Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word of our Father came to me, saying: Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
2 And you, son of man—this is what the Sovereign Father says to the land of Israel: An end! The end comes on the land's four corners. Ou menm, fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a, Lafen! Lafen ap pwoche sou kat kwen peyi a.
3 Now the end is upon you, and I will send my anger against you. I will judge you according to your ways and bring all your detestable practices upon you. Se koulye a, lafen an sou ou, e Mwen va voye kòlè Mwen kont ou. Mwen va jije ou selon zèv ou. Mwen va mennen tout abominasyon ou yo sou ou.
4 My eye will not spare you, nor will I have pity; I will repay you for your ways, and your detestable practices will be in your midst. Then you will know that I am your Father. Paske zye M p ap gen pitye pou ou, ni Mwen p ap ralanti pou ou, men Mwen va mennen chemen ou yo rive sou ou, abominasyon ou yo va pami ou, e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a!
5 This is what the Sovereign Father says: Disaster! A disaster like no other—look, it is coming! “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Yon gwo dezas! Yon dezas san parèy! Gade byen, l ap vini.
6 An end has come! The end has come! It has roused itself against you—look, it is coming! Lafen an ap vini. Lafen an gen tan rive! Li te leve kont ou. Gade byen, li fin rive!
7 Doom has come upon you, you who live in the land. The time has come; the day is near—a day of panic, not of joyful shouting on the mountains. Move lè ou a fin rive, O moun peyi a! Lè a rive! Jou toupre a—gwo zen olye kri lajwa a ap kriye sou mòn yo.
8 Soon now I will pour out my wrath upon you and unleash my anger against you. I will judge you according to your ways and bring all your detestable practices upon you. Koulye a, nan yon ti tan, Mwen va vide kòlè Mwen sou ou, e achevi kòlè Mwen kont ou. Konsa, M ap jije ou selon tout chemen ou yo, e mennen sou ou tout abominasyon ou yo.
9 My eye will not spare, nor will I have pity; I will repay you according to your ways, and your detestable practices will be in your midst. Then you will know that I am your Father, the one who strikes. Zye m p ap montre okenn pitye, ni Mwen p ap ralanti. Mwen va rekonpanse ou selon chemen ou yo pandan abominasyon ou yo pami nou. Konsa, ou va konnen ke se Mwen, SENYÈ a, ki fè frap la.
10 Look, the day! Look, it is coming! Doom has gone out; the rod has blossomed, arrogance has budded. “‘Gade jou a! Gade l byen, l ap vini! Move lè ou a deja parèt. Baton an fin boujonnen. Ògèy la fin fleri.
11 Violence has risen into a rod of wickedness. None of them will remain—none of their crowd, none of their wealth—and nothing of value among them. Vyolans fin grandi pou vin fè yon baton mechanste. Okenn nan yo p ap rete; okenn nan moun yo, okenn nan richès yo, ni okenn bagay ki gen gwo valè pami yo.
12 The time has come; the day has arrived. Let the buyer not rejoice and the seller not mourn, for wrath is upon all their crowd. Lè a fin rive! Jou a prè. Pa kite moun k ap achte a rejwi, ni moun k ap vann nan soufri, paske gwo chalè a kont tout foul moun yo.
13 The seller will not return to what he sold, even while both are still alive. For the vision against all their crowd will not be revoked, and because of his sin no one can hold on to his life. Anverite, moun k ap vann nan p ap retounen nan sa li te vann nan, malgre yo toujou vivan; paske vizyon konsène tout foul moun yo. Yo p ap retounen, ni okenn nan yo p ap ka pwolonje lavi yo nan mitan inikite yo.
14 They have blown the trumpet and made everything ready, but no one goes to battle, for my wrath is upon all their crowd. Yo te soufle twonpèt la, e te fè tout bagay vin prè, men pèsòn pa prale nan batay la, paske gwo kòlè Mwen an kont tout foul moun yo.
15 The sword is outside; plague and famine are inside. Whoever is in the field will die by the sword, and whoever is in the city—famine and plague will devour him. “‘Nepe a deyò e epidemi ak gwo grangou a anndan. Sila ki nan chan an va mouri pa nepe. Gwo grangou ak epidemi va, anplis, manje sila anndan vil yo.
16 Those of them who escape will flee to the mountains like doves of the valleys, all of them moaning, each one over his own sin. Menm lè sila ki chape yo rive deyò, yo va sou mòn yo tankou toutrèl nan vale yo, yo tout ap kriye, yo chak nan pwòp inikite yo.
17 Every hand will go limp, and every knee will turn to water. Tout men yo va lage vid e tout jenou yo va vin kon dlo.
18 They will put on mourning clothes, and horror will cover them; shame will be on every face, and every head will be shaved bare. Yo va abiye yo menm ak twal sak e lafyèv frison va boulvèse yo. Lawont va sou tout figi yo, e tout tèt yo va chòv.
19 They will throw their silver into the streets, and their gold will be treated as something unclean. Their silver and their gold cannot rescue them in the day of my wrath. It cannot satisfy their hunger or fill their stomachs, for it was the stumbling block that led them into sin. Yo va jete ajan yo nan lari, e lò yo va vin yon bagay repinyans. Lajan ak lò yo p ap kapab delivre yo nan jou gwo chalè SENYÈ a. Yo p ap ka satisfè apeti yo, ni yo p ap kapab plen vant yo, paske se li ki te fè yo chite.
20 They took pride in the beauty of their ornaments and used them to make their detestable images and vile idols. Therefore I have made these things an unclean thing to them. Yo te transfòme bote a òneman pa Li yo pou vin ògèye yo te fè imaj abominasyon yo ak bagay detestab yo avè l. Konsa, Mwen va fè l vin yon bagay abominab pou yo menm.
21 I will hand these things over as plunder to foreigners and as spoil to the wicked of the earth, and they will defile it. Mwen va bay li nan men etranje yo kon piyaj, nan men mechan sou latè yo kon donmaj, e yo va pwofane li nèt.
22 I will turn my face away from them, and they will defile my treasured place; robbers will enter it and defile it. Anplis, Mwen va vire figi Mwen lwen yo, e yo va pwofane plas sekrè Mwen an. Vòlè yo va antre nan li, e yo va pwofane li.
23 Forge the chain! For the land is full of bloody crimes and the city is full of violence. “‘Fè chèn nan, paske peyi a plen ak krim sanglan, e vil la plen ak vyolans.
24 I will bring the worst of the nations to take possession of their houses. I will put an end to the pride of the strong, and their holy places will be defiled. Akoz sa, Mwen va mennen fè vini sila ki pi mal nan tout nasyon yo, e se yo k ap posede lakay yo. Mwen va, anplis, fè ògèy a sila ki pwisan yo sispann. Lye sen yo va vin gate nèt.
25 When anguish comes, they will look for peace, but there will be none. Lè gwo doulè a rive, yo va chache lapè, men p ap genyen menm.
26 Disaster upon disaster will come, and rumor upon rumor. They will seek a vision from the prophet, but instruction will perish from the priest and counsel from the elders. Gwo dega va rive sou gwo dega, e gwo koze sou gwo koze. Konsa, yo va chache yon vizyon soti nan yon pwofèt, men lalwa va fin pèdi nan men prèt la, e p ap gen konsèy menm nan men ansyen yo.
27 The king will mourn, the prince will be wrapped in despair, and the hands of the people of the land will tremble. I will deal with them according to their own conduct, and by their own standards I will judge them. Then they will know that I am their Father. Wa a va fè dèy, prens lan va abiye ak dezespwa, e men a pèp peyi a va pran tranble. Selon kondwit yo, Mwen va aji avèk yo, e selon jijman yo, Mwen va jije yo. Konsa, yo va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]