Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 45 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Joseph could not control himself before everyone standing by him, so he cried out, "Send everyone away from me!" No one stayed with him when Joseph made himself known to his brothers. Alò, Joseph pa t kapab kontwole emosyon li devan tout moun sa yo ki te kanpe akote li yo. Li te kriye: “Fè tout moun kite mwen.” Konsa pa t gen pèsòn avèk li lè Joseph te revele li menm a frè l yo.
2 He wept so loudly that the Egyptians heard it, and Pharaoh's household heard it. Li te kriye tèlman fò ke Ejipsyen yo te tande l. Menm lakay Farawon te tande l.
3 Joseph said to his brothers, "I am Joseph! Is my father still alive?" His brothers could not answer him, for they were terrified at his presence. Alò, Joseph te di a frè li yo: “Mwen se Joseph! Èske papa m toujou vivan?” Men frè l yo pa t kapab reponn li, paske yo te plen de gwo perèz akoz prezans li.
4 Joseph said to his brothers, "Please, come close to me." They came close. He said, "I am your brother Joseph, whom you sold into Egypt. Alò, Joseph te di a frè li yo: “Souple, vin pi pre m.” Epi yo te vin pi pre. Li te di: “Mwen se frè nou, Joseph, ke nou te vann pou ale an Egypte la.
5 Now don't be distressed or angry with yourselves for selling me here, since our Father sent me ahead of you to preserve life. Alò, pinga nou tris ni fache avèk pwòp tèt nou, akoz ke nou te vann mwen isit la, paske Bondye te voye m avan nou pou prezève lavi nou.
6 Famine has been in the land two years now; five more years remain with no plowing or harvest. Paske gwo grangou a te nan peyi sa pou dezane sa yo, e gen senk an toujou ki p ap gen ni raboure tè ni rekòlt.
7 Our Father sent me ahead of you to preserve a remnant for you on earth, and keep you alive as a great band of survivors. Bondye te voye m devan nou pou prezève yon retay sou latè, e pou kenbe nou vivan pa yon gwo delivrans.
8 So now, it wasn't you who sent me here, but our Father—he made me father to Pharaoh, lord of all his household, and ruler over all the land of Egypt. “Alò, pou sa, se pa te nou ki te voye m isit la, men Bondye. Li te fè m yon papa pou Farawon, mèt pou tout lakay li, e gouvènè sou tout peyi Égypte la.
9 Hurry, go up to my father, tell him: Your son Joseph says: Our Father has made me lord of all Egypt. Come down to me; don't delay. “Fè vit, monte vè papa m pou di l: ‘Se konsa ke fis ou a, Joseph pale: “Bondye gen tan fè m mèt pou tout Égypte la. Fè vit, vin desann kote mwen, e pa mize.”
10 You'll live in Goshen, near me—you, your children, your children's children, your flocks, your herds, all you own. Nou va viv nan peyi Gosen an, e nou va pre mwen, nou menm avèk pitit nou yo, pitit a pitit nou yo, bann mouton nou yo, avèk twoupo nou yo, ak tout sa ke nou genyen.’”
11 I will provide for you there—five years of famine remain—so you, your household, and all you own don't fall into poverty. La, mwen va osi fè pwovizyon pou nou, paske toujou ap gen senk ane ak gwo grangou e nou menm avèk lakay nou ak tout sa nou genyen ta kapab vin megri.
12 Your eyes see, and my brother Benjamin's eyes see, that it is my own mouth speaking to you. Gade byen, zye nou wè, e zye a frè m nan Benjamin wè, ke se pwòp bouch mwen k ap pale ak nou.
13 Tell my father all my honor in Egypt, and all you have seen. Hurry and bring my father down here. Koulye a nou gen pou di papa m tout richès mwen gen an Égypte, ak tout sa nou te wè. Nou gen pou prese mennen papa m desann isit la.”
14 Then he threw his arms around his brother Benjamin and wept, and Benjamin wept on his neck." Konsa, li te tonbe nan kou a frè l, Benjamin, e li te kriye nan kou li.
15 He kissed all his brothers and wept over them. After that his brothers talked with him. Li te bo tout frè li yo, li te kriye sou yo, e apre frè l yo te pale avèk li.
16 News reached Pharaoh's house: "Joseph's brothers have come." It pleased Pharaoh and his officials. Alò, lè nouvèl la te tande kote lakay Farawon, ke frè Joseph yo te vini, sa te fè Farawon kontan, ni sèvitè li yo.
17 Pharaoh said to Joseph, "Say to your brothers: do this—load your animals, go, return to the land of Canaan. Epi Farawon te di a Joseph: “Pale a frè ou yo, ‘Men sa pou fè; chaje bèt nou pou ale nan peyi Canaan.
18 Take your father and your households and come to me. I will give you the best of Egypt's land, and you will eat the richness of the land. Pran papa ou avèk fanmi nou yo, e vini kote mwen, mwen va bannou pi bon tè an Égypte yo, e nou va manje tout grès tè a.’”
19 You are commanded: tell them, 'Do this—take wagons from Egypt for your children and wives, bring your father, and come. “Koulye a mwen pase lòd: ‘Fè sa: pran cha ki sòti an Égypte yo pou pitit nou yo ak madanm nou yo, e mennen papa nou vini.
20 Don't worry about your belongings—the best of all Egypt's land is yours.'" Pa okipe nou de byen nou yo, paske tout sa ki pi bon nan tout peyi Égypte la se pou nou.’”
21 The sons of Israel did so; Joseph gave them wagons per Pharaoh's order, and gave them provisions for the road. Alò, fis Israël yo te fè sa. Epi Joseph te bay yo cha yo selon kòmann Farawon an, e li te bay yo pwovizyon pou vwayaj la.
22 He gave each a change of clothes, but Benjamin 300 pieces of silver and five changes of clothes. A yo chak, li te bay echanj abiman, men a Benjamin li te bay twa san pyès an ajan, ak senk echanj abiman.
23 He sent his father ten donkeys loaded with Egypt's best, and ten female donkeys loaded with grain, bread, and food for his journey. A papa li, li te voye kòm swivan: dis bourik chaje avèk pi bon bagay Égypte kab pwodwi, dis bourik femèl chaje avèk sereyal ak pen, ak nouriti pou papa l nan vwayaj la.
24 He sent his brothers off; as they left, he said, "Don't quarrel on the way." Konsa, li te voye frè li yo pati, e pandan yo t ap sòti, li te di yo: “Pa goumen nan vwayaj la.”
25 So they left Egypt and came to their father Jacob in Canaan. Alò yo te kite Égypte monte, e yo te vini nan peyi Canaan kote papa yo, Jacob.
26 They told him, "Joseph is still alive—ruler over all Egypt!" But his heart went numb; he didn't believe them. Yo te pale li, e yo te di li konsa: “Joseph toujou vivan! Vrèman, li se Gouvènè tout peyi Égypte la!” Men kè Jacob te febli. Li pa t kwè yo.
27 But when they told him all Joseph's words to them, and he saw the wagons Joseph sent to carry him, their father Jacob's spirit revived. Yo te di li tout pawòl ke Joseph te pale yo. Men lè li te wè cha yo ke Joseph te voye pou mennen li an, lespri papa yo, Jacob, te remonte.
28 Israel said, "Enough! Joseph my son is still alive. I will go and see him before I die." Alò, Israël te di: “Sa sifi! Fis mwen an, Joseph toujou ap viv. M ap prale wè l avan ke m mouri.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]