Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the sixth year, sixth month, on the fifth day, as I sat in my house with the elders of Judah before me, the hand of the Sovereign Father fell on me there. Li te vin rive nan sizyèm ane, sou senkyèm jou, nan sizyèm mwa a, pandan mwen te chita lakay mwen ak ansyen a Juda yo ki te chita devan m, ke men Senyè BONDYE a te tonbe sou mwen la.
2 I looked and saw a figure like fire: from what looked like his waist downward, fire; from his waist upward, a brightness like gleaming metal. Answit, mwen te gade e vwala, yon imaj kon aparans a yon nonm—soti nan ren li pou rive anba, te gen aparans dife e soti nan ren li pou monte, aparans yon bagay briyan tankou metal k ap klere.
3 He reached out what looked like a hand and seized me by a lock of my head, and the Spirit of our Father lifted me between earth and heaven and brought me, in visions from our Father, to Jerusalem—to the entrance of the inner gate facing north, where the image of jealousy stood, which provokes jealousy. Li te lonje yon bagay sanblab ak yon men, e li te kenbe m nan cheve m nan pati dèyè tèt mwen. Konsa, Lespri a te leve m monte rive antre tè a ak syèl la, e li te mennen mwen nan vizyon Bondye yo pou rive Jérusalem nan antre kote nò nan pòtay pa anndan an, kote ki te gen chèz pou zidòl ki rele jalouzi a, ki konn pwovoke jalouzi a.
4 The glory of our Father was there, like the vision I saw in the valley. Gade byen, glwa Bondye Israël la te la, tankou aparans ke m te wè nan plèn nan.
5 Then he said, "Son of man, look toward the north." So I looked, and there north of the altar gate, at the entrance, was this image of jealousy. Li te di mwen: “Fis a lòm, leve zye ou koulye a vè nò.” Konsa, mwen te leve zye m vè nò, e gade byen, nan nò a pòtay lotèl, se te zidòl jalouzi a ki te nan antre a.
6 He said to me, "Son of man, do you see what they are doing—the great detestable things the house of Israel commits here, driving me far from my sanctuary? But you will again see greater detestable things." Li te di mwen: “Fis a lòm, èske ou wè ki sa y ap fè, gwo abominasyon ke lakay Israël ap fè isit la, pou m ta kite sanktyè Mwen an? Malgre toujou, ou va wè abominasyon ki pi gwo.”
7 He brought me to the court entrance; I looked, and there was a hole in the wall. Li te mennen m nan antre lakou enteryè a, e lè m te gade, vwala, yon twou nan mi an.
8 He said to me, "Son of man, dig through the wall." So I dug through the wall, and there was a doorway. Li te di mwen: “Fis a lòm, fouye yon twou fonse antre nan mi an.” Konsa, mwen te fouye yon twou fonse antre nan mi an e vwala, yon pòt pou antre.
9 He said to me, "Go in and see the wicked detestable things they are doing here." Li te di mwen: “Antre ladann pou wè abominasyon mechan ke y ap komèt isit la.”
10 So I went in and looked, and there on the wall all around were carvings of every crawling thing and detestable beast, and all Israel's idols. Konsa, mwen te antre e vwala, tout fòm bagay ki trennen atè, bèt ak bagay abominab, ak tout zidòl lakay Israël yo te grave kon desen sou mi an toutotou li.
11 Seventy elders of the house of Israel stood before them, with Jaazaniah son of Shaphan among them, each holding his censer, and a fragrant cloud of incense rising. Epi te kanpe devan yo, swasann-dis lansyen a lakay Israël yo, e Jaazania, fis a Schaphan an, te kanpe nan mitan yo, chak moun ak pwòp veso lansan li, e odè nwaj lansan an a t ap leve.
12 He said to me, "Son of man, have you seen what the elders of Israel's house do in the dark, each at the shrine of his carved image? For they say, 'God does not see us; God has forsaken the land.'" Epi Li te di mwen: “Fis a lòm, èske ou wè sa ke ansyen lakay Israël yo ap komèt nan fènwa a, chak moun nan chanm a pwòp imaj taye li? Paske men ki sa y ap di: ‘SENYÈ a pa wè nou. SENYÈ a fin abandone peyi a.’”
13 He said to me, "Turn again, and you will see even greater detestable things they are doing." Epi Li te di mwen: “Malgre sa, ou va wè abominasyon ki pi gwo ke y ap komèt.”
14 He brought me to the entrance of the north gate of the house of our Father, where women sat weeping for Tammuz. Konsa, Li te mennen mwen nan antre a pòtay lakay SENYÈ a ki te vè nò; epi vwala, te gen fanm la ki t ap kriye pou Thammuz.
15 He said to me, "Have you seen this, son of man? Turn again; you will see detestable things greater than these." Li te di mwen: “Èske ou wè sa, fis a lòm? Malgre sa, ou va wè pi gwo abominasyon ke sa yo.”
16 He brought me to the inner court of our Father's house; at the temple entrance, between the portico and the altar, were about twenty-five men, backs to the temple, faces east, bowing to the sun in the east. Konsa, Li te mennen mwen antre nan lakou enteryè lakay SENYÈ a. Epi vwala, nan antre tanp SENYÈ a, antre galri ak lotèl la, anviwon venn-senk òm, avèk do yo bay tanp SENYÈ a, e figi yo vè lès. Epi yo t ap pwostène yo nan lès vè solèy la.
17 He said to me, "Have you seen this, son of man? Is it too small a thing for the house of Judah to do the detestable things they do here, that they also fill the land with violence and provoke me to anger again and again? Look, they put the branch to their nose. Li te di mwen: “Èske ou wè sa, fis a lòm? Èske se yon bagay twò piti pou lakay Juda ta komèt abominasyon ke yo te komèt isit la? Paske yo te ranpli peyi a ak vyolans e te pwovoke M plizyè fwa? Gade byen, y ap vekse M menm ak ti branch bwa yo poze sou nen yo.
18 So I too will act in wrath. My eye will not spare, nor will I show pity. Though they cry out loudly in my ears, I will not listen to them." Akoz sa, anverite, Mwen va aji ak gwo kòlè. Zye m p ap gen pitye, ni Mwen p ap epanye pèsòn. Malgre yo kriye nan zòrèy Mwen ak gwo vwa, malgre sa, Mwen p ap koute yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]