Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 47 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then he brought me back to the temple entrance, and water was flowing out from under the threshold eastward, for the temple faced east. The water flowed down from below the temple's south side, south of the altar. Epi li te mennen m retounen nan pòt kay la; epi gade byen dlo t ap koule soti anba papòt kay la vè lès, paske kay la te bay fas vè lès. Epi dlo a t ap koule soti pa anba, soti akote dwat kay la, soti kote sid lotèl la.
2 He led me out the north gate and around the outside to the outer gate facing east; water was trickling from the south side. Li te mennen mwen deyò pa chemen pòtay nò a, epi te mennen m ozanviwon pa deyò rive nan pòtay eksteryè a, pa chemen pòtay ki bay fas vè lès la. Epi gade byen, dlo t ap koule soti nan kote sid la.
3 As the man went east with a measuring line, he measured about 1,500 feet and led me through ankle-deep water. Lè mesye a te sòti deyò vè lès ak yon kòd mezi nan men l, li te mezire mil koude, e li te mennen m pase nan dlo a, dlo ki te rive nan cheviy pye l yo.
4 He measured another 1,500 feet and led me through—water knee-deep. He measured another 1,500 feet and led me through—water waist-deep. Ankò, li te mezire mil koude e li te mennen m pase nan dlo ki rive jis nan jenou yo. Ankò, li te mezire mil koude, e li te mennen m pase nan dlo ki rive nan senti a.
5 He measured another 1,500 feet—a river I could not cross, for the water had risen, water deep enough to swim in, a river that could not be crossed. Ankò, li te mezire mil koude; epi yon rivyè ke m pa t ka travèse, paske dlo a te vin leve, te gen ase dlo naje ladann, yon rivyè ki pa t ka janbe sou pye.
6 He said to me, "Son of man, have you seen this?" Then he led me back to the riverbank. Li te di m: “Fis a lòm, èske ou wè sa a?” Konsa, li te mennen m retounen rive arebò rivyè a.
7 As I returned, I saw very many trees on both banks of the river. Alò, lè m te retounen, gade byen, akote rivyè a, te gen anpil pyebwa nan yon kote yo ak nan lòt la.
8 He said to me, "This water flows toward the eastern region, down into the Arabah, and enters the sea, the sea of stagnant waters, and the water becomes fresh. Li te di mwen: “Dlo sila yo sòti nan rejyon lès pou desann rive nan dezè a. Depi la, yo kontinye vè lanmè, menm antre nan lanmè. Lanmè a ap soti, e dlo lanmè yo va geri.
9 Wherever the river flows, every swarming living creature will live, and fish will be very many; for this water reaches there, the sea's waters turn fresh, and everything lives wherever the river goes. Li va vin rive ke tout kreyati vivan ki naje tout kote ke rivyè a ale, yo va viv. Konsa, va genyen anpil pwason, paske dlo sa yo ale la e dlo lanmè yo va geri. Tout bagay va viv nenpòt kote rivyè a ale.
10 Fishermen will stand beside it; from En-gedi to En-eglaim, a place for spreading nets. Its fish, many kinds, like the fish of the Mediterranean Sea. Exceedingly many. Epi li va vin rive ke mesye lapèch yo va kanpe akote li. Soti En-Guédi jis rive En-Églaïm, va gen kote pou ouvri filè yo. Pwason pa yo va selon espès pa yo, tankou pwason Gwo Lanmè a, anpil, anpil.
11 But its swamps and marshes will not become fresh; they are left for salt. Men marekaj li yo ak fòs li yo p ap geri; yo va rete sale.
12 Fruit trees of every kind will grow on both banks. Their leaves won't wither or their fruit fail; each month they will bear fresh fruit, because its water flows from the sanctuary. Their fruit is food, their leaves healing." Akote rivyè a, arebò li, soti yon kote a yon lòt, va grandi tout pyebwa ki bay manje. Fèy yo p ap fennen e fwi yo p ap manke. Yo va donnen chak mwa akoz dlo yo koule soti nan sanktiyè a, fwi pa yo va pou manje e fèy yo va pou gerizon.”
13 The Sovereign Father says: "These are the boundaries for dividing the land as an inheritance among the twelve tribes of Israel: Joseph gets two portions. Konsa pale Senyè BONDYE a: “Sa va sèvi kon lizyè ak sila nou va divize peyi a kon eritaj pami douz tribi Israël yo. Joseph va gen de pòsyon.
14 Divide it equally; I swore to give it to your fathers, and this land falls to you as your inheritance. Nou va divize li kon eritaj, chak egal ak lòt; paske Mwen te sèmante pou bay li a papa zansèt nou yo, e peyi sa a va tonbe a nou menm kon eritaj.
15 This is the land's boundary: north, from the Mediterranean Sea through Hethlon to Lebo-hamath, Zedad, “Sa se lizyè peyi a: nan kote nò, soti nan Gwo Lanmè a, pa chemen Hethlon, jis rive nan antre a Tsedad;
16 Berothah, Sibraim (between the borders of Damascus and Hamath), and Hazer-hatticon, on the border of Hauran. Hamath, Bérotha, Sibraïm, ki antre lizyè Damas ak lizyè Hamath; Hatzer-Hatthicon, kote lizyè Havran nan.
17 So the boundary runs from the sea to Hazar-enan, at Damascus's border, with Hamath's border to the north. This is the north side. Lizyè a va rive soti nan lanmè a Hatsar-Énon nan lizyè Damas e nan rejyon nò, vè nò, se lizyè Hamath la. Sa se fwontyè nan kote nò a.”
18 The east side runs between Hauran and Damascus, along the Jordan between Gilead and the land of Israel, to the eastern sea as far as Tamar. This is the east side. “Nan kote lès la, soti nan antre Havran, Damas Galaad ak peyi Israël, se va Larivyè Jourdain an; soti nan lizyè nò a jis rive nan lanmè lès la, ou va mezire li. Sa se kote lès la.”
19 The south side runs from Tamar to the waters of Meribath-kadesh, then along the Brook of Egypt to the Mediterranean Sea. This is the south side, toward the Negev. “Nan kote sid la, vè sid li va soti Thamar jis rive nan dlo Meriba-Kadès, pou rive nan flèv Égypte la ak nan Gwo Lanmè a. Sa se kote sid la, vè sid.”
20 On the west side, the Mediterranean Sea forms the boundary up to opposite Lebo-hamath. This is the west side. “Nan kote lwès la, se va Gwo Lanmè a, soti nan lizyè sid la pou rive nan yon pwent anfas Lebo-Hamath. Sa se kote lwès la.”
21 So divide this land among yourselves according to the tribes of Israel. “Konsa nou va pataje peyi sa pami nou menm selon trib Israël yo.
22 Allot it as inheritance for yourselves and the foreigners living among you who have had children among you. Treat them as native-born Israelites; with you they receive an inheritance among the tribes of Israel." Ou va divize li pa tiraj osò kon eritaj pami nou menm e pami letranje ki rete nan mitan nou yo, ki fè fis nan mitan nou yo. Epi yo va pou nou tankou moun peyi natal, pami fis Israël yo; yo va resevwa yon eritaj avèk nou pami tribi Israël yo.
23 In whatever tribe the foreigner resides, give him his inheritance there, declares the Sovereign Father. Epi nan tribi kote etranje a rete a, se la ou va bay li eritaj li,” deklare Senyè BONDYE a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]