Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 44 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then he told his house steward: "Fill the men's sacks with food, as much as they can carry, and put each man's silver at his sack's opening. Alò, li te pase lòd a chèf domestik la e te di: “Ranpli sak yo avèk manje, tout sa ke yo kapab pote, e mete kòb a chak moun nan bouch sak li.
2 Put my cup, the silver cup, in the mouth of the youngest's sack, with his grain money." He did as Joseph said. Plase tas mwen an, tas fèt an ajan an nan bouch sak pi jenn nan, ansanm ak kòb li pou sereyal la.” Epi sa te fèt jan Joseph te mande a.
3 As soon as the morning was light, the men were sent away with their donkeys. Depi li te fè klè, mesye yo te voye ale, yo menm avèk bourik yo.
4 They had left the city, not yet far off, when Joseph told his steward, "Chase down the men. When you catch them, ask, 'Why have you repaid evil for good? Yo te fenk kite vil la, e yo pa t byen lwen lè Joseph te di a chèf domestik li a: “Leve, swiv mesye sa yo. Lè nou rive sou yo, di yo konsa: ‘Poukisa nou rekonpanse mal pou byen?
5 Isn't this the cup my lord drinks from and uses for fortune-telling? What you've done is evil.'" Èske tas sa a se pa sila ke mèt mwen an bwè ladann, e sèvi pou divinasyon an? Nou te fè mal lè nou te fè sa.’”
6 When he overtook them, he spoke these words to them. Alò, li te rive sou yo, e li te pale pawòl sa ak yo.
7 They said, "Why does my lord say such things? Your servants would never do such a thing. Yo te di li: “Poukisa mèt mwen an pale kalite pawòl sila yo? Sa lwen mwen pou m ta fè yon bagay konsa.
8 Look, we brought back to you from Canaan the silver we found in our sacks' openings. How could we steal silver or gold from your master's house? Gade byen, lajan ke nou te twouve nan bouch sak nou yo, nou te pote yo bannou soti nan peyi Canaan. Alò, kijan nou ta ka vòlè lò, oswa lajan lakay mèt la?
9 Whichever of your servants it's found with will die, and we'll become my lord's slaves too." Avèk nenpòt kilès nan sèvitè nou yo ke nou ta twouve l, ke li mouri, e nou osi, nou va devni esklav a mèt nou.”
10 He said, "Good—let it be as you say. Whoever has it will be my slave; the rest of you are innocent." Alò, li te di: “Konsa kite sa fèt tankou pawòl ou; sila avèk kilès li twouve l la, li va devni esklav mwen, e tout rès nan nou va rete inosan.”
11 Then each man quickly lowered his sack to the ground, and each man opened his sack. Alò, byen prese, chak moun te desann sak li atè, pou te ouvri sak li.
12 He searched, starting with the oldest, ending with the youngest—the cup was found in Benjamin's sack. Li te fè ankèt, kòmanse avèk pi gran, fini avèk pi jenn nan, e tas la te twouve nan sak Benjamin an.
13 Then they tore their clothes, and every man loaded his donkey, and they returned to the city. Konsa, yo te chire rad yo, e lè chak moun te fin chaje bèt li, yo te retounen nan vil la.
14 When Judah and his brothers reached Joseph's house, he was still there, and they fell to the ground before him. Lè Juda avèk frè li yo te vini lakay Joseph, li te toujou la, e yo te tonbe atè devan li.
15 Joseph said to them, "What have you done? Don't you know a man like me surely tells fortunes?" Joseph te di yo: “Ki zak sa ke nou te fè la a? Èske nou pa konnen ke yon nonm tankou mwen kapab vrèman pratike divinasyon?”
16 Judah said, "What can we say to my lord? What can we speak? How can we clear ourselves? Our Father has found your servants' guilt. Look—we are my lord's slaves, both we and the one in whose hand the cup was found." Konsa, Juda te di: “Kisa nou kapab di a mèt nou? Kisa nou kapab pale? Kijan nou kapab jistifye pwòp tèt nou? Bondye te twouve inikite nan sèvitè ou yo. Gade byen, nou se esklav a mèt nou, ni nou, men osi sila ki te posede tas nou te twouve a.”
17 But he said, "I could never do this. Only the man in whose hand the cup was found will be my slave. The rest of you, go back to your father in peace." Men li te di yo: “Kite sa byen lwen pou m fè sa. Mesye sou sila nou te twouve tas la, li va esklav mwen. Men pou nou, ale anpè vè papa nou.”
18 Then Judah stepped forward and said, "Please, my lord, let your servant speak a word to you. Don't be angry with your servant, for you are like Pharaoh himself. Alò, Juda te pwoche li. Li te di: “O mèt mwen, silvouplè, èske sèvitè ou kapab pale yon mo nan zòrèy a mèt la, e li p ap vin fache avèk sèvitè ou a; paske ou menm jan avèk Farawon.
19 My lord asked his servants, saying, 'Do you have a father or a brother?' Mèt mwen an te mande sèvitè li yo, e te di: ‘Èske nou genyen yon papa, oswa yon frè?’
20 We said to my lord, 'We have an old father, and a young son born late in life. His brother is dead; he alone is left of his mother's children, and his father loves him.' Nou te di a mèt mwen: ‘Nou gen yon papa ki granmoun, ak yon timoun li te fè nan vyeyès li. Alò, frè li a gen tan mouri, li sèl ki rete kòm pitit a manman l, e papa li renmen li.’
21 Then you told your servants, 'Bring him down to me so I can see him myself.' “Konsa, ou te di sèvitè ou yo: ‘Mennen fè l desann pou m kapab fikse zye m sou li.’
22 We told my lord, 'The boy can't leave his father, because if he does, his father will die.' “Men nou te di a mèt nou: ‘Jènjan an pa kapab kite papa l; papa l ta mouri.’
23 You told your servants, 'If your youngest brother doesn't come down with you, you won't see my face again.' “Malgre sa, ou te di a sèvitè ou yo: ‘Amwens ke pi jenn nan vin desann avèk nou, nou p ap wè figi m ankò.’
24 When we went back to my father, your servant, we told him what you had said. “Se te konsa li te rive ke lè nou te monte vè sèvitè ou, papa m, ke nou te pale li pawòl a mèt nou an.
25 And when our father said, 'Go again, buy us a little food,' Papa nou te di nou: ‘Retounen achte yon ti manje.’
26 we said, 'We can't go down. If our youngest brother comes with us, then we will go. For we can't see the man's face unless our youngest brother is with us.' Men nou te di: ‘Nou pa kapab desann. Si pi jenn frè nou an avèk nou, nou va desann. Paske nou pa kapab wè figi a nonm nan ankò, sof ke pi jenn frè nou an avèk nou.’
27 Then your servant my father said to us, 'You know that my wife bore me two sons. “Sèvitè ou, papa m, te di nou: ‘Ou konnen ke madanm mwen te fè de fis pou mwen.
28 One left me, and I said, "Surely torn to pieces"; I haven't seen him since. Youn nan yo te sòti kite mwen, e mwen te di: “Asireman li te chire an mòso”, e mwen pa wè li depi lè sa.
29 If you take this one too from me, and harm meets him, you'll bring my gray head down to the grave in grief. Si ou pran sila a osi de mwen, e si malè rive li, nou va mennen cheve tèt blanch sa a anba nan sejou mò yo avèk tristès.’
30 So when I come to your servant, my father, and the boy isn't with us, his life is bound to the boy's life, “Alò, pou sa, lè mwen rive vè sèvitè ou, papa m, e pou jènjan an pa la avèk nou, paske lavi li mare ansanm avèk lavi jènjan an,
31 when he sees the boy is gone, he'll die, and your servants will bring your servant our father down to the grave in sorrow.' lè li wè ke jènjan an pa avèk nou, l ap mouri. Konsa sèvitè ou yo va mennen cheve blanch a sèvitè ou, papa nou anba nan sejou mò yo avèk tristès.
32 For your servant guaranteed the boy to my father, saying, 'If I don't bring him back to you, I'll bear the guilt before my father all my life.' Paske sèvitè ou te devni yon sekirite pou jènjan a papa m nan, e mwen te di: ‘Si mwen pa fè l retounen a ou menm, alò, kite m pote koupabilite sa a devan papa m pou tout tan.’
33 So please, let your servant stay as my lord's slave instead of the boy, and let the boy return with his brothers. “Alò, pou sa, kite sèvitè ou a rete, olye ke jènjan an, kòm yon esklav a mèt mwen. E kite jènjan an monte avèk frè li yo.
34 How can I return to my father without the boy? I could not bear to see the disaster that would strike my father." Paske kijan mwen kapab monte vè papa m si jènjan an pa avè m?—paske mwen pè pou m ta wè malè ki vin pran papa m.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]