Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Daniel 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the second year of his reign, Nebuchadnezzar had dreams; his spirit was troubled and his sleep left him. Alò, nan dezyèm ane règn Nebucadnetsar a, Nebucadnetsar te fè rèv yo. Epi lespri li te twouble, e li pa t ka dòmi.
2 So the king ordered the magicians, enchanters, sorcerers, and astrologers summoned to tell him his dreams. They came and stood before the king. Konsa, wa a te pase lòd pou rele fè antre tout majisyen yo, mèt zetwal yo, moun ki fè cham, mèt wanga ak Kaldeyen yo pou pale ak wa a, e fè l tande ki rèv li te fè yo. Konsa, yo te antre e te kanpe devan wa a.
3 The king said to them, "I dreamed a dream, and my spirit is troubled to know the dream." Wa a te di yo: “Mwen te fè yon rèv e lespri m vin twouble pou l ta konprann rèv la.”
4 Then the astrologers said to the king in Aramaic, "King, live forever! Tell your servants the dream, and we will reveal its interpretation." Kaldeyen yo te pale ak wa a an Arameyen: “O wa, viv jis pou tout tan! Pale rèv la a sèvitè ou yo e nou va deklare entèpretasyon li.”
5 The king answered the astrologers, "My decree is firm: if you don't tell me the dream and its meaning, you'll be cut to pieces and your houses reduced to rubble. Wa a te reponn a Kaldeyen yo: “Lòd mwen an fin etabli: si nou pa fè m konnen rèv la ak entèpretasyon li a, nou va vin chire mòso an mòso, e lakay nou va vin yon pil ranblè.
6 But if you tell the dream and its meaning, you'll receive gifts, rewards, and great honor from me. So tell me the dream and its meaning." Men si nou deklare rèv la ak entèpretasyon li, nou va resevwa nan men m, kado, rekonpans ak gwo lonè. Pou sa, fè m deklarasyon rèv la ak entèpretasyon li.”
7 They answered a second time, "Let the king tell his servants the dream, and we will give its meaning." Yo te reponn yon dezyèm fwa. Yo te di: “Kite wa a eksplike rèv la a sèvitè li yo e nou va deklare entèpretasyon li.”
8 The king replied, "I know for certain you're trying to buy time, because you see my decree is firm: Wa a te reponn: “Mwen konnen, anverite, ke nou ap jwe pou tan, paske nou te wè ke lòd mwen an gentan fin byen etabli.
9 If you don't tell me the dream, there is only one verdict for you. You have agreed to speak lying, corrupt words before me until the times change. So tell me the dream, then I'll know you can reveal its interpretation." Men si nou pa fè m konnen rèv la, ap gen yon sèl dekrè pou nou. Paske nou te vin antann nou, youn ak lòt pou fè manti ak pale pawòl konwonpi devan m, jiskaske bagay la vin chanje. Pou sa a, fè m konnen rèv la pou m ka konnen ke nou kapab deklare entèpretasyon li ban mwen.”
10 The astrologers answered the king, "No one on earth can do what the king asks. No great, powerful king ever demanded such a thing of any magician, enchanter, or Chaldean. Kaldeyen yo te reponn wa a, e te di: “Nanpwen yon nonm sou latè ki kapab deklare bagay la bay wa a, otan ke okenn gwo wa oswa chèf pa t janm mande okenn bagay konsa a okenn majisyen, mèt wanga, oswa Kaldeyen.
11 The king's request is too hard; only the gods, who don't live among mortals, can reveal it to the king." Anplis, bagay ke wa a mande a difisil, e nanpwen okenn lòt moun ki ka deklare li bay wa a sof ke dye yo, ki pa rete nan chè mòtèl.”
12 At this the king grew angry and furious, and ordered all Babylon's wise men destroyed. Akoz sa, wa a te vin ranpli ak kòlè ak gwo mekontantman, e li te bay lòd pou detwi tout mesye saj Babylone yo.
13 So the decree went out to kill the wise men, and they searched for Daniel and his companions to put them to death. Konsa, dekrè a te pibliye ke mesye saj yo ta dwe touye. Konsa, yo t ap chache Daniel ak zanmi li yo pou touye yo.
14 Then Daniel answered Arioch, the king's guard commander, with wisdom and discretion; Arioch had gone out to kill Babylon's wise men. Men Daniel te reponn ak sajès e ak bon konprann a Ajoc, chèf kò gad a wa a, ki te ale deyò pou touye mesye saj a Babylone yo.
15 He asked Arioch, the king's officer, "Why such a harsh decree from the king?" Then Arioch explained it to Daniel. Li te di a Ajoc, chèf pou wa a: “Pou ki rezon dekrè a wa a prese konsa?” Epi Ajoc te pale Daniel tout bagay la.
16 So Daniel went in and asked the king for time, so that he might reveal the interpretation to the king. Konsa, Daniel te antre anndan e te fè yon demann a wa a pou li ta bay li tan, pou l ta ka deklare entèpretasyon an bay a wa a.
17 Then Daniel went home and told his companions Hananiah, Mishael, and Azariah about the matter, Epi Daniel te ale lakay li. Li te fè zanmi li yo Hanania, Mischaël, ak Azaria okouran konsènan bagay sila a,
18 urging them to plead for mercy from our Father in heaven about this mystery, so Daniel and his companions wouldn't be destroyed with Babylon's other wise men. pou yo ta kapab fè yon demann mizerikòd a Bondye syèl la konsènan mistè sa a, pou Daniel ak zanmi li yo pa ta vin detwi ak lòt nan mesye saj a Babylone yo.
19 Then the mystery was revealed to Daniel in a night vision, and Daniel blessed our Father in heaven. Konsa, mistè a te revele a Daniel nan yon vizyon lanwit la.
20 Daniel said: "Blessed be the name of our Father forever and ever, for wisdom and might belong to him. Daniel te di: “Kite non Bondye vin beni jis pou tout tan, paske sajès ak pouvwa se pou Li.
21 He changes times and seasons; he removes kings and sets up kings; he gives wisdom to the wise and knowledge to those who have understanding. Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo. Li retire wa e Li etabli wa. Li bay sajès a moun saj yo, e konesans a moun ki gen bon konprann.
22 He reveals deep and hidden things; he knows what lies in darkness, and the light dwells with him. Se Li menm ki revele sekre pwofond yo. Li fè parèt sa ki nan tenèb yo, e se limyè a ki rete avè L.
23 To you, the God of my fathers, I give thanks and praise, for you have given me wisdom and might, and now you have made known to me what we asked of you; you have made known to us the king's matter." A Ou menm, O Bondye de papa zansèt mwen yo, mwen remèsi Ou. Mwen bay Ou lwanj, paske Ou te ban mwen sajès ak pouvwa. Menm koulye a, Ou te fè m konnen sa ke nou te mande Ou a, Paske Ou te revele a nou menm pwoblem a wa a.”
24 So Daniel went to Arioch, whom the king had appointed to destroy Babylon's wise men, and said, "Don't destroy Babylon's wise men. Take me to the king, and I will give him the interpretation." Akoz sa, Daniel te antre kote Ajoc, ke wa a te chwazi pou detwi mesye saj a Babylone yo. Li te antre e te pale avè l konsa: “Pa detwi mesye saj a Babylone yo! Pran m antre nan prezans a wa a, e mwen va deklare entèpretasyon an bay wa a.”
25 Then Arioch quickly brought Daniel before the king and said, "Among the exiles of Judah I found a man who can tell the king the interpretation." Konsa, Ajoc te mennen Daniel byen vit devan prezans a wa a, e li te pale avèk li konsa: “Mwen te twouve yon nonm pami egzile Juda yo ki kapab fè wa a konnen entèpretasyon an.”
26 The king asked Daniel, called Belteshazzar, "Can you tell me the dream I saw and what it means?" Wa a te di a Daniel, ki te rele Beltschatsar: “Èske ou kapab fè m konnen rèv ke m te fè a, ak entèpretasyon li an?”
27 Daniel answered the king, "No wise men, enchanters, magicians, or astrologers can reveal the mystery the king asks about. Daniel te reponn devan wa a. Li te di: “Konsènan mistè sou sila wa a te mande a, ni mesye saj yo, ni mèt zetwal yo, ni majisyen yo, ni divinò yo p ap kapab deklare sa a wa a.
28 But our Father in heaven reveals mysteries, and has made known to King Nebuchadnezzar what will happen in the latter days. Your dream and the visions in your mind as you lay on your bed were these: Men gen yon Bondye nan syèl la ki devwale mistè yo, e Li te fè konnen a Wa Nebucadnetsar sa ki va rive nan dènye jou yo. Men rèv ak vizyon nan tèt ou yo sou kabann ou an, se konsa:
29 "As you lay in bed, O king, your thoughts turned to what would come, and the revealer of mysteries showed you what is to be. “Konsènan ou menm, o wa, pandan sou kabann ou an, refleksyon ou te vire vè sa ki ta vin rive nan tan ki gen pou vini yo. Epi Sila ki fè revelasyon mistè yo te fè ou konnen sa k ap vini yo.
30 But this mystery was revealed to me not because I have more wisdom than anyone else alive, but so the king may know its interpretation, and you may understand your heart's thoughts. Men selon mwen menm, mistè sa a pa t revele a mwen menm akoz sajès ki plis pase tout lòt moun k ap viv yo, men pou bi ke entèpretasyon an ta kapab vin konnen a wa a, e ke ou ta ka konprann refleksyon a panse ou yo.
31 "You watched, O king, and saw a great statue. This statue, huge and dazzling in brightness, stood before you, and its appearance was terrifying. “Ou menm, O wa, ou t ap gade e vwala, te gen yon sèl gwo estati. Estati sa a, ki te byen laj e tèlman bèl, te kanpe devan ou e aparans li te etonan.
32 The statue's head was fine gold, its chest and arms silver, its belly and thighs bronze, Tèt estati a an lò fen, lestomak ak bra li an ajan, vant li ak kwis li an bwonz,
33 its legs of iron, its feet partly of iron and partly of clay. janm li an fè, pye li, yon pati an fè e yon pati an ajil.
34 While you watched, a stone cut without hands struck the statue's feet of iron and clay, crushing them. Ou te kontinye gade, jiskaske yon pyè wòch te taye san men moun, e li ta frape estati a sou pye li ki fèt an fè ak ajil la e li te kraze yo an mòso.
35 Then the iron, clay, bronze, silver, and gold were all broken to pieces together, becoming like chaff on a summer threshing floor. The wind carried them off, leaving no trace. But the stone that struck the statue became a great mountain filling the whole earth. Epi fè a, ajil la, bronz ak ajan an te vin kraze nan menm moman an e te vin tankou pay ki sòti sou glasi vannen nan gran sezon. Konsa, van te pote yo ale jiskaske yo pa t menm jwenn tras yo. Men wòch ki te frape estati a te vin fè yon gwo mòn, e te ranpli tout latè.
36 "This was the dream. Now we will tell the king its interpretation. “Se sa ki te rèv la. Konsa, nou va bay lentèpretasyon li devan wa a.
37 You, king, are the king of kings, to whom our Father in heaven has given kingdom, power, might, and glory. Ou menm, O wa, ou se wadèwa yo, a sila Bondye syèl la te bay wayòm nan, pouvwa, pwisans ak glwa a.
38 Into your hand he has placed all people, the beasts of the field, and the birds of the sky, wherever they live, making you ruler over them all. You are the head of gold. Epi nenpòt kote fis a lòm yo rete, oswa bèt nan chan yo, oswa zwazo syèl yo, Li te bay yo nan men ou, e Li te fè ou chèf sou yo. Ou se tèt an lò a.
39 "After you another kingdom will arise, inferior to yours; then a third kingdom, of bronze, ruling over all the earth. “Apre ou, va leve yon lòt wayòm ki enferyè a ou menm e yon lòt twazyèm ak bwonz, ki va renye sou tout latè.
40 A fourth kingdom will be strong as iron—iron breaks and shatters everything—and as iron crushes all these, it will break and crush them. Epi va gen yon katriyèm wayòm ak fòs tankou fè. Menm jan ke fè a kraze e fann tout bagay yo, konsa, tankou fè ki kraze vin fè anpil mòso yo, li va vin kraze e fann tout sila yo an mòso.
41 As you saw the feet and toes—part potter's clay, part iron—it will be a divided kingdom; yet it will have some of iron's strength, just as you saw iron mixed with soft clay. Nan sila ou te wè pye ak dwèt pye yo, yon pati an fè ak yon pati an ajil la, li va yon wayòm divize. Men li va genyen nan li kapasite pou vin di kon fè, jan ou te wè fè a mele ak ajil la.
42 As the toes were partly iron and partly clay, so the kingdom will be partly strong and partly brittle. Dwèt pye li yo te mele fè ak kanari; konsa, yon pati nan wayòm nan va fò e yon pati va frajil.
43 As you saw iron mixed with soft clay, the people will mix in marriage but not hold together, just as iron does not mix with clay. Epi jan ou te wè fè a mele ak ajil òdinè a, yo va vin mele youn ak lòt nan jèm a lòm; men yo p ap kole byen youn ak lòt, menm jan fè a pa mele ak kanari.
44 "In those kings' days our Father in heaven will set up a kingdom never to be destroyed, nor its rule left to another people. It will crush all these kingdoms and end them, and it will stand forever. “Nan jou a wa sila yo, Bondye syèl yo va etabli yon wayòm ki p ap janm detwi, e wayòm sa a p ap lese pou yon lòt pèp. Li va kraze e mete fen a tout wayòm sila yo, men li va, li menm dire pou tout tan.
45 This is what the vision meant: the stone cut from a mountain, not by human hands, broke the iron, bronze, clay, silver, and gold to pieces. Our great Father has shown the king what will happen after this. The dream is certain, its interpretation trustworthy." Jan ou te wè ke yon wòch te taye sòti sou yon mòn san sèvi ak men moun e ke li te kraze fè a, bwonz lan, ajil la, ajan an, ak lò a gran Bondye a te fè konnen a wa a sa ki va rive nan tan k ap vini an. Donk, rèv la vrè e entèpretasyon li fèt ak fidelite.”
46 Then King Nebuchadnezzar fell facedown, bowed to Daniel, and ordered offering and incense given to him. Konsa, Wa Nebucadnetsar te tonbe sou figi li. Li te rann omaj a Daniel e li te pase lòd pou prezante li ak yon ofrann ak lansan ki santi bon.
47 The king told Daniel, "Truly your God is God of gods, Lord of kings, and revealer of secrets, since you could reveal it." Wa a te reponn Daniel. Li te di: “Anverite, Bondye ou a se yon Dye a tout dye yo, yon Senyè a wa yo, e youn ki devwale mistè yo; paske ou te vin gen kapasite pou revele mistè sila a.”
48 Then the king promoted Daniel to high honor, gave him many great gifts, and made him ruler of Babylon's whole province and chief prefect over all its wise men. Konsa, wa a te Leve Daniel, te bay li anpil gwo kado. Li te fè li chèf sou tout pwovens a Babylone yo, e li te vin chèf an tèt a tout mesye saj a Babylone yo.
49 Daniel asked the king, who put Shadrach, Meshach, and Abednego over Babylon province's affairs; Daniel remained at the king's court. Daniel te fè yon demann a wa a, e wa a te chwazi Schadrac, Méschac ak Abed-Nego sou tout afè yo nan pwovens Babylone, men se te Daniel ki te rete nan pòtay a wa a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]