Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then he called out in my hearing with a loud voice: "Approach, overseers of the city, each with his weapon of destruction in hand." Answit, Li te kriye fò pou m tande ak yon gwo vwa e te di: “Vin pi pre, O nou menm ki an chaj vil la, chak moun ak pwòp zam destriksyon li nan men l.”
2 Six men came from the upper gate facing north, each with a deadly weapon in hand; among them a man dressed in linen, a writing case at his side. They came and stood beside the bronze altar. Gade byen, sis moun te sòti nan pòtay anlè ki pozisyone vè nò a, chak moun ak pwòp zam masak li nan men l. Pami yo, te gen yon sèten nonm abiye an len, ak yon valiz pou ekri nan senti l. Epi yo te antre ladann e te kanpe akote lotèl an bwonz lan.
3 The glory of our Father rose from above the cherub where it had rested, to the threshold of the house. He called to the man dressed in linen with the writing case at his side. Konsa, laglwa Bondye Israël la te leve monte soti nan cheriben kote l te poze a, pou rive nan papòt tanp lan. Epi Li te rele nonm abiye an len ak yon valiz pou ekri nan senti li an.
4 And our Father said to him, "Go through the city of Jerusalem and mark the foreheads of those who sigh and groan over all the abominations committed there." SENYÈ a te di li: “Ale pase nan mitan vil la, menm nan mitan Jérusalem, mete yon mak sou fwon a mesye ki plenn nan gòj e ki fè soupi pou tout abominasyon k ap komèt nan mitan li yo.”
5 To the others he said in my hearing: "Go through the city after him and strike. Do not let your eye spare, do not show pity. Men pou lòt yo, Li te di nan zòrèy mwen: “Travèse vil la dèyè li pou frape. Pa kite zye ou fè pitye, ni pa ralanti.
6 Old men, young men, young women, children, women—kill them all. But don't touch anyone who has the mark. Begin at my sanctuary." So they began with the elders in front of the house. Konplètman, touye granmoun, jenn gason, jenn fi, timoun yo ak fanm, men pa touche okenn moun ki gen mak la. Kòmanse soti nan sanktyè pa M nan.” Konsa, yo te kòmanse ak ansyen ki te devan tanp yo.
7 Then he told them, "Make the house unclean, fill the courts with the dead. Go!" So they went out and struck down people in the city. Epi Li te di yo: “Souye tanp lan e plen lakou a ak mò yo. Ale deyò!” Konsa, yo te ale deyò pou te frape moun nan vil yo.
8 While they struck, I was left alone. I fell facedown and cried out, "Ah, Sovereign Father! Will you destroy all the remnant of Israel as you pour out your wrath on Jerusalem?" Pandan yo t ap frape moun yo e mwen sèl te rete, mwen te tonbe sou figi mwen, mwen te kriye fò pou te di: “Anmwey, Senyè BONDYE! Èske W ap detwi tout retay Israël la pandan W ap vide gwo kòlè ou sou Jérusalem nan?”
9 Then he told me: "The guilt of the house of Israel and Judah is enormous. The land is full of bloodshed, the city full of injustice, for they say, 'God has abandoned the land; God does not see.' Li te reponn mwen: “Inikite lakay Israël ak Juda yo vin trè trè gran. Peyi a vin plen ak san, e vil la plen ak pèvèsyon. Paske yo di: ‘SENYÈ a te abandone tout peyi a e SENYÈ a pa wè!’
10 As for me, I won't spare or pity them. I'll bring their conduct down on their own heads." Men pou Mwen, zye M p ap gen pitye ni Mwen p ap ralanti, men Mwen va fè kondwit yo vin rive sou pwòp tèt yo.”
11 Then the man dressed in linen with the writing case at his side reported back: "I have done as you commanded me." Epi gade byen, nonm abiye an len, ki te gen valiz ekri nan senti li jan nou te di a, t ap di: “Mwen te fè l jis jan ou te kòmande mwen an.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]