Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 43 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now the famine was severe in the land. Alò, gwo grangou a te rèd nan tout peyi a.
2 When they'd eaten the grain brought from Egypt, their father said, "Go back and buy us a little food." Epi li te vin rive ke lè yo te fin manje sereyal ke yo te achte an Égypte la, papa yo te di yo: “Ale retounen, achte yon ti manje.”
3 But Judah told him, "The man firmly warned us: 'You won't see my face without your brother.' Men Juda te pale avèk li. Li te di: “Nonm nan te menase nou ke: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’
4 If you send our brother with us, we will go down and buy you food. Si ou voye frè nou an avèk nou, nou va desann achte manje.
5 But if you won't send him, we won't go, for the man said, 'You won't see my face without your brother.'" Men si ou pa voye li, nou p ap desann. Paske nonm nan te di nou: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’”
6 Israel said, "Why did you harm me by telling the man you had another brother?" Alò, Israël te di: “Poukisa ou maltrete m konsa, pou nou te di mesye a ke nou te gen yon lòt frè toujou?”
7 They said, "The man questioned us closely about ourselves and our family: 'Is your father still alive? Do you have another brother?' We answered accordingly. How could we know he'd say, 'Bring your brother down'?" Men yo te di: “Mesye a te kesyone nou byen dirèk konsènan moun nan fanmi nou. Li te mande: ‘Èske papa nou toujou vivan? Èske nou gen yon lòt frè?’ Alò, nou te reponn kesyon li. Èske nou ta ka konnen ke li ta di: ‘Mennen frè nou an desann?’”
8 Judah said to his father Israel, "Send the boy with me; let's go, so we may live and not die—we, you, and our children. Juda te di a papa li, Israël: “Voye jènjan an avèk mwen. Nou va leve ale, pou nou kapab viv e pa mouri, nou menm, ansanm ak ou, ak pitit ou yo.
9 I pledge myself for him—demand him from me. If I don't bring him back and set him before you, I'll bear the blame before you forever. Mwen menm, mwen va garanti pou li. Ou kapab mete m responsab li. Si mwen pa mennen l tounen bò kote ou, pou m fè l chita devan ou, alò, ke mwen rete koupab devan ou pou tout tan.
10 For if we had not delayed, surely by now we would have returned twice." Paske si nou pa t mize, asireman kounye a nou ta gen tan retounen de fwa deja.”
11 Israel their father said to them, "If it must be so, do this: put the land's best products in your bags, and take the man a gift—a little balm, a little honey, spices, myrrh, pistachios, almonds. Alò, papa yo, Israël te di yo: “Si sa oblije fèt, alò, fè l konsa: Pran kèk nan pi bèl pwodwi peyi a nan sak nou, pou pote desann vè nonm nan kòm kado; yon ti lwil, yon ti siwo myèl, yon ti gòm santi bon, myrr, grenn pistach fen avèk grenn zanmann.
12 Take double the money, and bring back what was returned in your sacks' mouths—perhaps an oversight. Pran doub lajan nan men nou, e anplis, pran pou remèt nan men nou kòb ki te retounen nan bouch sak la. Petèt se te yon erè.
13 Take your brother also, and go back to the man. Pran frè nou an tou, e leve retounen vè mesye a.
14 May El Shaddai—our Father Almighty—grant you mercy before the man, so he releases your other brother and Benjamin. And as for me, if I'm bereaved of my children, I'm bereaved." Konsa, ke Bondye Toupwisan an kapab bannou gras nan zye mesye a, pou li kab lage bannou lòt frè nou an avèk Benjamin. Epi pou mwen, si mwen pèdi pitit mwen yo, mwen pèdi nèt.”
15 The men took the gift, twice the silver, and Benjamin, went down to Egypt, and stood before Joseph. Alò, mesye yo te pran kado sila yo, e yo te pran doub lajan nan men yo avèk Benjamin. Konsa, yo te leve desann an Égypte, e yo te kanpe devan Joseph.
16 Seeing Benjamin with them, Joseph told his house steward, "Bring the men into the house, slaughter an animal, and prepare it—they'll eat with me at noon." Lè Joseph te wè Benjamin avèk yo, li te di a chèf domestik lakay li a, “Mennen mesye yo nan kay la, touye yon bèt, e fè prepare l; paske mesye sa yo ap vin manje avèk mwen a midi a.”
17 The man did as Joseph said, and he brought the men into Joseph's house. Alò, nonm nan te fè sa ke Joseph te mande a, e li te mennen mesye yo lakay Joseph.
18 The men were afraid because they were brought into Joseph's house. They said, "It's because of the money returned in our sacks the first time, that we're brought in—to attack us, fall on us, seize us as slaves, and take our donkeys." Alò, mesye yo te byen pè, paske yo te mennen yo lakay Joseph. Konsa, yo te di: “Se akoz lajan ki te remèt nan sak yo premye fwa a, ke yo ap mennen nou la a, pou li kapab chache okazyon kont nou, pou tonbe sou nou, e pran nou kòm esklav avèk bourik nou yo.”
19 So they approached the steward of Joseph's house and spoke to him at the door, Pou sa a, yo te vin pwoche chèf domestik la. Yo te pale ak li nan antre kay la,
20 and said, "Please, sir, we indeed came down the first time to buy food. e yo te di: “O mèt mwen, vrèman nou te desann premye fwa a pou achte manje,
21 At the lodge, when we opened our sacks, each man's silver was there in full weight, in his sack's mouth. We've brought it back with us. men sa te fè ke lè nou rive nan lojman nou, pou louvri sak nou, konsa, nou jwenn kòb chak moun nan bouch sak li! Tout kòb nou nèt! Konsa, nou te retounen pote li nan men nou.
22 We also brought more money to buy food, but don't know who put it in our sacks." Nou te pote osi, lajan anplis nan men nou pou achte manje. Nou pa konnen kilès ki te mete kòb nou yo nan sak nou yo.”
23 He said, "Peace to you, don't fear. Your Father and the God of your father gave you treasure in your sacks; your payment reached me." Then he brought Simeon out to them. Li te di: “Rete anpè, nou pa bezwen pè. Bondye pa nou an e Bondye papa nou an te bannou trezò nan sak nou yo. Mwen te resevwa kòb nou an.” Epi li te mennen Siméon deyò bay yo.
24 The man brought them into Joseph's house and gave them water, and they washed their feet; and he fed their donkeys. Epi nonm nan te mennen mesye yo antre lakay Joseph. Li te bay yo dlo, e yo te lave pye pa yo. Li te bay bourik yo manje.
25 So they readied the gift for Joseph's noon arrival, since they'd heard they would eat there. Konsa, yo te prepare kado yo pou lè Joseph ta vin parèt a midi, paske yo te tande ke yo te gen pou manje la.
26 When Joseph came home, they brought him the gift in their hands and bowed to him, to the ground. Lè Joseph te rive lakay li, yo te pote kado ki te nan men yo bò kote li nan kay la, e yo te bese atè devan li.
27 He asked how they were, then said, "Is your father—the old man you mentioned—well? Is he still alive?" Li te mande yo si tout bagay ale byen. Li te di: “Èske granmoun sou sila nou te pale m nan toujou vivan?”
28 They said, "Your servant our father is well, still alive." They bowed and prostrated themselves. Yo te di: “Sèvitè ou a, papa nou toujou byen; li toujou vivan.” Yo te bese ba pou bay respè.
29 He looked up, saw his brother Benjamin, his mother's son, and asked, "Is this your youngest brother you told me about?" Then he said, "May our Father be gracious to you, my son." Lè li te leve zye li, li te wè frè li, Benjamin, fis a manman l lan, e li te di: “Èske se sila a ki pi jenn frè nou ke nou te pale m nan?” Konsa, li te di: “Ke Bondye kapab fè ou gras, fis mwen.”
30 Joseph hurried out, moved with compassion toward his brother, seeking a place to weep; he went into his room and wept there. Konsa, Joseph te fè vit ale deyò, paske li te tèlman touche byen fon pa prezans frè li yo, e li te chache yon kote pou l ta kab kriye. Li te antre nan chanm li an, e li te kriye la.
31 Then he washed his face and came out; and he composed himself and said, "Serve the meal." Alò, li te lave figi li, e li te vin parèt deyò. Li te kontwole tèt li, e te di: “Sèvi manje a.”
32 They served him alone, his brothers alone, Egyptians eating with him alone—Egyptians can't eat bread with Hebrews, detestable to them. Epi yo te sèvi Joseph nan yon kote pou kont li, e lòt Ejipsyen yo pou kont yo, paske yon Ejipsyen pa t kapab manje avèk yon Ebre. Paske sa se yon abominasyon pou Ejipsyen yo.
33 They sat before him: the firstborn by his birthright, the youngest by his youth—the men were astonished at one another. Alò, yo te chita devan li, premye ne a, selon dwa nesans li, pi jenn nan selon jennès li, e mesye yo t ap gade youn lòt byen etone.
34 He sent portions to them from his table, Benjamin's portion five times the others'. They drank and celebrated with him. Li te pran pòsyon manje pa yo sòti nan pwòp tab li, men pòsyon Benjamin an te senk fwa plis ke tout lòt yo. Epi yo te manje e bwè, e fè kè kontan avèk li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]