Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "You, son of man, take a sharp sword as a barber's razor and pass it over your head and beard. Then take scales and divide the hair. “Pou ou menm, Fis a lòm, pran yon nepe byen file. Pran l pou sèvi kon razwa sou tèt ou ak bab ou. Epi pran yon balans pou peze e divize cheve a.
2 Burn a third in fire inside the city when the siege days end. Take a third, strike it with the sword around the city. Scatter a third to the wind, and I'll draw a sword after them. Yon tyè, ou va brile nan dife nan mitan vil la, lè jou syèj yo vin fini. Epi ou va pran yon tyè e frape l avèk nepe toupatou nan vil la e yon tyè, ou va gaye nan van. Konsa, Mwen va rale yon nepe fè l sòti nan fouwo pa dèyè yo.
3 And take a few of them and bind them in the folds of your robe. Pran osi, kèk grenn nan cheve a, pa anpil, e mare yo nan pwent wòb ou.
4 Take some of these again, throw them into the fire, and burn them in it. From there the fire will spread to the whole house of Israel.' Ankò, pran kèk nan yo pou jete nan dife, e brile yo nan dife a. Soti nan li, yon dife va gaye rive nan tout lakay Israël la.
5 This is what the Sovereign Father says: This is Jerusalem. I set her at the center of the nations, with lands around her. “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Sa se Jérusalem. Mwen te mete li nan mitan a nasyon yo ak peyi ki antoure li yo.
6 But she rebelled against my rules more evilly than the nations, and against my statutes more than the countries around her; for they rejected my rules and did not follow my statutes. Men li te fè rebèl kont lòd Mwen yo pi mal pase nasyon yo, e kont règleman Mwen yo, plis ke peyi ki antoure li yo. Paske yo te rejte lòd Mwen yo, e pa t mache nan règleman Mwen yo.’
7 So the Sovereign Father says: "Because you were more rebellious than the nations around you, not following my statutes or keeping my rules, not even acting by the rules of the nations around you, “Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz ou gen plis twoub pase nasyon ki te antoure ou yo, ou pa t mache nan règleman Mwen yo, ni ou pa t swiv lòd Mwen yo, ni ou pa t swiv lòd a nasyon ki te antoure ou yo’;
8 therefore the Sovereign Father says: 'Look, I myself am against you, and will carry out judgments among you in the sight of the nations. akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen, Mwen menm kont ou, e Mwen va egzekite jijman pami nou pou tout lòt nasyon yo ka wè.
9 Because of all your detestable things I will do among you what I have never done before and will never do again. Akoz tout abominasyon nou yo, Mwen va fè pami nou sa ke Mwen pa t fè, e tankou sa Mwen p ap janm fè ankò.
10 So parents will eat their children among you, and children will eat their parents. I will carry out judgments on you and scatter all your survivors to every wind.' Pou sa, papa yo va manje fis yo pami nou, e fis yo va manje papa yo. Paske Mwen va egzekite jijman sou nou e gaye tout retay nou yo nan tout van.
11 "As surely as I live, declares the Sovereign Father, because you made my sanctuary unclean with all your vile things and detestable practices, I myself will withdraw; I will spare no one and show no pity. Jan Mwen viv la’, deklare Senyè BONDYE a: ‘Anverite, akoz nou te souye Sanktyè pa M nan ak tout zidòl abominab nou yo, e ak tout abominasyon nou yo, konsa M ap desann nou. Pou sa, Zye m p ap gen pitye, e Mwen p ap epanye pèsòn.
12 'A third of you will die by plague or famine among you; a third will fall by the sword around you; a third I will scatter to every wind, pursuing them with a drawn sword. Yon tyè nan nou va mouri akoz epidemi. Yo va vin mouri nan gwo grangou nan mitan nou. Yon tyè va tonbe devan nepe ki toupatou nou. Yon tyè, mwen va gaye nan tout van yo, e Mwen va rale yon nepe dèyè yo.’”
13 "Then my anger will end, and I will satisfy my wrath against them and be comforted. They will know that I, their Father, have spoken in my zeal, when I have spent my wrath on them. Konsa, kòlè M va achevi. Mwen va satisfè gwo mekontantman Mwen sou yo, e Mwen va satisfè. Epi yo va vin konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, Mwen te pale ak zèl lè Mwen te achevi kòlè Mwen sou yo a.
14 "I will make you a ruin and a disgrace among the nations around you, in the sight of all who pass by. “‘Anplis, Mwen va fè ou vin yon kote dezole ak yon objè repwòch pami nasyon ki antoure ou yo, nan zye a tout sila ki pase la yo.
15 You will be a disgrace and mockery, a warning and horror to the nations around you, when I execute judgments on you in anger, wrath, and furious corrections. I, your Father, have spoken. Konsa, sa va yon repwòch, yon ensilt, yon avètisman e yon objè degoutan pou nasyon ki antoure ou yo lè Mwen egzekite jijman kontra ou nan kòlè Mwen, mekontantman, ak repwòch plen ak raj— Mwen, SENYÈ a fin pale—
16 When I shoot at you the deadly arrows of famine, sent to destroy you, I will pile on more famine and cut off your food supply. lè Mwen voye kont yo flèch mechan yo, kon gwo grangou a, yon flèch ki te voye pou detwi nou. Mwen va osi fè gwo grangou a vin pi rèd sou ou e va kase retire sous pen an.
17 I will send famine and wild beasts against you; they will leave you childless. Plague and bloodshed will sweep through you, and I will bring the sword on you. I, your Father, have spoken.'" Anplis, Mwen va voye sou ou gwo grangou, ak bèt sovaj yo e yo va fè ou soufre gwo pèt. Epidemi ak vèse san va rive sou ou. Mwen va mennen nepe sou ou. Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale sa a.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]