Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word of our Father came to me: Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
2 Son of man, turn and face the mountains of Israel and prophesy against them. “Fis a lòm, mete figi ou vè mòn Israël yo, e pwofetize kont yo.
3 Say: Mountains of Israel, hear the word of the Sovereign Father. The Sovereign Father says to the mountains and hills, the ravines and valleys: I am bringing a sword against you and will destroy your high places. Di yo: ‘Mòn Israël yo, koute pawòl Senyè BONDYE a! Konsa pale Senyè BONDYE a a mòn yo, kolin yo, ravin dlo yo, ak vale yo: “Gade byen, Mwen menm, Mwen va mennen yon nepe sou nou, e Mwen va detwi wo plas nou yo.
4 Your altars will be demolished, your incense altars smashed, and I will throw down your slain before your idols. Konsa lotèl nou yo va vin dezole, e lotèl lansan yo va vin kraze nèt. Mwen va fè mò nou yo tonbe devan zidòl nou yo.
5 I will lay the corpses of Israel's people before their idols and scatter your bones around your altars. Anplis, Mwen va poze kadav mò fis Israël yo devan zidòl yo. E Mwen va gaye zo nou yo toutotou lotèl nou yo.
6 Wherever you live, cities will lie in ruins and high places be demolished, so your altars are ruined and desolate, your idols smashed and destroyed, your incense altars cut down, and all you have made wiped out. Nan tout kote nou rete, vil nou yo va vin yon savann, e wo plas yo va vin dezole, pou lotèl nou yo kapab vin abandone nèt. Yo va fè yon kote dezole, pou zidòl nou yo ka vin kraze e fini nèt, pou lotèl lansan yo ka vin kraze nèt e zèv nou yo ka vin efase nèt.
7 People will fall slain among you, and you will know that I am your Father. Sila yo touye yo va tonbe pami nou, e nou va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a.
8 But I will leave a remnant: some will escape the sword among the nations when you are scattered through the lands. “‘“Malgre sa, Mwen va kite yon retay, paske nou va genyen sila ki chape anba nepe pami nasyon yo nan lè nou vin gaye pami lòt peyi yo.
9 Then your survivors will remember me among the nations where they are taken captive—how I was broken by their unfaithful heart that turned from me, and their eyes that lusted after their idols. They will hate themselves for the evil they've done, for all their detestable practices. Nan moman sa a, sila ki te chape yo va sonje Mwen pami nasyon yo kote yo pote kon kaptif yo. A la blese Mwen blese pa kè adiltè yo, ki te vire kite Mwen e pa zye yo, ki te fè pwostitiye dèyè zidòl yo. Yo va rayi tèt yo nan pwòp zye yo pou mechanste ke yo te komèt yo, pou tout abominasyon yo.
10 And they will know that I am their Father; I did not threaten this disaster on them for nothing. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Se pa anven ke M te di Mwen ta mennen dezas sa a fè vin rive sou yo.”’
11 This is what the Sovereign Father says: Clap your hands, stamp your feet, and cry, "How terrible!" over all the evil, detestable practices of the house of Israel, for they will fall by sword, famine, and plague. “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Bat men nou, frape pye nou atè e di: “Elas!”, akoz mechanste a tout mal abominab lakay Israël ki va tonbe pa nepe a, gwo grangou ak epidemi yo.
12 Those far off will die by plague, those near will fall by the sword, and any survivor left will die by famine. So I will spend my anger on them. Sila ki lwen an va mouri pa epidemi, sila ki pre a va tonbe sou nepe e sila ki rete vin anba syèj la, va mouri nan gwo grangou a. Konsa, Mwen va pase gwo kòlè Mwen sou yo.
13 Then you will know I am your Father, when their slain lie among the idols around their altars, on every high hill, all the mountaintops, under every green tree and leafy oak—where they offered fragrant incense to all their idols. Nan moman sa a, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Lè moun touye pa yo jwenn pami zidòl ki antoure lotèl yo, sou tout kolin ki wo, sou tout tèt mòn, anba tout bwa vèt— kote yo te ofri odè ki santi bon a tout zidòl yo.
14 I will stretch my hand against them, making the land desolate from the wilderness to Riblah, wherever they live. Then they will know I am their Father. Konsa, pami tout abitasyon yo, Mwen va lonje men m kont yo, fè peyi a vin pi dezole e abandone, depi dezè a ki pase vè Dibla a, jis rive nan tout abitasyon yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]