Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "You, son of man, take a brick, set it before you, and carve a city on it—Jerusalem. “Alò, ou menm, fis a lòm, chache pou ou yon moso mozayik. Mete l devan ou e desiyen yon vil sou li, menm Jérusalem nan.
2 Lay siege to it: build a siege wall against it, raise a ramp against it, set camps against it, place battering rams around it. Konsa, poze fè syèj kontra li. Bati yon miray syèj, leve teras, fòme kan a, prepare e pozisyone dè belye mouton kont li tout ozanviwon.
3 Take an iron griddle; set it as an iron wall between you and the city. Face it; it will be under siege, and you will press the siege against it. This is a sign for the house of Israel. Ankò, chache pou ou yon plak an fè, pozisyone li tankou yon miray ki fèt an fè antre ou menm ak vil la e mete fas ou anvè li. Li anba syèj. Konsa ou va mete li anba syèj menm. Sa va yon sign pou lakay Israël.
4 "You, lie on your left side and lay the guilt of Israel's house on it. The days you lie on it, you'll bear their guilt. “Pou ou menm, kouche sou kote goch ou e mete inikite lakay Israël la sou li. Ou va pote inikite yo pou menm fòs jou ke ou kouche sou li yo.
5 For I have assigned you their years of guilt as a number of days—390 days—so you will bear the guilt of the house of Israel. Mwen te kontwole fòs kantite jou ki koresponn a fòs kantite ane a inikite yo; twa-san-katra-ven-di jou. Konsa ou va pote inikite a lakay Israël la.
6 "When you finish these, lie down again on your right side and bear the guilt of the house of Judah forty days; I have assigned you a day for each year. Lè ou fin konplete sila yo, ou va kouche yon dezyèm fwa sou kote dwat ou pou pote inikite lakay Juda a. Mwen te kontwole li pou ou pandan karant jou; yon jou pou chak ane.
7 Turn toward the siege of Jerusalem, with your arm bared, and prophesy against it. Konsa, ou va mete figi ou vè syèj a Jérusalem ak bra ou dekouvri pou pwofetize kont li.
8 Look, I will tie you with ropes so you cannot turn from side to side until you finish the days of your siege. Alò, gade byen, Mwen va mete kòd sou ou pou ou pa kapab vire soti yon kote a yon lòt jiskaske ou fin konplete jou a syèj ou yo.
9 "Take wheat, barley, beans, lentils, millet, and spelt; put them in one jar and make bread from them. Eat it during the days you lie on your side—390 days. “Men pou ou menm, pran ble, lòj, pwa, pwa tann, pitimi, ak ble mòn. Mete yo nan yon sèl veso e fè pen ak yo. Ou va manje l selon nonb jou ke ou kouche sou kote ou yo, twa-san-katre-ven-di jou.
10 Weigh out the food you eat—about eight ounces a day; eat it at set times. Manje ke ou va manje a va ven sik pa jou selon pwa li. Ou va manje ladann de tanzantan.
11 Drink measured water—about a pint a day; drink it at set times. Dlo ou bwè a va yon sizyèm en (1 lit pa mezi). Ou va bwè l de tanzantan.
12 You are to eat it as barley cakes, baking it in plain sight over human waste." Ou va manje li kon gato lòj. Ou va kwit li devan yo ak fimye poupou moun.”
13 And our Father said, "So the children of Israel will eat their bread unclean among the nations where I drive them." Epi SENYÈ a te di: “Konsa fis Israël yo va manje pen pa pwòp yo pami nasyon kote m ap chase yo ale yo.”
14 Then I said, "Ah, Sovereign Father! I've never made myself unclean. From my youth till now I've eaten nothing that died on its own or was torn by animals, and no foul meat has entered my mouth." Men mwen te di: “Ah Senyè BONDYE! Mwen pa t janm konn souye nanm mwen. Paske depi nan jenès mwen jis rive koulye a, mwen pa t janm manje sa ki te mouri pou kont li, oswa ki te chire pa bèt sovaj, ni okenn vyann ki pa t pwòp pa t janm antre nan bouch mwen.”
15 He said to me, "See, I let you use cow dung instead of human waste to cook your bread over." Konsa, Li te di mwen: “Men gade, m ap bay ou kaka bèf pou ranplase poupou moun nan. Sou li menm ou va prepare pen ou an.”
16 He said to me, "Son of man, look, I am breaking the staff of bread in Jerusalem. They will eat bread by weight, with anxiety, and drink water by measure, in dismay, Anplis ke sa, Li te di mwen: “Fis a lòm, gade byen, Mwen va kase pen sa a nan Jérusalem. Yo va manje pen mezire selon pwa, e ak kè twouble. Yo va bwè dlo pa mezi ak gwo laperèz
17 because bread and water will be scarce. They will stare at one another in horror and waste away in their guilt." ke pen ak dlo va vin ra. Konsa, yo va etonnen youn lòt e yo vin deperi nan inikite yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]