Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 41 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After two full years had passed, Pharaoh had a dream: he was standing beside the Nile. Alò, li te vin rive nan lafin dezane, Farawon te fè yon rèv, e gade byen, li te kanpe devan lariviyè Nil lan.
2 Seven cows, sleek and fat, came up from the Nile and grazed among the reeds. Konsa, gade byen, sèt bèf te sòti nan lariviyè Nil lan, byen swa, e byen gra. Yo t ap manje nan zèb flèv la.
3 Seven other cows, ugly and bony, came up after them from the Nile and stood beside them on the Nile's bank. Epi gade byen, sèt lòt bèf te sòti nan lariviyè Nil lan, byen lèd e mèg, e yo te kanpe akote lòt bèf bò kote lariviyè Nil lan.
4 Ugly, thin cows ate the seven fine, fat cows, and Pharaoh woke up. Bèf ki te lèd e mèg yo te manje valè sèt bèf ki te swa e byen gra yo. Epi konsa, Farawon te vin leve nan dòmi.
5 He fell asleep again and had a second dream: seven heads of grain, plump and good, grew on one stalk. Li te tonbe dòmi ankò, e fè rèv yon dezyèm fwa. Konsa, sèt tèt mayi te vini sou yon sèl pye mayi, ki te gwo e bon.
6 Then after them, seven heads of grain sprouted up—thin and scorched by the east wind. Epi gade byen, sèt tèt, mèg ki brile pa van lès yo, te vin boujonnen dèyè yo.
7 The thin heads swallowed the seven plump, full heads. Then Pharaoh woke up—it had been a dream. Tèt mèg yo te valè sèt tèt ki te gra e byen plen yo. Alò, Farawon te leve, e gade byen, sa se te yon rèv.
8 In the morning his spirit was troubled; he sent and called all Egypt's magicians and all its wise men. Pharaoh told them his dreams, but none could interpret them for him. Alò, nan maten lespri li te vin twouble, e li te voye rele tout majisyen an Égypte yo, ak tout moun saj li yo. Konsa, Farawon te eksplike yo rèv li yo, men pa t gen pèsòn ki te kapab entèprete yo pou Farawon.
9 Then the chief cupbearer said to Pharaoh, "Today I am reminded of my offenses. Alò, chèf responsab pote manje a te pale a Farawon. Li te di li: “Jodi a, mwen ta dwe admèt yon tò ke m genyen.
10 Pharaoh was angry with his servants and put me in custody in the guard captain's house, with the chief baker. Farawon te byen fache avèk sèvitè li yo, e li te fè m anprizone lakay Kaptenn kò gad la, mwen menm avèk chèf boulanje a.
11 I and he each dreamed the same night, each dream with its own meaning. Nou te fè yon rèv nan menm nwit lan, mwen menm ak li menm tou. Nou chak te fè yon rèv ak pwòp entèpretasyon pa li.
12 A young Hebrew, servant of the guard captain, was with us. We told him our dreams, and he interpreted each according to its own meaning. Alò, te gen yon jennonm ki te la avèk nou, yon sèvitè kaptenn kò gad la, yon Ebre. Nou te pale rèv yo a li menm, e li te entèprete rèv nou yo pou nou. A chak moun li te entèprete selon pwòp rèv pa li.
13 Just as he interpreted for us, it happened: I was restored to my position, the other was hanged." Epi jan ke li te entèprete pou nou an, konsa li te vin rive. Mwen menm te vin restore nan pozisyon mwen, e li menm, lòt la, wa a te pann.”
14 Pharaoh sent for Joseph, and they rushed him from the dungeon. He shaved, changed his clothes, and came before Pharaoh. Alò, Farawon te voye rele Joseph. Avèk vitès, yo te mennen li sòti nan prizon an. Depi li fin taye bab li e chanje rad li, li te vini devan Farawon.
15 Pharaoh said to Joseph, "I've had a dream no one can interpret. I've heard about you that when you hear a dream, you can interpret it." Farawon te di a Joseph: “Mwen te fè yon rèv, men pa gen pèsòn ki kapab entèprete li. Men mwen tande pale de ou menm ke lè ou tande yon rèv, ou kapab bay entèpretasyon li.”
16 "I can't do that on my own," Joseph replied. "Our Father will give Pharaoh a favorable answer." Joseph te reponn Farawon. Li te di: “Sa pa nan mwen, men Bondye va bay Farawon yon repons favorab.”
17 Then Pharaoh said to Joseph, "In my dream I was standing on the bank of the Nile. Alò, Farawon te pale avèk Joseph: “Nan rèv mwen an, men gade, mwen te kanpe arebò Rivyè Nil lan.
18 Seven fat, sleek cows came up from the Nile and grazed among the reeds. Epi gade byen, sèt bèf, gra e swa te vin monte sòti nan Nil lan; yo t ap manje nan zèb arebò rivyè a.
19 Then seven other cows came up after them—scrawny, very ugly, thin-fleshed—the like I had never seen in all the land of Egypt. Epi gade byen, sèt lòt bèf te vin monte apre yo, kata, lèd e mèg, konsa, mwen pa t janm wè youn ki lèd nan tout peyi Égypte la.
20 The gaunt, ugly cows ate the first seven fat cows. Epi bèf mèg ak lèd yo te manje premye sèt bèf gra yo.
21 Even after eating them, no one could tell, for they still looked as bad as before. Then I woke up. E lè yo te fin devore yo, ou pa t kab konnen si yo te manje yo, paske yo te rete mèg menm jan yo te ye avan an. Epi se konsa mwen te vin leve.
22 In my dream I saw seven heads of grain grow on one stalk, full and good. “Mwen te wè nan rèv mwen an tou, byen parèt, se te sèt tèt mayi, plen e bon te vini sou yon sèl pye.
23 And after them sprouted seven heads of grain—withered, thin, and scorched by the east wind. Epi gade, sèt tèt sèch yo, ki brile pa van lès yo te vin pouse apre yo.
24 The thin heads swallowed the seven good heads. I told the magicians, but none could explain it to me." Konsa, tèt sèch yo te valè sèt bon tèt yo. Epi alò, mwen te pale sa a majisyen yo, men pa t gen youn ki ta kapab eksplike m afè sila a.”
25 Joseph said to Pharaoh, "Pharaoh's dreams are one: our Father has revealed to Pharaoh what he's about to do. Alò, Joseph te di a Farawon: “Rèv a Farawon yo se yon sèl ke yo ye; Bondye te di a Farawon kisa ki prèt pou fèt.
26 The seven good cows are seven years, and the seven good heads of grain are seven years—it is one dream. Sèt bon bèf yo se sèt ane; epi sèt bon tèt yo se sèt ane; rèv sa yo se yon sèl yo ye.
27 The seven thin, ugly cows that came up after them are seven years, and the seven empty heads scorched by the east wind are seven years of famine. Sèt bèf lèd ak mèg yo ki te sòti apre yo a se sèt ane, e sèt tèt mèg ki brile pa van lès la va sèt ane ak gwo grangou.
28 This is what I told Pharaoh: our Father has shown Pharaoh what he is about to do. “Se tankou mwen te pale a Farawon: “Bondye te montre Farawon kisa ki prèt pou rive.
29 Seven years of great abundance are coming throughout all the land of Egypt. Gade byen, sèt ane ak gran abondans yo ap vini nan peyi Égypte la.
30 Then seven years of famine will follow. All the plenty in Egypt will be forgotten, and famine will devour the land. Epi apre yo, sèt ane ak gwo grangou yo va vini, tout abondans sa a va gen tan bliye nan peyi Égypte la, e gwo grangou sa a va ravaje peyi a.
31 The abundance will be forgotten in the land, since the famine afterward will be so severe. Alò, abondans lan p ap sonje nan peyi a akoz konsekans gwo grangou a, paske li va vrèman rèd.
32 Pharaoh's dream repeated twice means our Father has firmly fixed this matter, and our Father will soon carry it out. Alò, pou afè repete rèv la de fwa a, li vle di Farawon ke koze sa a deja detèmine pa Bondye, e Bondye va fè l parèt byen vit.
33 So let Pharaoh find a discerning, wise man and put him over Egypt's land. “Alò, Farawon gen pou chèche yon nonm avèk konprann ak sajès, pou mete li responsab sou peyi Égypte la.
34 Let Pharaoh take action and appoint overseers over the land, and take a fifth of Egypt's produce during the seven years of abundance. Kite Farawon aji pou chwazi administratè k ap pran chaj peyi a, e kite yo egzije yon senkyèm nan rekòlt peyi Égypte la, nan sèt ane abondans lan.
35 Let them gather all the food of these good coming years, and store grain under Pharaoh's hand as food in the cities, and guard it. Konsa, kite yo ranmase tout manje nan bon ane sa yo k ap vini an, mete yo nan depo pou vil ki anba otorite Farawon yo, e kite yo mete yo anba gad.
36 That food will be a reserve for the land during the seven years of famine coming on the land of Egypt, so the land won't be cut off by famine." Kite manje yo vini yon rezèv pou peyi a pandan sèt ane gwo grangou yo ki va fèt nan peyi Égypte la, pou peyi a pa peri pandan gwo grangou a.”
37 The plan seemed good to Pharaoh and to all his servants. Alò, plan sa a te parèt bon a Farawon, ak tout sèvitè li yo.
38 Pharaoh said to his servants, "Can we find anyone like this, a man with God's Spirit in him?" Alò, Farawon te di a sèvitè li yo: “Èske nou kapab twouve yon lòt moun konsa, nan sila a ki gen Lespri Bondye?”
39 Pharaoh said to Joseph, "Since God has shown you all this, none is as discerning and wise as you. Epi Farawon te di a Joseph: “Akoz Bondye te fè ou konprann tout sa, nanpwen okenn lòt moun ki gen konprann ak sajès tankou ou menm.
40 You will be over my house; all my people will obey your command. Only in the throne will I be greater than you." Ou va sou tout lakay mwen, e selon lòd pa ou tout pèp mwen an ap fè obeyisans. Se sèl sou twòn nan ke mwen va pi wo pase ou.”
41 And Pharaoh said to Joseph, "See, I have set you over all the land of Egypt." Farawon te di a Joseph: “Ou wè, mwen plase ou sou tout peyi Égypte la.”
42 Pharaoh took the signet ring from his hand and put it on Joseph's hand, dressed him in fine linen, and put a gold chain on his neck. Alò, Farawon te retire bag so a nan men li. Li te mete li nan men Joseph, e li te abiye l ak rad len fen ak yon kolye lò nan kou li.
43 Pharaoh had Joseph ride in his own second chariot, had men call out before Joseph, "Kneel!" and set him over all Egypt's land. Li te fè l monte nan dezyèm cha li a, epi li te pwoklame devan li: “Mete ajenou!” Epi li te plase li sou tout peyi Égypte la.
44 Pharaoh said to Joseph, "I am Pharaoh; without you, no one moves hand or foot in all the land of Egypt." Anplis de sa, Farawon te di a Joseph: “Malgre mwen se Farawon, san pèmisyon pa ou, pèsòn p ap leve ni men li ni pye li sou tout peyi Égypte la.”
45 Pharaoh named Joseph Zaphenath-paneah and gave him Asenath, daughter of Potiphera, priest of On, as wife. Then Joseph went out over the land of Egypt. Alò, Farawon te nonmen Joseph Tsaphnath-Paenéach. Li te bay li Asnath, fi a Poti-Phéra a, prèt On an, kòm madanm li. Epi Joseph te plase sou tout peyi Égypte la.
46 Joseph was thirty when he stood before Pharaoh king of Egypt. He left Pharaoh's presence and traveled through all the land of Egypt. Alò, Joseph te gen laj trant ane lè li te kanpe devan Farawon, wa Égypte la. Epi Joseph te sòti nan prezans Farawon, e li te ale toupatou nan tout peyi Égypte la.
47 During the seven years of abundance, the land produced bountifully. Pandan sèt ane abondans yo, peyi a te pwodwi anpil.
48 He collected all the food of the seven years in Egypt and stored it in the cities, in each city the food of the fields around it. Konsa, Joseph te ranmase tout manje pandan sèt ane sa yo ki te ekoule nan peyi Égypte la, e li te mete manje yo nan vil yo. Li te mete nan chak vil, menm manje ki te sòti nan chan ki antoure li yo.
49 Joseph stored grain like the sand of the sea—so much he stopped counting; it was uncountable. Konsa, Joseph te ranmase sereyal an gran abondans tankou sab lanmè, jiskaske li te vin sispann mezire li, paske li te depase kontwòl.
50 Before the famine years, Joseph fathered two sons with Asenath, daughter of Potiphera, priest of On. Alò, avan ane gwo grangou a te rive, de fis te vin ne a Joseph ke Asnath, fi a Poti-Phéra a, prèt On an te fè pou li.
51 Joseph named the firstborn Manasseh: "Because our Father made me forget all my hardship and all my father's house." Joseph te nonmen premye ne a Manassé, paske li te di: “Bondye te fè m bliye tout pwoblèm mwen yo ak tout lakay papa m.”
52 He named the second Ephraim: "For our Father has made me fruitful in the land of my suffering." Li te nonmen dezyèm nan Éphraïm, paske li te di: “Bondye fè mwen bay anpil fwi nan peyi afliksyon mwen an.”
53 The seven years of abundance in the land of Egypt came to an end. Sèt ane abondans ki te nan peyi Égypte la te fin pase.
54 The seven years of famine began, just as Joseph had said. Famine struck every land, but in all the land of Egypt there was bread. Epi sèt ane gwo grangou a te kòmanse, jis jan ke Joseph te di. Alò te vin gen gwo grangou nan tout peyi yo, men nan peyi Égypte la te gen pen.
55 When famine struck all Egypt, the people cried to Pharaoh for bread. Pharaoh told all the Egyptians, "Go to Joseph; do whatever he tells you." Lè tout peyi Égypte la te grangou, yo te rele fò a Farawon pou bay pen. Konsa, Farawon te di tout Ejipsyen yo: “Ale wè Joseph. Nenpòt sa li mande nou, nou va fè l.”
56 As the famine spread across the land, Joseph opened all the storehouses and sold grain to the Egyptians, since the famine was severe in Egypt. Gwo grangou a te fin gaye sou tout sifas tè a. Konsa, Joseph te ouvri tout depo yo pou te vann manje bay Ejipsyen yo. Gwo grangou a te byen rèd nan peyi Égypte la.
57 All the earth came to Egypt to buy grain from Joseph, for the famine gripped all the earth. Pèp yo de tout peyi te vini an Égypte pou achte sereyal Joseph yo, akoz gwo grangou a te rèd sou tout tè a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]