Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 38 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 At that time Judah left his brothers and went to a man from Adullam named Hirah. Epi li te vin rive nan lè sa a ke Judas te kite frè l yo, pou te vizite yon sèten Adilamit ki te rele Hira.
2 There Judah saw the daughter of a Canaanite named Shua. He married and slept with her. La, Juda te wè fi a yon sèten Kananeyen ki te rele Schua. Li te pran li e te antre an relasyon ak li.
3 She became pregnant and gave birth to a son, and Judah named him Er. Konsa, li te vin ansent, li te fè yon fis, e li te nonmen li Er.
4 She became pregnant again and gave birth to a son, and she named him Onan. Epi li te vin ansent ankò, li te bay yon fis, ki te nonmen Onan.
5 She bore yet another son and named him Shelah; she was at Chezib when she bore him. Li te fè toujou yon lòt fis, e li te nonmen li Schéla. Li te nan Czib lè li te fè li.
6 Judah took a wife for his firstborn son Er; her name was Tamar. Alò, Juda te pran yon madanm pou Er, premye ne li a, e non li te Tamar.
7 But Er, Judah's firstborn, was evil before our Father, and our Father put him to death. Men Er, premye ne a Juda a te mechan nan zye a SENYÈ a e SENYÈ a te pran vi li.
8 Then Judah told Onan, "Sleep with your brother's wife, do your duty as her brother-in-law, and raise children for your brother." Konsa, Juda te di a Onan: “Antre an relasyon ak madanm a frè ou a; fè devwa ou kòm bòfrè li, e fè leve yon posterite pou frè ou.”
9 But Onan knew the child would not be his, so whenever he slept with his brother's wife, he spilled his seed on the ground, to give his brother no child. Onan te konnen ke posterite sa yo pa t ap pou li. Konsa, li te jete jèm li an atè pou li pa fè pitit pou frè li.
10 What he did was evil in our Father's sight, so he put him to death too. Men sa li te fè a pa t fè SENYÈ a plezi. Li te pran vi li tou.
11 Judah told his daughter-in-law Tamar, "Stay a widow in your father's house till my son Shelah grows up"—thinking, "He might die like his brothers." So Tamar lived in her father's house. Alò Juda te di a bofi li, Tamar: “Rete kòm vèv lakay papa ou jiskaske fis mwen an, Schéla fin grandi.” Paske li te reflechi: “Mwen pè pou li menm tou pa ta kapab mouri menm jan ak frè li yo.” Epi Tamar te ale viv lakay papa li.
12 Long afterward, Judah's wife, Shua's daughter, died. When Judah was comforted, he and his friend Hirah the Adullamite went up to his sheepshearers at Timnah. Alò, apre yon tan konsiderab, fi Schua a, madanm a Juda, te mouri. Epi lè tan tristès alanmò a te fini, Juda te monte vè ouvriye ki t ap taye lenn mouton bò kote Thimna yo, li menm avèk zanmi li, Hira, Adilamit lan.
13 Tamar was told, "Your father-in-law is going up to Timnah to shear his sheep." Konsa, yo te di a Tamar: “Veye byen, bòpè ou ap monte vè Thimna pou taye lenn mouton li yo.”
14 So she removed her widow's clothes, covered herself with a veil, wrapped up, and sat at the entrance to Enaim on the road to Timnah—for she saw that Shelah had grown up but she was not given to him as his wife. Alò, li te retire vètman vèv li a, li te kouvri tèt li avèk yon vwal, li te vlope tèt li, e li te chita nan pòtay Énaïm nan, ki nan wout pou rive Thimna. Paske li te wè ke Shéla te fin grandi, e yo pa t vin prezante li devan li kòm madanm.
15 When Judah saw her, he thought she was a prostitute, because she had covered her face. Lè Juda te wè l, li te panse ke li te yon pwostitiye, paske li te kouvri figi li.
16 He turned to her by the road and said, "Let me sleep with you"—not knowing she was his daughter-in-law. She said, "What will you give me to sleep with you?" Konsa, li te vire bò kote li nan wout la, e li te di: “Alò, kite m antre an relasyon ak ou.” Paske li pa t konnen ke li te bèlfi li. Epi fi a te di: “Kisa w ap ban m pou ou ka antre an relasyon ak mwen?”
17 He said, "I'll send you a young goat from the flock." She said, "Will you give me a pledge until you send it?" Li te di konsa: “Mwen va voye ba ou yon jèn kabrit ki sòti nan twoupo a.” Men li te di: “Èske ou va ban m yon bagay kòm yon sèman pou jis lè ou voye l?”
18 He said, "What pledge should I give you?" She said, "Your seal, its cord, and the staff in your hand." He gave them to her, slept with her, and she conceived by him. Li te di: “Kisa pou m ta bay ou?” Epi li te di: “Ban m so, kòd avèk baton ki nan men ou an.” Konsa, li te bay yo a li menm. Li te antre an relasyon ak li, e vèv la te vin ansent pa li menm.
19 She got up and left, took off her veil, and put her widow's clothes back on. Tamar te leve ale. Li te retire vwal la, e li te remete vètman a vèv yo.
20 Judah sent the young goat by his friend the Adullamite to get the pledge back from the woman, but he couldn't find her. Lè Juda te voye jèn kabrit la ak zanmi li, Adilamit lan, pou resevwa sa ke li te bay kòm sèman an, li pa t twouve li.
21 He asked the local men, "Where's the shrine prostitute who was by the road at Enaim?" They said, "No shrine prostitute has been here." Li te mande mesye yo kote a: “Kote jennès tanp lan ki te akote wout la nan Énaïm nan?” Men yo te di li: “Pa t gen jennès tanp isit la.”
22 So he returned to Judah, saying, "I could not find her, and the local men said no shrine prostitute had been there." Li te retounen a Juda, e te di: “Mwen pa t twouve li. Anplis de sa, mesye nan zòn di ke: ‘Pa t gen yon jennès tanp nan zòn sa a.’”
23 Then Judah said, "Let her keep them, or we'll be mocked. I sent her this young goat, but you didn't find her." Juda te di l: “Kite li pran yo pou kont li, sinon n ap vin yon betiz devan tout moun. Anfen, mwen te voye jèn kabrit sa a, men ou pa t twouve li.”
24 About three months later, Judah was told, "Your daughter-in-law Tamar has prostituted herself, and she's now pregnant from it." Judah said, "Bring her out and burn her!" Alò, li te anviwon twa mwa pita ke Juda te enfòme: “Bèlfi ou Tamar te jwe wòl jennès la. Gade byen, li vin ansent nan koze sa a.” Konsa, Juda te di: “Mete li deyò e kite yo brile li.”
25 As she was brought out, she sent word to her father-in-law: "I am pregnant by the man these belong to. Please identify whose seal, cord, and staff these are." Epi pandan yo t ap mete li deyò, li te voye kote bòpè li pou di: “Mwen avèk pitit pa mesye ki se mèt a bagay sa yo.” Anplis, li te di: “Souple, fè yon ankèt pou vin aprann pou kilès so siyal sila a ye, e pou kilès kòd avèk baton sila yo ye?”
26 Judah recognized them and said, "She is more righteous than I, since I didn't give her to my son Shelah." He never slept with her again. Juda te rekonèt yo, e te di: “Li pi jis pase mwen, paske mwen pa t bay li fis mwen an, Schéla.” Epi li pa t gen relasyon avèk li ankò.
27 When the time came for her to give birth, there were twins in her womb. Li te vin rive nan lè ke li t ap akouche a, gade byen, te gen jimo nan vant li.
28 As she gave birth, one put out a hand. The midwife tied a scarlet thread on it: "This one came out first." Anplis de sa, li te rive pandan li t ap akouche a ke youn te lonje yon men deyò, e fanm saj la te mare yon fisèl wouj sou men l. Li te di: “Se sila a ki sòti avan”.
29 As he drew back his hand, his brother came out, and she said, "What a breach you've made for yourself!" So the brother who came out was named Perez. Men li te vin rive ke pandan li t ap rale men l tounen, frè l la te sòti avan. Epi li te di: “A la chemen ou gen tan fè pou kont ou!” Konsa, li te nonmen li Pérets.
30 Then his brother came out with the scarlet thread on his hand, and was named Zerah. Apre, frè l la te vin sòti avèk fisèl wouj mare nan men l, e li te nonmen li Zerah.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]