Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 40 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After these things, the king of Egypt's cupbearer and baker sinned against their lord, the king of Egypt. Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke chèf ki te responsab pran avan gou diven nan pou wa a, ansanm ak bòs boulanje a wa a te fè yon ofans kont mèt yo, Wa a Égypte la.
2 Pharaoh was furious with his two officials, the chief cupbearer and the chief baker. Farawon te vin plen ak kòlè sou ofisye sa yo, chèf ki responsab pote tas la, avèk bòs boulanje a.
3 He put them in custody in the guard captain's house, the prison where Joseph was held. Alò li te sere yo nan prizon lakay Kaptenn a kò gad la, menm kote ke Joseph te anprizone a.
4 The captain of the guard assigned Joseph to serve them; they remained in custody for some days. Kaptenn kò gad la te mete Joseph an chaj yo, pou li te okipe yo. Konsa, yo te nan prizon an pou kèk tan.
5 Then both of them, the cupbearer and baker of Egypt's king, imprisoned in the prison, each dreamed a dream in one night, each dream with its own meaning. Epi pandan tan sa a, toude moun sa yo, chèf ki te responsab pran avan gou diven nan, ak bòs boulanje a wa a, te fè yon rèv nan menm nwit lan. Chak moun te fè pwòp rèv pa li, e chak rèv te gen pwòp entèpretasyon pa li.
6 When Joseph came to them in the morning, he saw that they were troubled. Lè Joseph te vini kote yo nan maten, li te gade yo, e gade byen, yo te byen dekouraje.
7 He asked Pharaoh's officials with him in custody in his master's house, "Why do you look downcast today?" Li te mande ofisye Farawon an sila yo, ki te anprizone avèk li nan kay mèt li a: “Poukisa figi nou tris konsa jodi a?”
8 They told him, "We each had a dream, with no one to interpret it." Joseph replied, "Don't interpretations belong to our Father? Please tell them to me." Epi yo te di li: “Nou te fè yon rèv, e nanpwen pèsòn pou entèprete li.” Alò, Joseph te di yo: “Èske entèpretasyon yo pa apatyen a Bondye? Di m istwa sa a, souple.”
9 The chief cupbearer told Joseph his dream: "In my dream a vine stood before me. Epi chèf responsab goute diven nan te pataje rèv li avèk Joseph, e li te di a li menm: “Nan rèv mwen an, gade byen, te gen yon pye rezen devan m,
10 The vine had three branches; as it sprouted, its blossoms opened, and the clusters ripened into grapes. epi sou pye rezen an, te gen twa branch. Konsa, pandan li t ap boujonnen, flè li yo te parèt, e touf flè yo te pwodwi pakèt rezen mi.
11 Pharaoh's cup was in my hand; I took the grapes, squeezed them into Pharaoh's cup, and put the cup in Pharaoh's hand." Alò, tas Farawon an te nan men m; epi mwen te pran rezen yo, mwen te peze yo nan tas Farawon an, e mwen te mete tas la nan men Farawon.”
12 Then Joseph said to him, "This is its interpretation: the three branches are three days. Joseph te di l: “Men, sa se entèpretasyon sa a: twa branch sa yo se twa jou.
13 In three days Pharaoh will lift up your head, restore you to your position, and you will put Pharaoh's cup in his hand, as before, when you were his cupbearer. Nan yon tan twa jou, Farawon va leve tèt ou e reprann ou nan pozisyon ou. Ou va mete tas Farawon an nan men li menm jan ou te konn fè lè ou te nan sèvis responsab pote diven nan.
14 But remember me when it's well with you; please do me kindness—mention me to Pharaoh, so he may bring me out of this house. Sèlman, sonje mwen lè li ale byen avèk ou, e souple, fè m gras e nonmen non mwen a Farawon pou fè m soti nan kay sa a.
15 For I was indeed kidnapped from the land of the Hebrews, and even here I've done nothing to deserve this dungeon." Paske mwen te kidnape nan peyi Ebre yo, e menm isit la mwen pa t fè anyen pou yo ta dwe mete m nan prizon.”
16 Seeing the interpretation was good, the chief baker said to Joseph, "I too had a dream: three baskets of white bread on my head. Lè bòs boulanje a te wè ke li te fè yon entèpretasyon favorab, li te di Joseph: “Mwen te wè nan rèv mwen an, e gade byen, te gen twa panyen pen blan sou tèt mwen.
17 The top basket held all kinds of baked goods for Pharaoh, but birds were eating them from the basket on my head." Epi nan panyen pi wo a, te gen kèk nan tout kalite manje kwit pou Farawon, e zwazo yo te manje yo nan panyen sou tèt mwen an.”
18 Joseph replied, "This is its interpretation: the three baskets are three days. Alò, Joseph te reponn e te di: “Sa se entèpretasyon an. Twa panyen yo se twa jou.
19 In three days Pharaoh will lift your head off you and hang you on a tree—birds will eat the flesh off you. Pandan twa jou ankò, Farawon va leve tèt ou sou ou. Li va pann ou sou yon bwa, e zwazo va retire chè sou ou e manje ou.”
20 On the third day, Pharaoh's birthday, he gave a feast for all his officials, and lifted the head of his chief cupbearer and the head of his chief baker among them," Alò, li te vin rive nan twazyèm jou, ki te fèt nesans a Farawon an, ke li te fè yon fèt pou tout sèvitè yo. Epi li te leve tèt a chèf responsab pote manje a ak chèf bòs boulanje a pami sèvitè li yo.
21 restoring the chief cupbearer to his position, so he placed the cup in Pharaoh's hand. Li te reprann chèf responsab pote tas la nan pozisyon li, e li te ankò vin responsab mete tas la nan men Farawon.
22 But he hanged the chief baker, just as Joseph had interpreted to them. Men li te pann chèf bòs boulanje a jis jan ke Joseph te entèprete pou yo.
23 Yet the chief cupbearer did not remember Joseph—he forgot him. Men, chèf responsab pote manje a pa t sonje Joseph. Li te bliye li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]