Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 42 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When Jacob saw grain was in Egypt, Jacob said to his sons, "Why do you stare at each other?" Alò, Jacob te wè ke te gen sereyal an Égypte, e Jacob te di fis li yo: “Poukisa nou ap gade youn sou lòt konsa?”
2 He said, "Look, I've heard there's grain in Egypt. Go down and buy some for us from there, so we live and don't die." Li te di: “Mwen tande gen sereyal an Égypte. Desann la pou achte kèk pou nou nan kote sa, pou nou kapab viv, e pa mouri.”
3 So ten of Joseph's brothers went down to buy grain from Egypt. Alò, dis frè Joseph yo te desann pou achte sereyal an Égypte.
4 But Jacob would not send Joseph's brother Benjamin with them, fearing harm might come to him. Men Jacob pa t voye frè Joseph la, Benjamin avèk lòt frè li yo, paske li te di: “Mwen pè pou yon mal ta kab rive li.”
5 Israel's sons came to buy grain among the others who came, since famine was in the land of Canaan. Alò, fis Israël yo te vini pou achte sereyal pami sila ki t ap vini yo, paske gwo grangou a te nan peyi Canaan an tou.
6 Joseph was ruler over the land, selling grain to all its people. Joseph's brothers came and bowed to him, faces to the ground. Alò, Joseph te an pouvwa nan peyi a. Se te li menm ki te vann a tout pèp nan peyi a. Epi frè a Joseph yo te vin bese ba devan li avèk figi yo atè.
7 Joseph saw and recognized his brothers, but acted like a stranger and spoke harshly: "Where are you from?" "From Canaan," they said, "to buy food." Lè Joseph te wè frè li yo, li te rekonèt yo, men li te kache idantite li devan yo, e li te pale rèd avèk yo. Li te di yo: “Kote nou sòti?” Epi yo te di: “Nan peyi Canaan, pou achte manje.”
8 Joseph recognized his brothers, but they did not recognize him. Men Joseph te rekonèt frè l yo, malgre yo pa t rekonèt li.
9 Then Joseph remembered the dreams he'd dreamed about them and said to them, "You are spies! You have come to see the land's vulnerable parts." Joseph te sonje rèv ke li te gen sou yo a, e li te di yo: “Se espyon nou ye! Nou te vin chache konnen pwen fèb nan defans peyi nou an.”
10 But they said to him, "No, my lord, your servants have come to buy food. Alò, yo te di li: “Non, mèt mwen, men sèvitè ou yo te vin achte manje.”
11 We are all sons of one man; we are honest men. Your servants have never been spies." “Nou tout se fis a yon sèl mesye. Nou se moun onèt, sèvitè ou, e nou pa espyon.”
12 But he said to them, "No, you have come to find the vulnerable parts of the land." Malgre sa li te di yo: “Non, men nou te vin gade pwen fèb nan defans peyi nou an.”
13 They said, "Your servants are twelve brothers, sons of one man in the land of Canaan. The youngest is with our father today, and one is gone." Men yo te reponn li: “Sèvitè ou yo se douz frè antou, fis a yon sèl mesye nan peyi Canaan; e gade byen, pi jenn nan avèk papa nou jodi a, e youn pa la ankò.”
14 Joseph said to them, "It is just as I said to you: you are spies. Joseph te di yo: “Se tankou mwen te di nou, se espyon nou ye.
15 By this you will be tested: as Pharaoh lives, you won't leave here unless your youngest brother comes. Men se konsa nou va pase a leprèv. Pa lavi Farawon, nou p ap sòti nan plas sa a amwenske pi jenn nan vin parèt isit la!
16 Send one of you to bring your brother while the rest of you stay confined, so your words can be tested, whether there is truth in you. If not, as Pharaoh lives, surely you are spies." Voye youn nan nou ale pou li kapab chache frè nou an, pandan n ap rete anprizone, pou pawòl nou yo kapab pase a leprèv, si gen verite nan nou. Men si non, pa lavi Farawon, vrèman nou se espyon.”
17 And he put them all together in custody for three days. Konsa, li te mete yo nan prizon pou twa jou.
18 On the third day Joseph said to them, "Do this and live, for I fear our Father. Alò, Joseph te di yo nan twazyèm jou a: “Fè sa pou viv, paske mwen krent Bondye:
19 If you are honest, let one of your brothers stay here in custody, while the rest go, bringing grain for your households' famine. Si nou se moun onèt, kite youn nan frè nou yo rete anprizone nan prizon nou an; men pou nou lòt yo, ale pote sereyal pou grangou ki lakay nou yo.
20 Bring your youngest brother to me, so your words are confirmed and you won't die." And they did so. Men mennen pi jenn frè nou an bò kote m, pou pawòl nou yo kapab verifye, e pou nou pa mouri.” Epi konsa, yo te fè.
21 Then they said to each other, "Truly we are guilty over our brother, for we saw his soul's distress when he begged us and we wouldn't listen. That's why this distress has come on us." Yo te di youn a lòt: “Vrèman, nou koupab nan zafè frè nou an, akoz nou te wè jan nanm li te twouble lè li te plede avèk nou, men nou te refize tande. Pou sa, kriz sila a vin rive sou nou.”
22 Reuben answered them, "Didn't I tell you not to sin against the boy? You wouldn't listen. Now his blood is required." Reuben te reponn yo, e te di: “Èske mwen pa t di nou: ‘Pa peche kont tigason an;’ men nou te refize tande? Konsa, fwi san li an vin parèt.”
23 They did not know that Joseph understood them, for there was an interpreter between them. Men yo pa t konnen ke Joseph te konprann, paske te gen yon entèprèt antre yo.
24 He turned away from them and wept, then returned and spoke with them. He took Simeon from them and bound him before their eyes. Konsa, li te vire lwen yo e li te kriye. Men lè li te retounen vè yo, li te pale avèk yo. Li te pran Siméon nan mitan yo, e li te mare li devan zye yo.
25 Joseph ordered their bags filled with grain, each man's silver returned to his sack, and provisions given for the journey. So it was done for them. Konsa, Joseph te bay lòd pou plen sak yo avèk sereyal, remèt lajan a chak moun nan sak li, e bay yo pwovizyon pou vwayaj la. Epi se konsa sa te fèt pou yo.
26 Then they loaded their grain on their donkeys and departed from there. Alò, yo te chaje bourik pa yo avèk sereyal yo, e yo te soti la.
27 At the lodging place, one opened his sack to feed his donkey and saw his silver there in the sack's mouth. Pandan youn nan yo t ap ouvri sak li pou bay bèt la manje, li te wè lajan pa li a. Gade byen, se la li te ye, nan bouch sak la.
28 He said to his brothers, "My silver was returned—look, it's in my sack!" Their hearts sank; trembling, they said to each other, "What has our Father done to us?" Epi li te di a frè l yo: “Lajan mwen an remèt wi! E gade byen, li la menm nan sak mwen an!” Konsa kè yo plonje desann. Yo te vire, tou ap tranble, youn ak lòt, e te di: “Kisa Bondye gen tan fè nou la a?”
29 They came to Jacob their father in the land of Canaan and told him everything that had happened to them: Lè yo te rive kote papa yo Jacob, nan peyi Canaan an, yo te di li tout sa ki te rive yo. Konsa yo te di:
30 "The man, lord of the land, spoke harshly to us and treated us as spies of the land. “Mesye a, mèt peyi a, te pale byen di avèk nou. Li te panse nou te espyon nan peyi a.
31 But we said to him, 'We are honest men; we are never spies. Men nou te di li: ‘Nou se moun onèt. Se pa espyon nou ye.
32 We are twelve brothers, sons of our father. One is gone; the youngest is now with our father in the land of Canaan.' Nou se douz frè, fis a papa nou. Youn nan nou pa viv ankò, e pi jenn nan avèk papa nou jodi a nan peyi Canaan.’
33 The man, lord of the land, told us, 'This is how I'll know you're honest: leave one brother with me, take grain against your households' famine, and go.' “Epi nonm nan, mèt peyi a, te di nou: ‘Pa sa mwen va konnen ke nou se moun onèt: kite youn nan frè nou yo avè m, pran sereyal la pou pwoblèm grangou lakay nou yo, e ale.
34 Bring me your youngest brother, and I'll know you're not spies but honest men. I'll give your brother back, and you may trade in the land." Men mennen pi jenn frè ou a kote mwen pou m ka konnen ke nou pa espyon, men ke nou se moun onèt. Mwen va bay ou frè ou a, e w ap kapab fè komès nan peyi a.’”
35 As they emptied their sacks, each found his silver bundle in his sack. Seeing their silver bundles, they and their father were afraid. Alò, li te rive ke lè yo t ap vide sak yo, ke gade byen, bous lajan chak moun te nan sak li. Lè yo menm avèk papa yo te wè lajan an, yo te sezi.
36 Their father Jacob said to them, "You've left me childless: Joseph is gone, Simeon is gone, and now you'd take Benjamin. It's all against me!" Papa yo, Jacob te di yo: “Nou fin fè m pèdi pitit mwen yo! Joseph pa la ankò, Siméon pa la ankò, e nou ta vle pran Benjamin. Tout bagay sa yo kont mwen.”
37 Reuben said to his father, "You may kill my two sons if I don't bring him back to you. Put him in my hands, and I will bring him back to you." Alò, Reuben te pale avèk papa l. Li te di: “Ou kapab mete de gason mwen yo a lanmò si mwen pa mennen li retounen kote ou. Mete li sou kont mwen, e mwen va fè l retounen kote ou.”
38 He said, "My son will not go down with you, for his brother is dead, and he alone remains. Should harm meet him on the journey you're taking, you would carry my gray head down to the grave in grief." Men Jacob te di: “Fis mwen an p ap desann avèk nou. Paske frè li a mouri, e se li sèl ki rete. Si malè ta rive li nan vwayaj ke nou ap fè a, alò, nou va mennen tèt cheve blanch sa a vè sejou mò yo avèk tristès.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]