Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 46 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So Israel set out with all he had, came to Beersheba, and sacrificed to our Father, whom his father Isaac had worshiped. Epi Israël te pati avèk tout sa li te genyen. Li te vini Beer-Schéba e te ofri sakrifis a Bondye a papa li a, Isaac.
2 And our Father spoke to Israel in visions of the night, "Jacob, Jacob." He said, "Here I am." Bondye te pale avèk Israël nan vizyon nan nwit lan. Li te di: “Jacob, Jacob.” Jacob te reponn: “Men mwen isit la.”
3 He said, "I am your Father, whom your father worshiped. Do not be afraid to go down to Egypt, for there I will make you a great nation. Li te di: “Mwen se Bondye, Bondye a papa ou a. Pa pè desann an Égypte, paske mwen va fè nou vin yon gran nasyon la.
4 I myself will go down with you to Egypt, and I will surely bring you back; and Joseph's own hand will close your eyes." Mwen va desann avèk nou an Égypte. Mwen va anplis, an verite, fè nou monte ankò. Epi se men Joseph ki va fèmen zye ou.”
5 Jacob set out from Beersheba. Israel's sons carried their father Jacob, their little ones, and their wives in the wagons Pharaoh had sent for him. Alò, Jacob te leve kite Beer-Schéba. Fis Israël yo te pote papa yo, Jacob, ak pitit pa yo, ak madanm yo nan cha ke Farawon te voye pou pote yo.
6 They took their livestock and the goods they had acquired in the land of Canaan, and came to Egypt—Jacob and all his offspring with him. Yo te pran tout bèt yo avèk tout byen yo, ke yo te vin gen nan peyi Canaan an, e yo te vini an Égypte, Jacob avèk tout desandan li yo, ansanm
7 His sons and grandsons, daughters and granddaughters—all his offspring he brought with him to Egypt. avèk fis li yo, fis a fis li yo, fi li yo avèk fi a fis li yo, ak tout desandan li yo. Li te mennen tout desandan avèk li, ale an Égypte.
8 These are the names of Israel's sons who came into Egypt—Jacob and his sons: Reuben, Jacob's firstborn. Alò, sa yo se non a fis a Israël yo, Jacob avèk fis li yo ki te ale an Égypte: Reuben, premye ne a Jacob la.
9 The sons of Reuben: Hanoch, Pallu, Hezron, and Carmi. Fis Reuben yo: Hénoc, Pallu, Hetsron, ak Carmi.
10 The sons of Simeon: Jemuel, Jamin, Ohad, Jachin, Zohar, and Shaul the son of a Canaanite woman. Fis Siméon yo: Jemuel, Jamin, Ohad, Jakin avèk Tsochar; e Saul, fis a yon fanm Kananeyen.
11 The sons of Levi: Gershon, Kohath, and Merari. Fis a Levi yo: Guerschon, Kehath, ak Merari.
12 Judah's sons: Er, Onan, Shelah, Perez, Zerah; but Er and Onan died in Canaan. Perez's sons: Hezron and Hamul. Fis a Juda yo: Er, Onan, Schéla, Pérets, ak Zarach. Men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaan. Fis a Pérets yo te Hetsron, avèk Hamul.
13 The sons of Issachar: Tola, Puvah, Iob, and Shimron. Fis a Issacar yo: Tholy, Puva, Job, ak Schimron.
14 The sons of Zebulun: Sered, Elon, and Jahleel. Fis a Zabulon yo: Séred, Élon avèk Jahleel.
15 These are Leah's sons, born to Jacob in Paddan-aram, with his daughter Dinah; his sons and daughters numbered thirty-three. Sila yo se fis a Léa yo, ke li te fè pou Jacob nan Paddan-Aram, avèk fis li, Dina; tout fis li yo ak fi li yo te vin monte a trant-twa.
16 The sons of Gad: Ziphion, Haggi, Shuni, Ezbon, Eri, Arodi, and Areli. Fis a Gad yo: Tsiphjon, Haggi, Schuni, Etsbon, Éri, Arodi avèk Areéli.
17 Asher's sons: Imnah, Ishvah, Ishvi, Beriah, and their sister Serah. Beriah's sons: Heber and Malchiel. Fis Aser yo: Jimna, Jischva, Jischvi, ak Beria; e sè yo, Sérach. Epi fis Beria yo: Héber avèk Malkiel.
18 These are the sons of Zilpah, whom Laban gave to his daughter Leah; she bore these to Jacob—sixteen in all. Sila yo se fis a Zilpha, sila ke Laban te bay a fi li Léa a; epi li te fè pou Jacob sèz moun sa yo.
19 The sons of Rachel, Jacob's wife: Joseph and Benjamin. Fis a Rachel yo, madanm a Jacob la: Joseph avèk Benjamin.
20 Manasseh and Ephraim were born to Joseph in Egypt by Asenath, daughter of Potiphera, priest of On. Alò, a Joseph nan peyi Égypte la, te ne Manassé ak Éphraïm, ke Asenath, fi a Poti-Phéra a, prèt On an te fè pou li.
21 The sons of Benjamin: Bela, Becher, Ashbel, Gera, Naaman, Ehi, Rosh, Muppim, Huppim, and Ard. Fis a Benjamin yo: Béla, Béker, Aschbel, Guéra, Naaman, Éhi, Rosch, Muppim, Huppim, ak Ard.
22 These are the sons of Rachel who were born to Jacob—fourteen persons in all. Sila yo se fis a Rachel yo, ki te fèt a Jacob; te gen katòz moun antou.
23 The sons of Dan: Hushim. Fis a Dan yo: Huschim.
24 The sons of Naphtali: Jahzeel, Guni, Jezer, and Shillem. Fis a Nephtali yo: Jathtseel, Guni, Jetser, ak Schillem.
25 These are Bilhah's sons, whom Laban gave to his daughter Rachel; she bore these to Jacob—seven in all. Sila yo se fis a Bilha yo, ke Laban te bay a fi li, Rachel, e li te fè sa yo pou Jacob; te gen sèt moun antou.
26 Jacob's direct descendants who came to Egypt—excluding his sons' wives—totaled sixty-six. Tout moun ki te pou Jacob yo te vini an Égypte, desandan ki te sòti dirèk sou li menm yo, san kontwole madanm a fis Jacob yo te swasant sis moun antou.
27 Joseph had two sons born in Egypt. Jacob's household that came to Egypt numbered seventy in all. Fis a Joseph ki te fèt pou li an Égypte yo te de. Tout moun lakay Jacob ki te vini an Égypte yo te swasann-dis.
28 Jacob sent Judah ahead to Joseph to lead the way to Goshen; they reached the land of Goshen. Alò, li te voye Juda devan li vè Joseph, pou montre li chemen an devan l nan Gosen, epi yo te vini nan peyi Gosen.
29 Joseph readied his chariot and went up to Goshen to meet his father Israel. He appeared to him, fell on his neck, and wept on his neck a long time. Joseph te prepare cha li, li te monte Gosen pou rankontre papa li, Israël. Depi li te parèt devan li, li te tonbe nan kou li e li te kriye nan kou li pandan anpil tan.
30 Israel said to Joseph, "Now let me die, since I've seen your face and you're still alive." Konsa Israël te di a Joseph: “Koulye a kite mwen mouri, paske mwen gen tan wè figi ou, ke ou toujou vivan.”
31 Joseph told his brothers and his father's household, "I will go up and tell Pharaoh, and say to him, 'My brothers and my father's household, who were in Canaan, have come to me. Joseph te di a frè l yo e a lakay papa li: “Mwen va monte pou pale ak Farawon, e mwen va di li: ‘Frè m yo avèk lakay papa m, ki te nan peyi Canaan an vin kote mwen.
32 The men are shepherds, for they have been keepers of livestock; they've brought their flocks, herds, and all they have.' Mesye sa yo se bèje, paske yo te konn okipe bèt. E yo te mennen bann mouton pa yo avèk twoupo pa yo, ak tout sa yo posede.’
33 When Pharaoh calls you and says, 'What is your occupation?' “Lè Farawon rele nou e di: ‘Kisa nou fè kòm metye.’
34 you will say, 'Your servants have raised livestock from our youth until now, we and our fathers,' so you may settle in Goshen; for every shepherd is detestable to the Egyptians." Nou va di: ‘Sèvitè ou yo ap okipe bèt depi lè nou te jenn jis rive koulye a, ni nou menm, ni papa nou yo,’ pou nou kapab viv nan peyi Gosen; paske tout bèje se yon abominasyon pou Ejipsyen yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]