèk sa ki lakay nou yo, ak pou pitit nou yo.”
25 They said, "You saved our lives. May we find favor in my lord's eyes, and we will be Pharaoh's slaves." Epi yo te di: “Ou gen tan sove lavi nou! Kite nou twouve favè nan zye a mèt nou, e nou va vin esklav Farawon.”
26 So Joseph made it law in Egypt—still in force today—that a fifth goes to Pharaoh. Only the priests' land did not become Pharaoh's. Joseph te fè yon règleman selon peyi Égypte la ki valab jis rive jou sa a ke Farawon te gen dwa a yon senkyèm nan. Sèl tè a prèt yo ki pa t vin pou Farawon.
27 Israel lived in Egypt's land, in Goshen's land. They gained property there, and were fruitful and multiplied greatly. Alò, Israël te viv nan peyi Égypte la, nan Gosen. Yo te gen tèren ladann, yo te vin trè pwodiktif, e yo te peple anpil.
28 Jacob lived in Egypt seventeen years; his life totaled 147 years. Jacob te viv nan peyi Égypte pandan disèt ane'. Pou sa, fòs lavi li te san-karant-sèt ane.
29 When Israel's time to die drew near, he called his son Joseph and said, "If I have found favor with you, please put your hand under my thigh and show me faithful love and loyalty. Please don't bury me in Egypt, Lè pou Israël mouri an t ap pwoche. Li te rele fis li, Joseph, e te di li: “Souple, si mwen te twouve favè nan zye ou, koulye a plase men ou anba fant janm mwen, e aji avèk mwen nan bòn fwa ak tandrès. Souple, pa antere mwen an Égypte,
30 but let me lie with my fathers. Carry me out of Egypt and bury me in their tomb." Joseph said, "I will do as you say." men lè m kouche avèk zansèt mwen yo, nou va pote mwen deyò de Égypte, pou antere mwen nan plas antèman a yo menm nan.” Epi Joseph te di: “M ap fè jan ou di m nan.”
31 Jacob said, "Swear to me." Joseph swore to him. Then Israel bowed at the head of his bed. Konsa, li te di: “Sèmante ban mwen.” Epi li te sèmante ba li. Epi Israël te bese pou adore nan tèt kabann nan.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]