Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 He said to me, "Son of man, eat what you find. Eat this scroll, then go speak to the house of Israel." Li te di mwen: “Fis a lòm, manje sa ou jwenn. Manje woulo sa a pou ale pale ak lakay Israël.”
2 So I opened my mouth, and he gave me this scroll to eat. Konsa, mwen te louvri bouch mwen eLi te lonje ban m woulo a pou manje.
3 He said to me, "Son of man, feed your stomach and fill your belly with this scroll I am giving you." I ate it, and in my mouth it was sweet as honey. Li te di mwen: “Fis a lòm, bay vant ou manje, e plen kò ou ak woulo sa ke Mwen ap bay ou a.” Alò, mwen te manje li. Li te dous kon siwo myèl nan bouch mwen.
4 Then he said to me, "Son of man, go to the house of Israel and speak my words to them. Konsa, Li te di mwen: “Fis a lòm, ale lakay Israël pou pale pawòl Mwen yo avèk yo.
5 "For you are not sent to a people of obscure speech and difficult language, but to the house of Israel, Paske ou p ap voye kote yon pèp ak langaj ki difisil, men a pèp Israël la.
6 not to many peoples of obscure speech and hard language whose words you can't understand. Surely, had I sent you to them, they would listen to you. Ni a anpil pèp ak pawòl ki pa ka konprann, ni lang difisil, ak pawòl ke ou p ap ka konprann. Men Mwen voye ou kote sila ki ta dwe koute ou yo.
7 But the house of Israel will not be willing to listen to you, because they are not willing to listen to me; for all the house of Israel are hard-headed and stubborn-hearted. Malgre sa, lakay Israël p ap dakò koute ou, akoz yo p ap dakò koute Mwen menm. Anverite, tout lakay Israël gen tèt di e wondonmon.
8 Look, I have made your face as hard as their faces, your forehead as hard as their foreheads. Gade byen, Mwen te fin fè figi ou di kont figi yo, e fwontèn ou di kont fwontèn yo.
9 I've made your forehead like emery, harder than flint. Do not fear them or be dismayed by their looks, for they are a rebellious house." Tankou dyaman, pi di pase silèks, Mwen te fè fwontèn ou. Pa krent yo ni vin twouble devan yo, malgre yo se yon kay rebèl.”
10 He said to me, "Son of man, take all my words that I speak to you into your heart and hear them with your ears. Anplis, Li te di mwen: “Fis a lòm, pran mete nan kè ou tout pawòl Mwen yo, ke Mwen va pale a ou e koute ak atansyon.
11 Go to the exiles, your own people, and speak to them. Say to them, 'This is what the Sovereign Father says,' whether they listen or refuse to listen." Ale kote egzile yo, fis a pèp ou yo. Pale ak yo e di yo, menm si yo koute oswa yo pa koute: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a.’”
12 Then the Spirit of our Father lifted me, and behind me I heard a great rushing sound: "Blessed be the glory of our Father from his dwelling place!" Konsa, Lespri a te leve mwen monte e mwen te tande yon gwo bri k ap gwonde dèyè m: “Beni se glwa SENYÈ a nan plas Li a.”
13 the sound of the living creatures' wings brushing against one another, and the sound of the wheels beside them, a sound of great rushing. Epi mwen te tande zèl a kreyati vivan yo, youn k ap touche lòt e bri a wou yo bò kote yo, menm yon gwo bri k ap gwonde.
14 The Spirit lifted me and carried me off, and I went in bitterness, my spirit burning within me, the hand of our Father strong upon me. Konsa, Lespri a te leve mwen monte e te pran m ale. Mwen te vini byen anmè ak laraj nan lespri m, e men SENYÈ a te fò sou mwen.
15 I came to the exiles at Tel-abib by the Chebar canal, and I sat among them there, overwhelmed, seven days. Konsa, mwen te vini kote egzile ki te rete akote rivyè Kebar yo nan Thel-Abib. Mwen te chita la, etonen nèt pandan sèt jou kote yo te rete a.
16 At the end of seven days, the word of our Father came to me: Nan fen sèt jou yo, pawòl SENYÈ a te vini sou mwen e te di:
17 "Son of man, I have made you a watchman for the house of Israel. When you hear a word from my mouth, warn them from me. “Fis a lòm, Mwen te chwazi ou kon gadyen pou lakay Israël. Depi lè ou tande yon pawòl sòti nan bouch mwen, avèti yo li soti nan Mwen.
18 If I tell the wicked, 'You will surely die,' and you don't warn him or speak out to warn the wicked from his wicked way to save his life, that wicked man will die for his sin, but I will hold you accountable for his blood. Lè Mwen di a mechan an: ‘Ou va, anverite, mouri’ e ou pa avèti li, ni pale fò pou avèti mechan an pou kite chemen mechan l lan, pou l ka viv, mechan sila a va mouri nan inikite li, men san li, mwen va egzije li soti nan men ou.
19 "But if you warn the wicked and he does not turn from his evil or his evil way, he will die for his sin, but you will have saved your life. Men si ou te avèti mechan an, e li pa kite mechanste li a, ni chemen mechan li an, li va mouri nan inikite li, men ou delivre nanm ou.”
20 "Again, when a righteous person turns from his righteousness and does wrong, and I put a stumbling block before him, he will die. Since you did not warn him, he will die for his sin, his righteous deeds forgotten, and I will hold you accountable for his blood. “Ankò, lè yon nonm ladwati ta vire kite ladwati pou komèt inikite e Mwen plase yon obstak devan l, li va mouri. Akoz ou pa t avèti li, li va mouri nan peche li e zèv ladwati ke li te konn fè yo, p ap sonje, men san li, mwen va egzije li nan men ou.
21 But if you warn the righteous person not to sin, and he does not, he will live because he heeded the warning, and you will have saved your life." Sepandan, si ou te avèti nonm dwat la ke moun ladwati pa dwe peche, e li pa peche, li va anverite viv, akoz li te koute avètisman an; epi ou delivre nanm ou.”
22 The hand of our Father was on me there, and he said to me, "Get up, go out to the valley, and there I will speak with you." Men a SENYÈ a te sou mwen la, e Li te di m: “Leve ou menm, ale deyò nan plèn nan, epi la, Mwen va pale avèk ou.”
23 So I got up and went to the valley, and there stood our Father's glory, like the glory I saw by the Chebar canal, and I fell facedown. Konsa, mwen te leve ale nan plèn nan. Epi gade byen, glwa a SENYÈ a te kanpe la, tankou glwa ke m te wè akote rivyè Kebar a. Epi mwen te tonbe sou figi m.
24 The Spirit entered me, set me on my feet, spoke with me, and said: "Go, shut yourself inside your house. Nan lè sa a, Lespri a te antre nan mwen. Li te fè m kanpe sou pye m, Li te pale avè m e te di mwen: “Ale, fèmen tèt ou anndan lakay ou.
25 And you, son of man, they will tie cords on you and bind you with them, so you cannot go out among the people. Selon ou menm, fis a lòm, y ap mete kòd sou ou pou mare ou ak yo. Konsa, ou p ap ka sòti deyò pami yo.
26 I will make your tongue stick to the roof of your mouth; you will be mute, unable to rebuke them, for they are a rebellious house. Mwen va fè lang ou kole anlè bouch ou pou ou vin bèbè e pou ou p ap ka fè yo repwoch, paske lakay yo rebèl.
27 But when I speak with you, I will open your mouth, and you will tell them, 'This is what the Sovereign Father says.' Whoever will listen, let him listen; and whoever will refuse, let him refuse—for they are a rebellious house." Men lè M pale ak ou, Mwen va ouvri bouch ou e ou va di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a’. Sila ki tande a, kite li tande; epi sila ki refize tande a, kite li refize; paske yo se yon kay rebèl.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]