Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Daniel 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 King Nebuchadnezzar made a gold statue, about ninety feet tall and nine feet wide, and set it up on the Dura plain in Babylon province. Wa Nebucadnetsar te fè yon estati fèt an lò ak yon imaj lò, wotè a sila a te swasant koude e lajè li sis koude. Li te fè l monte sou plèn Dura nan pwovens a Babylone.
2 King Nebuchadnezzar sent for the satraps, prefects, governors, counselors, treasurers, judges, magistrates, and all provincial officials to come to the dedication of the image he had set up. Epi Nebucadnetsar, wa a, te voye rasanble tout satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, konseye yo, trezorye yo, jij yo, tout majistra ak chèf an pwovens yo pou vini nan seremoni dedikas imaj ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a.
3 Then satraps, prefects, governors, counselors, treasurers, judges, magistrates, and all provincial officials gathered to dedicate the statue King Nebuchadnezzar set up, and stood before the statue Nebuchadnezzar set up. Konsa, satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, konseye yo, trezorye yo, jij yo, majistra yo ak tout chèf an pwovens yo te rasanble pou seremoni dedikas imaj ke Nebucadnetsar te fè monte a; epi yo te kanpe devan imaj ke Nebucadnetsar te fè monte a.
4 Then the herald proclaimed loudly, "Peoples, nations, and languages—you are commanded: Moun ki konn fè piblikasyon pou wa a te pwoklame byen fò: “A nou menm, lòd la bay O pèp yo, nasyon yo ak tout lang yo,
5 When you hear the horn, flute, lyre, harp, zither, bagpipe, and all music, fall down and worship the gold image King Nebuchadnezzar set up. ke nan moman ke nou tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, nou va pwostène nou pou adore imaj an lò ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a.
6 Anyone who doesn't fall down and worship will immediately be thrown into a blazing fiery furnace." Men, nenpòt moun ki pa pwostène pou adore va, lapoula, vin jete nan yon founo dife byen cho.”
7 As soon as all peoples heard the horn, flute, lyre, harp, zither, and every kind of music, all peoples, nations, and languages fell down and worshiped the golden image King Nebuchadnezzar had set up. Pou sa, lè tout pèp yo te tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, tout pèp yo, nasyon yo ak langaj yo te pwostène e te adore imaj an lò ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a.
8 At that time certain astrologers came forward and maliciously accused the Jews. Pou rezon sa a, nan lè sa a, kèk Kaldeyen te vin parèt pou fè pwosè kont Jwif yo.
9 They said to King Nebuchadnezzar, "King, may you live forever! Yo te pale e te di a Nebucadnetsar, wa a: “O wa, viv jis pou tout tan!
10 You, king, decreed: whoever hears the horn, flute, lyre, harp, zither, bagpipe, and any music must fall down and worship the gold image, Ou menm, O wa, ou te fè yon dekrè ke tout moun ki tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, yo va pwostène pou adore imaj an lò a.
11 and whoever does not fall down and worship will be thrown into a blazing fiery furnace. Men nenpòt moun ki pa pwostène, va jete nan mitan a yon founo dife byen cho.
12 Some Jews you put in charge of Babylon province—Shadrach, Meshach, and Abednego—disregard you, king. They won't serve your gods or worship the gold statue you set up." Genyen sèten Jwif ke ou te chwazi sou administrasyon pwovens Babylone nan, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego. Mesye sila yo, O wa, pa t okipe ou. Yo pa sèvi dye pa ou yo, ni adore imaj an lò ke ou te fè monte a.”
13 Furious, Nebuchadnezzar ordered Shadrach, Meshach, and Abednego brought; they were brought before the king. Epi Nebucadnetsar byen anraje ak kòlè te pase lòd pou mennen Schadrac, Méschac ak Abed-Nego. Epi mesye sila yo te mennen devan wa a.
14 Nebuchadnezzar said, "Shadrach, Meshach, Abednego, is it true you don't serve my gods or worship the gold statue I set up? Nebucadnetsar te reponn e te di yo: “Èske se vrè, Schadrac, Méschac ak abed-Nego, ke nou pa sèvi dye mwen yo, ni adore imaj an lò ke mwen te fè monte a?
15 Now if you're ready—when horn, flute, lyre, harp, zither, bagpipe, and every kind of music sound, fall down and worship the image I made—good. But if you don't worship, you'll be thrown at once into a blazing fiery furnace. What god can rescue you from my hands?" Alò, si nou pare, nan moman nou tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, pou nou pwostène e adore imaj ke mwen te fè a, se byen. Men, si nou pa adore, nou va byen vit jete nan yon founo dife byen cho. Epi ki dye ki genyen ki kapab delivre nou sòti nan men mwen?”
16 Shadrach, Meshach, and Abednego answered the king, "Nebuchadnezzar, we don't need to answer you about this. Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te reponn a wa a: “O Nebucadnetsar, nou pa oblije bay ou yon repons a kesyon sa a.
17 If our Father, whom we serve, can rescue us, he will rescue us from the blazing furnace and from your hand, king. Si se konsa, Bondye nou an, Sila ke nou sèvi a, kapab delivre nou soti nan founo dife byen cho a; epi Li va delivre nou sòti nan men ou, O wa.
18 But if not, know this, king: we won't serve your gods or worship the gold statue you set up." Men menm si li pa fè sa, kite sa vin konnen a ou menm, O wa, ke nou p ap sèvi dye pa ou yo ni adore imaj fèt an lò ke ou te fè monte a.”
19 Then Nebuchadnezzar, furious, his expression changed toward Shadrach, Meshach, and Abednego; he ordered the furnace heated seven times hotter than normal. Konsa, Nebucadnetsar te ranpli ak chalè kòlè e figi li te vin move kont Schadrac Méschac ak Abed-Nego. Li te reponn ak bay lòd pou monte chalè founo a sèt fwa plis ke li te konn brile a.
20 He ordered some of his strongest soldiers to bind Shadrach, Meshach, and Abednego and throw them into the blazing furnace. Li te kòmande sèten gèrye vanyan ki te nan lame li a pou mare Schadrac, Méschac ak Abed-Nego, pou yo ta jete yo nan founo dife byen cho a.
21 So these men, tied up in cloaks, trousers, turbans, and other garments, were thrown into the blazing fiery furnace. Alò, mesye sila yo te mare nèt ak pantalon yo, mayo yo, kas yo, ak tout lòt rad pa yo, e yo te jete nan mitan founo dife byen cho a.
22 Because of the king's harsh order and furnace's extreme heat, the fire's flame killed the men who lifted up Shadrach, Meshach, and Abednego. Pou rezon sa a, akoz lòd a wa te byen ijan e founo a te vin tèlman cho, flanm dife a te touye mesye ki te pote, fè monte, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego yo.
23 These three men—Shadrach, Meshach, and Abednego—fell bound into the blazing furnace. Men twa mesye sila yo, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te tonbe nan mitan founo dife byen cho a toujou mare.
24 Then King Nebuchadnezzar, astonished, rose in haste. He asked his advisers, "Didn't we throw three bound men into the fire?" They answered the king, "True, king." Epi Nebucadnetsar, wa a, te vin etone e te kanpe vit. Li te di a wo ofisye li yo: “Se pa twa mesye nou te voye jete tou mare nan mitan dife a?” Yo te reponn a wa a: “Byen si, O wa.”
25 He said, "Look—I see four men, unbound, walking in the middle of the fire, unharmed; the fourth looks like a son of the gods." Li te di: “Gade! Mwen wè kat mesye lage k ap mache toupatou nan mitan dife a san yo pa gen anyen e aparans a katriyèm nan se tankou yon fis a dye yo!”
26 Nebuchadnezzar went to the blazing furnace's door and said, "Shadrach, Meshach, and Abednego, servants of the Most High God, come out here!" Shadrach, Meshach, and Abednego came out of the fire. Epi Nebucadnetsar te vin toupre pòt founo dife byen cho a. Li te pale e te di: “Schadrac, Méschac ak Abed-Nego, vini deyò, sèvitè a Bondye Pi Wo a, e vini isit!” Konsa, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te sòti nan mitan dife a.
27 The satraps, prefects, governors, and king's counselors gathered and saw fire had no power over these men's bodies—hair not singed, robes unharmed, no smell of fire on them. Satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, ak wo ofisye a wa yo te reyini antoure yo. Yo te wè ke dife a pa t fè okenn efè sou kò a mesye sila yo. Ni menm cheve yo pa t brile, pantalon pa yo pa t abime, ni sant dife a pa t rive sou yo.
28 Nebuchadnezzar said, "Blessed be the God of Shadrach, Meshach, and Abednego! He sent his angel and rescued his trusting servants. They defied the king's command and were willing to die rather than serve or worship any god but their own God. Nebucadnetsar te pale. Li te di: “Beni se Bondye a Schadrac, Méschac ak Abed-Nego a, ki te voye zanj Li pou te delivre sèvitè Li yo ki te mete konfyans yo nan Li, ki te chanje lòd a wa a e ki te sede bay kò yo pou yo pa ta sèvi ni adore okenn lòt dye sof ke Bondye pa yo a.
29 I decree: any people, nation, or language that speaks anything against the God of Shadrach, Meshach, and Abednego will be cut to pieces, their houses turned to rubble—since no other god can rescue like this." Konsa, mwen fè yon dekrè ke nenpòt pèp, nasyon, oswa lang ki pale yon bagay kont Bondye a Schadrac, Méschac, ak Abed-Nego a, li va chire mòso an mòso, e lakay pa li va redwi a yon pil ranblè, paske nanpwen lòt dye ki kapab delivre konsa.”
30 Then the king promoted Shadrach, Meshach, and Abednego in the province of Babylon. Answit, wa a te fè Schadrac, Méschac ak Abed-Nego vin pwospere nan pwovens Babylone nan.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]