Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 48 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "These are the names of the tribes: at the northern end, along the Hethlon road to Lebo-hamath, to Hazar-enan on the border of Damascus northward beside Hamath—from the east side to the west—Dan: one portion. Alò, sila yo se non a tribi yo: soti nan pwent nò a, akote chemen a Hethlon rive Lebo-Hamath, Hatsar-Énon nan lizyè Damas la, vè nò a akote Hamath, ki kouri soti nan lès pou ale nan lwès Dan, yon pòsyon.
2 "Next to Dan's border, from east side to west side: Asher, one portion. Akote lizyè a Dan nan, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Aser, yon pòsyon.
3 "Beside Asher's border, from the east side to the west, Naphtali: one portion. Akote lizyè Aser a, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Nephthali, yon pòsyon.
4 "Next to Naphtali's border, from the east side to the west side: Manasseh, one portion. Akote lizyè Nephthali a, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Manassé, yon pòsyon.
5 "Beside Manasseh's border, from east to west, Ephraim: one portion. Akote lizyè Manassé a, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Éphraïm, yon pòsyon.
6 "Beside Ephraim's border, from east to west: Reuben, one portion. Akote lizyè Éphraïm nan, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Ruben, yon pòsyon.
7 "Beside Reuben's border, from the east side to the west side: Judah, one portion. Akote lizyè Ruben an, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Juda, yon pòsyon.
8 "Alongside Judah's border, from east to west, is the portion you set apart—about eight miles wide, as long as one tribal portion, from east to west—with the sanctuary in its midst. Epi akote lizyè Juda a, soti nan kote lès la, jis rive nan kote lwès la, va yon pòsyon ke nou va mete akote, venn-senk-mil koude nan lajè ak nan longè, kon youn nan pòsyon yo, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la; epi sanktiyè a va nan mitan li.
9 "The portion you set apart for our Father: about eight miles long, three miles wide. Pòsyon ke nou va rezève pou SENYÈ a, venn-senk-mil koude nan longè, e di-mil koude nan lajè.
10 This holy portion belongs to the priests: about eight miles north, three miles wide on the west, three miles wide on the east, eight miles south; and the sanctuary of our Father stands in its midst. Pòsyon sen an va pou sila yo; pou prèt yo, vè nò, venn-senk-mil koude nan longè vè lwès, di-mil nan lajè, e vè sid, venn-senk-mil nan longè; epi sanktiyè SENYÈ a va nan mitan l.
11 It goes to the dedicated priests, Zadok's sons, who kept my charge and did not stray when Israel strayed, as the Levites strayed. Li va pou prèt ki sen pami fis a Tsadok yo, ki te kenbe responsabilite Mwen an, ki pa t vin egare lè fis Israël yo te vin egare, jan Levit yo te egare a.
12 It will be a special gift to them from the land's set-apart portion, a most holy thing, next to the Levites' border. Li va yon pòsyon pou yo soti nan pòsyon peyi a, yon kote ki sen pase tout kote, akote pòsyon Levit yo.
13 "Beside the priests' border the Levites get a strip about eight miles long and about three miles wide; its whole length about eight miles, its width about three miles. Akote lizyè prèt yo, Levit yo va gen venn-senk-mil koude nan longè, e di-mil nan lajè. Longè total la va venn-senk-mil koude, e lajè a va di-mil koude.
14 They must not sell or exchange any of it, nor let the best of the land pass to others, for it is holy to our Father. Anplis, yo p ap ni vann ni fè echanj okenn ladann, ni anile okenn nan pòsyon chwazi nan teren sa a; paske li sen a SENYÈ a.
15 "The leftover strip, about a mile and a half wide alongside the eight miles, is common land for the city—for homes and open space, with the city at its center. Rès la, senk-mil koude nan lajè e venn-senk-mil koude nan longè, va pou sèvis vil la, pou kay yo ak pou espas ouvri yo; epi lavil la va nan mitan li.
16 Its measurements: north side about one and a half miles, south side about one and a half miles, east side about one and a half miles, west side about one and a half miles. Sa yo va mezi li: Nan kote nò a, kat-mil-senk-san koude, kote sid la, kat-mil-senk-san koude, kote lès la, kat-mil-senk-san koude, e kote lwès la, kat-mil-senk-san koude.
17 The city's open land: north about 150 yards, south about 150 yards, east about 150 yards, and west about 150 yards. Vil la va gen espas ouvri yo: Nan nò, de-san-senkant koude, nan sid, de-san-senkant koude, nan lès, de-san-senkant koude e nan lwès, de-san-senkant koude.
18 The rest, alongside the holy portion in length—about three miles east, about three miles west, matching the holy portion—its produce feeds the city's workers. Rès longè akote pòsyon ki sen an, va di-mil koude vè lès, e di-mil koude vè lwès; epi li va kouri akote pòsyon sen an. Epi pwodwi li yo va vin manje pou ouvriye vil yo.
19 The workers of the city, from all the tribes of Israel, will farm it. Ouvriye vil yo, ki sòti nan tout tribi Israël yo, va kiltive li.
20 The whole set-apart portion is about eight miles by eight miles, a square. Set apart this holy portion with the city's property. Tout pòsyon an va venn-senk-mil pa venn-senk-mil koude; nou va mete apa pòsyon sen an, yon pòsyon an fòm kare, ak teren vil la.
21 "What remains on both sides of the holy portion and the city's property belongs to the prince. Alongside the eight miles of the holy portion to the eastern border, and westward alongside the eight miles to the western border, beside the tribal portions—it is the prince's; and the holy portion with the sanctuary of the house lies in its midst. Tout sa ki rete va pou prens lan, de yon kote a yon lòt kote, de pòsyon sen an ak teren vil la; devan venn-senk-mil koude a pòsyon an vè lizyè lès la, e vè lwès, devan venn-senk-mil koude vè lizyè lwès la, akote pòsyon yo, li va pou prens lan. Epi pòsyon sen an ak sanktiyè kay la va nan mitan li.
22 So the Levites' property and the city's property will lie within what belongs to the prince; between Judah's border and Benjamin's border is to be the prince's. Apa de teren Levit yo ak teren vil la, ki nan mitan a sila ki apatyen a prens lan, tout bagay antre lizyè Juda a ak lizyè Benjamin an va pou prens lan.
23 "The rest of the tribes: from the east side to the west side, Benjamin, one portion. Pou tout rès tribi yo: Soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Benjamin, yon pòsyon.
24 "Next to Benjamin's border, from the east side to the west side: Simeon, one portion. Akote lizyè Benjamin an, soti nan kote lès la pou rive nan lwès la, Siméon, yon pòsyon.
25 "Beside Simeon's border, from east side to west side: Issachar, one portion. Akote lizyè Siméon an, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Issacar, yon pòsyon.
26 "Beside Issachar's border, east to west: Zebulun, one portion. Akote lizyè Issacar a, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Zabulon, yon pòsyon.
27 "Beside Zebulun's border, from the east side to the west side, Gad has one portion. Akote lizyè Zabulon an, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Gad, yon pòsyon.
28 "Beside Gad's border, on the south side, the border runs from Tamar to the waters of Meribath-kadesh, then along the Brook to the Great Sea.' Akote lizyè Gad la, soti nan kote vè sid la, lizyè a va soti Thamar jis rive nan dlo a Meriba yo nan Kadès, nan flèv Égypte la, jis rive nan Gwo Lanmè a.
29 This is the land you are to allot as inheritance to the tribes of Israel, and these are their portions, declares the Sovereign Father. Sa se peyi ke nou va divize selon tiraj osò bay tribi Israël yo, kon eritaj e sila yo se pòsyon pa yo,” deklare Senyè BONDYE a.
30 "These are the city's exits: on the north side, measuring about one and a half miles, “Sa yo se kote pou sòti nan vil la: Nan kote nò a, kat-mil-senk-san koude pa mezi,
31 the city gates are named for the tribes of Israel—three on the north: Reuben's gate, Judah's gate, Levi's gate. Sa yo va pòtay vil yo, ki gen non a tribi Israël yo, twa pòtay vè nò: pòtay Ruben an, youn; pòtay Juda a, youn; pòtay Levi a, youn.
32 "East side, about one and a half miles, three gates: Joseph's, Benjamin's, Dan's. “Nan kote lès la, kat-mil-senk-san koude, va gen twa pòtay sila yo: pòtay Joseph la, youn; pòtay Benjamin an, youn; pòtay Dan nan, youn.
33 "On the south side, about one and a half miles, three gates: the gate of Simeon, the gate of Issachar, the gate of Zebulun. “Nan kote sid la, kat-mil-senk-san koude pa mezi, va gen twa pòtay: pòtay Siméon an, youn; pòtay Issacar a, youn; pòtay Zabulon an, youn.
34 "West side, one and a half miles, three gates: Gad, Asher, and Naphtali." “Nan kote lwès la, kat-mil-senk-san koude, twa pòtay: pòtay Gad la, youn; pòtay Aser a, youn; pòtay Nephthali a, youn.
35 The perimeter is about six miles all around. From that day the city's name is: Our Father Is There. “Vil la va diz-ui-mil koude antoure nèt; epi non a vil la soti nan jou sa a va: ‘SENYÈ a la’.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]