Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Daniel 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In Jehoiakim king of Judah's third year, Nebuchadnezzar king of Babylon marched on Jerusalem and besieged it. Nan twazyèm ane a règn Jojakim, wa Juda a; Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te rive Jérusalem e te fè syèj sou li.
2 The Sovereign Father handed Jehoiakim king of Judah over to him, with some items from our Father's house; he took them to Shinar, to his god's house, and the items into his god's treasury. Senyè a te livre Jojakim, wa Juda a, nan men li, ansanm ak kèk nan veso lakay Bondye yo. Epi Nebucadnetsar te pote yo nan peyi Schinear, kote lakay dye pa li a, e li te mennen veso yo antre nan trezò a dye li a.
3 The king ordered Ashpenaz, his chief official, to bring some Israelites from the royal family and nobility. Alò, wa a te pase lòd a Aschpenaz, chèf sou ofisye pa l yo, pou mennen kèk nan fis Israël yo, ansanm ak kèk nan fanmi wayal la ak kèk nan prens yo:
4 Young men without defect, good-looking, skilled in all wisdom, well-informed, quick to understand, fit to stand in the king's palace—and to teach them Babylonian writing and language. jennonm ki te san defo, ki te bo gason, ki te montre yo entèlijan nan tout kalite sajès, beni avèk bon konprann e ak kapasite pou disène, e ki te gen kapasite pou fè sèvis nan palè a wa a; pou l ta ka enstwi yo nan lèt ak langaj Kaldeyen yo.
5 The king assigned them a daily portion of his food and wine, three years' training, then service before him. Wa a te chwazi pou yo yon pòsyon manje ki te sòti nan meyè manje a wa a ak nan diven ke li te konn bwè. Anplis, li te fè lòd pou yo ta kapab fè enstriksyon lekòl pandan twazan, epi nan fen a twazan yo, yo te dwe antre nan sèvis pèsonèl a wa a.
6 Among them were Daniel, Hananiah, Mishael, and Azariah, from the sons of Judah. Alò, pami yo, soti nan fis a Juda yo, se te Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria.
7 The chief official renamed them: Daniel, Belteshazzar; Hananiah, Shadrach; Mishael, Meshach; Azariah, Abednego. Answit, chèf nan linik yo te bay nouvo non a yo menm. Pou Daniel, li te bay non Beltschatsar, Hanania non a Schadrac, Mischaël non a Méschac e Azaria, non a Abed-Nego.
8 Daniel resolved not to make himself unclean with the king's food or wine, so he asked the chief official's permission not to make himself unclean. Men Daniel te pran desizyon nan panse li pou li pa t souye tèt li ak meyè manje a wa a, ni ak diven li te konn bwè a. Konsa, li te chache pèmisyon a chèf nan linik yo pou li pa ta souye tèt li.
9 Now our Father gave Daniel favor and compassion in the eyes of the chief official. Alò, Bondye te bay Daniel favè ak gras devan zye a chèf ofisye yo.
10 The chief official told Daniel, "I fear my lord the king, who set your food and drink. Why should he see your faces worse than boys your age? You'd forfeit my head to the king." Epi chèf nan linik yo te di a Daniel: “Mwen gen krent mèt mwen, Wa a, ki te bay lòd konsènan manje nou ak bwason nou. Paske poukisa li ta dwe wè figi nou nan yon eta pi mal ke lòt jennonm ki gen menm laj avèk nou yo? Alò, nou ta fè mwen peye pri tèt mwen bay wa a.”
11 Then Daniel said to the steward the chief official had appointed over Daniel, Hananiah, Mishael, and Azariah, Men Daniel te di a sipèvizè ke chèf nan linik yo te chwazi sou Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria a,
12 "Please test your servants for ten days. Give us only vegetables to eat and water to drink. “Souple, teste sèvitè ou yo pandan di jou. Kite nou resevwa sèlman kèk legim pou manje ak dlo pou bwè.
13 Then compare our appearance with the youths eating the king's food; do with your servants as you see." Epi konsa, kite aparans nou vin konpare ak aparans a jennonm k ap manje meyè manje a wa a; epi aji ak sèvitè ou yo selon sa ou wè a.”
14 So he agreed to this and tested them for ten days. Konsa, li te koute yo nan bagay sa a, e te teste yo pandan di jou.
15 After ten days they looked healthier and better fed than all the young men eating the royal food. Nan fen di jou yo, aparans yo te parèt pi bon, e yo te angrese plis ke tout jennonm ki t ap manje meyè manje a wa a.
16 So the steward took away their assigned food and the wine they were to drink, and gave them vegetables instead. Akoz sa, sipèvizè a te kontinye retire meyè manje sa yo, ak diven yo te dwe pou bwè, e te kontinye bay yo legim yo.
17 To these four boys our Father gave knowledge and insight in all writing and wisdom; Daniel understood all visions and dreams. Konsènan kat jennonm sila yo Bondye te bay yo konesans ak entèlijans nan tout pati etid ak sajès yo. Epi Daniel te gen konprann nan tout kalite vizyon ak rèv.
18 When the king's set days for bringing them in ended, the chief official brought them before Nebuchadnezzar. Konsa, nan fen jou wa a te etabli pou prezante yo a, linik a wa a te fè yo parèt devan Nebucadnetsar.
19 The king spoke with them, and none matched Daniel, Hananiah, Mishael, and Azariah; so they served the king. Wa a te pale ak yo e pami yo tout, pa t gen youn ki te konpare ak Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria. Akoz sa, yo te antre nan sèvis pèsonèl a wa a.
20 Whenever the king questioned them on wisdom and understanding, he found them ten times better than all magicians and enchanters in his whole kingdom. Pou chak sikonstans ke wa a te konsilte yo pou sajès ak bon konprann, li te twouve yo dis fwa pi bon ke tout majisyen ak mèt zetwal ki te nan tout wayòm li a.
21 And Daniel remained there until the first year of King Cyrus. Epi Daniel te kontinye jis rive nan premye ane Cyrus, wa a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]