Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 39 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Joseph was brought down to Egypt; Potiphar, Pharaoh's Egyptian official and captain of the guard, bought him from the Ishmaelites who had brought him down there. Alò, yo te pran Joseph desann an Égypte. Epi Potiphar, yon ofisye Farawon, kòmandan nan gad yo, te achte li nan men Izmayelit yo, ki te fè l desann la.
2 Our Father was with Joseph; he thrived, serving in his Egyptian master's house. SENYÈ a te avèk Joseph, e li te byen reyisi. Li te lakay mèt li, Ejipsyen an.
3 His master saw our Father was with him, our Father making all he did succeed in his hand. Alò mèt li a te wè ke SENYÈ a te avèk li, e ke li te fè tout sa li te antreprann byen reyisi nan men l.
4 Joseph found favor with him and served him; his master put Joseph over his house, entrusting him with all he owned. Konsa, Joseph te twouve favè nan zye li, e li te devni sèvitè pèsonèl li. Li te fè li chèf an tèt tout lakay li, e tout sa ke li te posede, li te mete yo sou chaj li.
5 From when he put Joseph over his house and all he owned, our Father blessed the Egyptian's house for Joseph's sake; our Father's blessing was on all he had, house and field. Epi li te rive ke depi lè sa a li te fè li chèf lakay li, ak sou tout sa li te posede, ke SENYÈ a te beni lakay Ejipsyen an akoz Joseph. Benediksyon SENYÈ a te sou tout sa li te genyen, ni nan kay la, ni nan chan an.
6 Potiphar left all he owned in Joseph's care, aware of nothing except what he ate. Joseph was well-built and handsome. Li te kite tout sa li te gen sou chaj Joseph. Konsa, li pa t okipe tèt li avèk anyen sof ke manje ke li te manje. Alò, Joseph te yon bo gason, ni nan fòm li, ni nan aparans li.
7 After these things, his master's wife cast her eyes on Joseph and said, "Sleep with me." Li te vin rive apre evènman sa yo, ke madanm Potiphar a, te gade Joseph avèk anvi. Konsa, li te di: “Vin kouche avè m.”
8 He refused, telling his master's wife, "Look, with me here, my master oversees nothing in the house; all he owns he has put in my hands. Men Joseph te refize. Li te di a madanm mèt li a: “Mèt mwen pa menm okipe li pou anyen ki nan kay la, e li te mete tout sa li posede sou chaj mwen.
9 He is no greater in this house than I am; he's held back nothing from me except you, since you are his wife. How could I do this great evil and sin against our Father?" Nanpwen pèsòn nan kay sa a ki pi gran ke mwen, e li pa refize m anyen, sof ke ou menm, paske ou se madanm li. Kijan konsa, mwen ta kapab fè gwo mal sa a, e peche kont Bondye menm?”
10 Day after day she spoke to Joseph, but he refused to listen to her, to lie beside her, to be with her. Pandan li te pale avèk Joseph jou aprè jou, Joseph pa t koute l menm pou kesyon kouche avèk l, oswa pou li ta rete avè l.
11 One day Joseph entered the house to do his work, with no household man inside. Alò li vin rive yon jou ke li te antre nan kay la pou fè travay li, e pa t gen lòt nan ouvriye lakay yo ki te andedan kay la.
12 She caught him by his garment, saying, "Sleep with me!" He left it in her hand and fled outside. Konsa, Madanm nan te kenbe li pa vètman li. Li te di: “Kouche avè m!” Men li te kite vètman li nan men l, e te sove ale deyò.
13 When she saw that he had left his garment in her hand and fled outside, Lè Madanm nan te vin wè ke li te kite vètman li nan men l, e li te kouri deyò,
14 she called the men of her household and said, "Look—he brought us a Hebrew man to mock us. He came in to me to sleep with me, and I screamed loudly. li te rele tout gason ouvriye lakay li yo, e li te di yo: “Ou wè sa, li pote bannou yon Ebre ki pou vin fè jwèt avèk nou. Li te vin antre sou mwen pou kouche avè m, men mwen te rele fò.
15 When he heard me cry out, he left his garment beside me and fled outside. Lè li tande ke m te leve vwa m pou rele fò, li te kite vètman li bò kote mwen, e li te sove ale kouri deyò.”
16 She kept his garment beside her until his master came home." Konsa, li te kenbe vètman an kote li jiskaske mèt li te rive nan kay la.
17 She told him the same story: "The Hebrew servant you brought us came to me to mock me. Alò, li te pale avèk li ak pawòl sa yo: “Esklav Ebre ke ou te mennen bannou an, te antre kote mwen pou fè spò avè m,
18 But when I cried out, he left his garment beside me and fled outside." men lè m te leve vwa m pou te rele fò, li te kite vètman li bò kote mwen pou te sove ale deyò.”
19 When his master heard his wife's words to him—"Your servant did these things to me"—his anger flared. Alò, lè mèt la te tande pawòl a madanm li yo, lè li te pale pou di: “Men sa esklav ou a te fè m nan,” li te vin brile avèk kòlè.
20 Joseph's master took him and put him in the prison holding the king's prisoners. He stayed there in the prison. Konsa, mèt Joseph la te pran li e te mete li nan prizon, nan plas kote prizonye ki pou wa yo te ye. Epi li te la nan prizon an.
21 But our Father was with Joseph, showing him covenant love and favor with the prison warden. Men SENYÈ a te avèk Joseph. Li te fè li gras, e Li te fè li vin gen favè nan zye a chèf prizon an.
22 The prison warden put Joseph in charge of all its prisoners; whatever was done there, he did. Chèf Kasèl la te fè Joseph responsab tout prizonye yo ki te nan prizon an, jiskaske nenpòt sa ki te fèt ladann, li te vin responsab.
23 The warden checked nothing in Joseph's care, since our Father was with him—whatever he did, our Father made succeed. Chèf Kasèl la pa t sipèvize anyen ki te anba direksyon Joseph, paske SENYÈ a te avèk li, paske nenpòt sa li te fè, SENYÈ a te fè l pwospere.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]