Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Daniel 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 King Nebuchadnezzar, to all peoples, nations, and languages living throughout the earth: May your peace be multiplied. Nebucadnetsar, wa a a tout pèp yo, nasyon ak lang, ki rete sou tout tè a: “Ke lapè nou kapab vin anpil!
2 I am glad to declare the signs and wonders the Most High God has done for me. Li te sanble bon pou mwen deklare sign ak mèvèy ke Bondye Pi Wo a te fè pou mwen yo.
3 How great are his signs, and how mighty are his wonders! His kingdom is an everlasting kingdom, and his dominion is from generation to generation. A la gran, sign Li yo gran! A la pwisan, mèvèy Li yo pwisan! Wayòm Li se yon wayòm k ap dire jis pou tout tan, epi dominasyon li de jenerasyon an jenerasyon.
4 I, Nebuchadnezzar, was at ease in my house and flourishing in my palace. Mwen, Nebucadnetsar, mwen te alèz nan lakay mwen e mwen t ap pwospere nan palè mwen an.
5 I saw a dream that frightened me; thoughts on my bed and visions in my head terrified me. Mwen te fè yon rèv e li te fè m gen gwo laperèz; epi refleksyon sila yo sou kabann mwen ak vizyon yo nan panse m te fè m gen gwo laperèz.
6 So I ordered all Babylon's wise men brought before me to tell me the dream's meaning. Konsa, mwen te pase lòd pou fè mennen devan prezans mwen tout mesye saj Babylone yo, pou yo ta ka fè m konnen entèpretasyon a rèv la.
7 Then the magicians, enchanters, Babylonians, and astrologers entered. I told them the dream, but they could not interpret it for me. Epi majisyen yo, mèt zetwal yo, Kaldeyen yo ak divinò yo te antre e mwen te pale yo rèv la, men yo pa t ka fè m konnen entèpretasyon li.
8 Finally Daniel came before me—named Belteshazzar after my god's name, the holy gods' spirit in him—and I told him the dream. Men finalman, Daniel te antre devan m, ke non li te Beltschatsar, selon non dye pa mwen an e nan sila lespri a dye sen yo ye a. Mwen te pale rèv la a li menm, e te di:
9 Belteshazzar, chief magician, I know the spirit of the holy gods is in you, and no mystery baffles you—tell me the visions of my dream that I saw, and their meaning. O Beltschatsar, chèf majisyen yo, akoz mwen konnen ke lespri a dye sen yo nan ou e nanpwen mistè ki difisil pou ou fè m konnen vizyon a rèv mwen ke m te fè yo, ansanm ak entèpretasyon li.
10 The visions in my mind while in bed: I saw a tree in the middle of the earth, very tall. Alò, men vizyon ki te nan tèt mwen pandan mwen kouche sou kabann mwen an: Mwen t ap gade e vwala, yon bwa nan mitan tè a, e wotè l te byen gran.
11 The tree grew and became strong, and its top reached to heaven, and it was visible to the ends of the whole earth. Bwa a te grandi byen gwo, e li te vin fò epi wotè l te rive jis nan syèl la. Li te vizib jis rive nan dènye pwent a tout tè a.
12 Its leaves were beautiful and its fruit abundant, and in it was food for all. Wild animals found shade under it, and the birds of the heavens lived in its branches, and all flesh was fed from it. Fèy li te byen bèl, fwi li te anpil e nan li, te gen manje pou tout moun. Bèt chan yo te jwenn lonbraj anba li, epi zwazo nan syèl yo te rete sou branch li, epi tout kreyati vivan yo te jwenn manje yo ladann.
13 In my visions in bed I saw a watcher, a holy one, coming down from heaven. Mwen t ap gade vizyon yo nan panse m, sou kabann mwen an, epi vwala yon ki sen k ap veye te desann soti nan syèl la.
14 He shouted: Cut down the tree, chop its branches, strip its leaves, scatter its fruit. Let animals flee from under it, birds from its branches. Li te kriye fò e te pale konsa: Koupe bwa a, e retire branch li yo! Retire tout fèy li, e gaye fwi li yo! Kite bèt yo ale soti anba l ak zwazo yo soti sou branch li.
15 But leave the stump of its roots in the earth, bound with a band of iron and bronze, in the grass of the field. Let him be drenched with the dew of heaven, and let his portion be with the wild animals in the grass of the earth. Sepandan kite chouk la rete anrasine nan tè a, menm avèk yon bann an fè ak bwonz k ap ansèkle l nan zèb nèf chan an. Kite moun sa a tranpe ak lawouze syèl la. Kite li pataje zèb la avèk bèt chan latè yo.
16 Let his human mind be taken away and a beast's mind be given to him, and let seven periods of time pass over him. Kite kè li vin chanje pou l pa kè moun ankò, men ke kè a yon bèt vin bay a li menm. Konsa, kite sèt epòk vin pase sou li.
17 The sentence is by the decree of the watchers, the decision by the word of the holy ones, so that the living may know that the Most High rules over the kingdom of men and gives it to whom he will and sets over it the lowliest of men.' Dekrèt sa a se dekrè a sila ki t ap veye yo, epi desizyon sa a se yon lòd a sila ki sen yo, pou tout sila k ap viv yo kapab konnen, ke Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, epi Li va bay li a nenpòt moun Li pito, epi Li va ranje bay li sou moun ki pi ba yo.
18 This is the dream I, King Nebuchadnezzar, saw. Tell me its meaning, Belteshazzar, for my kingdom's wise men can't explain it, but you can—the spirit of the holy gods is in you. Sa se rèv ke mwen menm, Nebucadnetsar, te fè. Alò, ou menm, Beltschatsar, ou fè m konnen entèpretasyon li, kòmsi nanpwen lòt moun pami mesye saj wayòm mwen yo ki kapab fè m konnen entèpretasyon an. Men ou menm, ou kapab, paske lespri a dye sen yo nan ou.”
19 Then Daniel, called Belteshazzar, was stunned briefly, alarmed by his thoughts. The king said, "Belteshazzar, don't let the dream or its meaning alarm you." Belteshazzar answered, "My lord, may the dream be for your haters, its meaning for your enemies!" Konsa Daniel, ki rele Beltschatsar, te vin bèbè pandan yon ti tan e refleksyon li yo te fè l pè. Wa a te reponn e te di: “Beltschatsar, pa kite rèv la, ni entèpretasyon li twouble ou.” Beltschatsar te reponn: “Senyè mwen, pito ke rèv la te apatyen a sila ki rayi ou yo, e entèpretasyon li a lènmi ou yo!
20 The tree you saw grew strong, its top reaching heaven, visible to all the earth, Pyebwa ke ou te wè a, ki te vin gran, e te vin fò a, wotè a sila ki te rive jis nan syèl la, e te vizib a tout tè a;
21 beautiful leaves, abundant fruit, food for all—wild animals lived beneath it, birds of the sky nested in its branches. epi fèy a sila ki te bèl, fwi anpil la, pyebwa nan sila te gen manje pou tout moun nan, pyebwa anba sila bèt chan yo te viv la, e sou branch a sila zwazo syèl yo te vin poze a—
22 It is you, king—you have grown and become strong; your greatness has grown, reaching heaven, your dominion to the ends of the earth. se ou menm, O wa! Paske ou te vin gran, e ou te vin fò; epi majeste ou te vin gran rive jis nan syèl la, e dominasyon ou jis rive nan dènye pwent latè.
23 Because the king saw a watcher, a holy one, come down from heaven, saying: Cut down the tree, destroy it—but leave the stump of its roots in the ground, bound with a band of iron and bronze in the field's grass. Let him be drenched with the dew of heaven; his portion with the wild animals, until seven periods of time pass over him. “Epi tandiske wa a te wè yon ki t ap veye, yon ki sen, ki t ap desann kite syèl la, e ki t ap di: ‘Koupe bwa a e detwi li; sepandan, kite chouk la ak rasin li nan tè a, menm avèk yon bann fè ak bwonz k ap ansèkle li nan zèb nèf nan chan an, kite li menm moun nan tranpe ak lawouze syèl la, e kite li pataje li ak bèt chan yo jiskaske sèt epòk vin pase sou li,’
24 This is the interpretation, my king: the Most High's decree has come upon my lord the king, “Sa se entèpretasyon an, O wa, e sa se dekrè a Pi Wo a ki te vin rive sou senyè mwen an, wa a:
25 you'll be driven from people to live among wild animals, eating grass like oxen, drenched with the dew of heaven, until seven times pass over you and you know the Most High rules the human kingdom, giving it to whoever he chooses. Ke ou va chase ale lwen de moun, ou va rete ak bèt chan, yo va fè ou manje zèb tankou bèf, e ou va tranpe ak lawouze syèl la. Epi sèt epòk va vin pase sou ou jiskaske ou vin rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, e Li bay li a sila ke Li pito.
26 The command to leave the stump and its roots in the ground: your kingdom will be restored to you once you know Heaven rules. Epi, tandiske li te kòmande pou kite chouk la, ak rasin pyebwa a, wayòm ou an va asire apre ou vin rekonèt ke se syèl la ki renye.
27 So, king, accept my advice: break from your sins through righteousness, your wrongdoing through mercy to the poor, so your prosperity may continue. Akoz sa, O wa, ke konsèy mwen an kapab fè ou kontan: Sispann koulye a, peche ou yo. Ranplase yo ak ladwati, e inikite ou yo avèk montre mizerikòd a malere yo. Petèt konsa, kapab genyen yon pwolonjman trankilite ou.”
28 All this came upon King Nebuchadnezzar. Tout sa te vin rive a Nebucadnetsar, wa a.
29 Twelve months later, he was walking on the roof of Babylon's royal palace. Douz mwa pita, li t ap mache sou twati palè wa a Babylone.
30 The king said, "Is this not great Babylon I built as a royal house by my mighty power, for the glory of my majesty?" Wa a te reflechi e te di: “Èske se pa Gran Babylone sa a, ke m te bati kon yon rezidans wayal pa fòs pouvwa mwen an, e pou glwa a pwòp majeste mwen an?”
31 The words were still in the king's mouth when a voice fell from heaven: "King Nebuchadnezzar, this is said to you: the kingdom has left you. Pandan pawòl sa te toujou nan bouch a wa a, yon vwa te sòti nan syèl la e te di: “Wa Nebucadnetsar, a ou menm sa deklare; ‘Wayòm nan rache soti nan men ou.
32 You'll be driven from people, living with wild animals, eating grass like an ox. Seven periods will pass over you, until you know the Most High rules mankind's kingdom and gives it to whomever he wills." Ou va chase ale lwen de moun e plas ou pou rete va avèk bèt chan yo. Yo va fè ou manje zèb tankou bèf e sèt epòk a va pase sou ou jiskaske ou rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou tout wayòm a lèzòm e Li bay li a nenpòt moun ke Li pito.’”
33 At once the word came true against Nebuchadnezzar: driven from people, he ate grass like cattle, his body soaked by the dew of heaven, until his hair grew like eagle feathers, his nails like bird claws. Lapoula, pawòl konsènan Nebucadnetsar a te vin akonpli. Li te chase ale lwen de moun, li te kòmanse manje zèb tankou bèf, kò l te tranpe ak lawouze syèl la jiskaske cheve li te vin gran kon plim a yon èg, e zong li kon zong a yon zwazo.
34 When the days ended, I, Nebuchadnezzar, raised my eyes to heaven, and my reason returned. I blessed the Most High, praised and honored the One who lives forever, whose rule is everlasting, whose kingdom spans every generation. Men lè tan sa a te fini, mwen menm, Nebucadnetsar, mwen te leve zye m vè syèl la, bon konprann mwen te retounen sou mwen. Mwen te beni Pi Wo a, mwen te louwe e mwen te bay omaj a Sila ki vivan jis pou tout tan an; Paske règn Li se yon règn ki dire pou tout tan epi wayòm Li de jenerasyon an jenerasyon.
35 All the inhabitants of the earth are counted as nothing, and he does according to his will among the host of heaven and among the inhabitants of the earth; and no one can hold back his hand or say to him, "What have you done?" Tout sila ki rete sou latè yo pa konte pou anyen, men Li fè selon volonte Li nan lame syèl la e pami sila ki rete sou latè yo; epi nanpwen moun ki ka evite men Li, ni mande Li: “Kisa Ou fè la a?”
36 Then my sanity returned; my majesty and splendor returned for my kingdom's glory. My advisers and nobles sought me; I was restored over my kingdom, and surpassing greatness was added to me. Nan lè sa a bon konprann mwen te retounen sou mwen. Epi majeste ak mayifisans mwen te restore a mwen menm pou glwa a wayòm mwen an. Konsa, konseye mwen yo ak prens mwen yo te kòmanse chache twouve mwen. Mwen te retabli nan wayòm mwen, e pi bon pi gwo pwisans te vin ogmante sou mwen.
37 Now I, Nebuchadnezzar, praise, exalt, and honor Heaven's King, for all his works are right, his ways just; those walking in pride he can humble. Alò, mwen menm Nebucadnetsar, mwen fè lwanj, egzaltasyon ak lonè a Wa syèl la, paske tout zèv Li yo vrè, chemen Li yo jis e Li kapab imilye sila ki mache ak ògèy yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]