Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 37 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Jacob settled in the land where his father had lived as a foreigner, the land of Canaan. Alò, Jacob te viv nan peyi kote papa li te konn demere a, nan peyi Canaan an.
2 This is Jacob's family record. Joseph, a young man of seventeen, tended the flock with his brothers, the sons of Bilhah and Zilpah, his father's wives—and brought their father a bad report about them. Sa yo se achiv a jenerasyon Jacob yo. Joseph, lè l te gen laj dis-sèt ane, li t ap okipe bann mouton an avèk frè l yo, pandan li te toujou nan jennès li, ansanm avèk fis Bila yo, ak fis Zilpa yo, madanm a papa l yo. Epi Joseph te pote yon move rapò sou yo, bay papa li.
3 Israel loved Joseph more than all his other sons, because he was born to him in his old age, and made him a robe of many colors. Alò, Israël te renmen Joseph plis ke tout lòt fis li yo, akoz ke li te fèt nan vyeyès li; epi li te fè pou li yon vètman plen tout koulè.
4 When his brothers saw their father loved him more than all of them, they hated him and could not speak kindly to him. Frè li yo te wè ke papa yo te renmen li plis ke tout frè li yo. Konsa, yo te vin rayi li, e yo pa t kapab pale avèk li an amitye.
5 Joseph dreamed a dream and told it to his brothers, who hated him even more. Alò, Joseph te fè yon rèv, e lè l te repete l bay frè l yo, konsa, yo te vin rayi li plis.
6 He said to them, "Listen to this dream I had: Li te di yo: “Souple, koute rèv sa a ke m te fè a.
7 Suddenly we were binding sheaves in the field, and suddenly my sheaf rose and stood upright, and suddenly your sheaves gathered around and bowed down to it." Gade byen, nou t ap mare pakèt rekòlt yo nan chan an, e gade byen, pakèt pa nou yo te vin antoure pa m nan e yo te vin bese devan pakèt pa mwen yo.”
8 His brothers said to him, "Will you really reign over us? Will you actually rule us?" So they hated him even more for his dreams and his words. Alò, frè li yo te di li: “Èske vrèman ou ap vin renye sou nou? Oswa èske ou ap vin gouvène sou nou?” Epi yo te vin rayi li plis pou rèv li yo, ak pawòl li yo.
9 He dreamed again and told his brothers, "Look, I had another dream—the sun, moon, and eleven stars were bowing down to me." Alò li te vin fè yon rèv toujou, li te eksplike li bay frè li yo. Li te di: “Gade, mwen te fè yon lòt rèv; e gade byen, solèy la, lalin lan avèk onz zetwal yo t ap bese ba devan mwen.”
10 When he told his father and brothers, his father scolded him: "What is this dream you had? Will I, your mother, and your brothers really come and bow to the ground before you?" Li te eksplike li bay papa li avèk frè li yo. Papa li te reprimande li e te di l: “Kisa sa ye, rèv sa ou te fè a? Èske mwen, manman ou avèk frè ou yo vrèman ap vin bese atè devan ou?”
11 His brothers were jealous of him, but his father kept the matter in mind. Frè li yo te fè jalouzi akoz li, men papa li te kenbe pawòl sa yo nan tèt li.
12 Now his brothers had gone to graze their father's flocks near Shechem. Epi frè li yo te ale mennen bann mouton an Sichem.
13 Israel said to Joseph, "Aren't your brothers grazing the flocks at Shechem? Come, I'll send you to them." "Here I am," he replied. Israël te di Joseph: “Èske frè ou yo p ap okipe bann mouton an Sichem? Vini pou mwen ka voye ou bò kote yo.” Epi li te reponn: “Mwen va ale”.
14 He said to him, "Go see how your brothers and the flock are doing, and bring me word." So he sent him from the Valley of Hebron, and Joseph came to Shechem. Alò, li te di li: “Ale koulye a pou okipe afè frè ou yo ak afè bann mouton an, e vin pote nouvèl ban mwen.” Epi li te ale nan vale Hébron an e li te rive Sichem.
15 A man found him wandering in the fields and asked him, "What are you looking for?" Yon mesye te twouve li, e gade byen, li t ap mache toupatou nan chan an. Konsa, mesye a te mande li: “Kisa w ap chache?”
16 He replied, "I'm looking for my brothers. Can you tell me where they are grazing their flocks?" Li te di: “Mwen ap chache frè m yo. Souple, fè m konnen kote yo ap fè patiraj pou bann mouton an.”
17 "They've left here," the man said. "I heard them say, 'Let's go to Dothan.'" Joseph went after his brothers and found them at Dothan. Alò, mesye a te di: “Yo te deplase isit la, paske mwen te tande yo di: ‘Annou ale Dothan.’” Epi Joseph te swiv frè li yo, e li te twouve yo Dothan.
18 They saw him in the distance, and before he reached them, they plotted to kill him. Lè yo te wè li depi nan distans, e avan li te parèt kote yo, yo te fè konplo pou mete li a lanmò.
19 "Here comes that dreamer!" they said to one another. Yo te di youn ak lòt: “Men sila ki fè rèv la ap vini!
20 "Now come, let's kill him, throw him into one of the pits, and say a wild animal ate him. Then we'll see what becomes of his dreams." Alò, koulye a, annou touye li e jete li nan youn nan fòs yo, e nou va di: ‘yon bèt sovaj te devore li.’ Koulye a annou wè kisa rèv li yo ap devni!”
21 Reuben heard and tried to rescue him from their hands. "Let's not take his life," he said. Men Reuben te tande sa, li te retire li nan men yo, e li te di: “Annou pa pran lavi li.”
22 Reuben told them, "Shed no blood—throw him into this desert cistern, but don't touch him." Reuben said this to rescue Joseph from them and take him back to his father. Reuben te di yo anplis de sa: “Pa vèse san. Jete li nan twou sila ki nan dezè a, men pa mete men sou li” —akoz lentansyon li te gen pou fè l chape nan men yo, pou l ta kapab remèt li bay papa l.
23 When Joseph reached his brothers, they stripped off his robe—the robe of many colors he wore. Alò li te rive ke lè Joseph te rive kote frè li yo, yo te retire vètman an sou li, (sa ki te gen anpil koulè ladann nan);
24 They took him and threw him into the cistern. The cistern was empty, no water in it. epi yo te pran li e yo te jete li nan fòs la. Alò fòs la te vid e li pa t gen dlo ladann.
25 They sat to eat, looked up, and saw an Ishmaelite caravan coming from Gilead, their camels carrying spices, balm, and myrrh, headed down to Egypt. Alò, yo te chita pou manje yon manje. Epi pandan yo te leve zye yo, yo te gade, e vwala, yon ekip Izmayelit ki t ap sòti Galaad, avèk chamo ki t ap pote yon chaj gòm awomatik, bòm avèk mè pou rive an Égypte.
26 Judah told his brothers, "What do we gain if we kill our brother and hide his blood? Juda te di a frè li yo: “Ki avantaj sa ye si nou touye frè nou an, e kache san li?
27 Come, let's sell him to the Ishmaelites, not harm him ourselves—he's our brother, our own flesh." His brothers agreed. Vini, annou vann li bay Izmayelit yo e annou pa mete men nou sou li, paske li se frè nou, pwòp chè nou.” Epi frè li yo te koute li.
28 As Midianite traders passed, his brothers lifted Joseph from the pit and sold him to the Ishmaelites for twenty silver pieces, and the Ishmaelites brought him to Egypt. Alò, kèk nan machann Madyanit yo te pase, epi frè l yo te rale li soti nan fòs la e te vann li bay Izmayelit yo pou ven sik lajan. Konsa yo te mennen Joseph antre an Égypte.
29 When Reuben returned to the cistern and saw that Joseph was not there, he tore his clothes. Alò, Reuben te retounen nan fòs la, e gade byen, Joseph pa t la nan fòs la; epi li te chire rad li.
30 He went back to his brothers and said, "The boy is gone! Where can I turn now?" Li te retounen vè frè li yo e te di: “Ti gason an pa la non; e pou mwen menm, kibò pou m ale?”
31 Then they took Joseph's robe, slaughtered a goat, and dipped the robe in the blood. Konsa, yo te pran vètman Joseph la, yo te kòche yon mal kabrit, e yo te tranpe vètman an nan san an.
32 They sent the robe of many colors and brought it to their father, saying, "We found this. Examine it: is it your son's robe, or not?" Yo te voye vètman anpil koulè a pote li bay papa yo e yo te di: “Nou te twouve sa a. Souple, gade l byen e wè si se vètman a fis ou a oswa non.”
33 He recognized it: "My son's robe—a dangerous animal ate him! Joseph is surely torn apart." Li te egzamine li e te di: “Se vètman fis mwen an. Yon bèt sovaj gen tan devore li. Joseph vrèman gen tan chire an mòso!”
34 Then Jacob tore his clothes, put on mourning clothes, and mourned for his son many days. Alò, Jacob te chire rad li, li te mete twal sak nan ren li, e li te pase anpil jou ap lamante pou fis li a.
35 All his sons and daughters came to comfort him, but he refused to be comforted, saying, "No, mourning I will go down to my son in the grave." So his father wept for him. Alò, tout fis li yo, ak tout fi li yo te leve pou konsole li, men li te refize konsole. Epi li te di: “Vrèman mwen va desann kote fis mwen an, kote sejou mò yo ak lamante pou fis mwen an.” Epi papa li te kriye pou li.
36 Now the Midianites sold Joseph in Egypt to Potiphar, a Pharaoh official and captain of the guard. Antretan, Madyanit yo te vann li an Égypte a Potiphar, ofisye Farawon an, chèf nan kò gad la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]