Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Daniel 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 King Belshazzar held a great feast for 1,000 nobles, drinking wine in the presence of the 1,000. Belschatsar, wa a te fè yon gran fèt pou yon milye nan gwo chèf li yo, e li t ap bwè diven nan prezans a milye a gwo chèf yo.
2 While tasting the wine, Belshazzar ordered in the gold and silver vessels his father Nebuchadnezzar took from Jerusalem's temple, for the king, his nobles, wives, and concubines to drink from. Lè Belschatsar te goute diven an, li te pase lòd pou pote veso fèt an lò ak ajan ke Nebucadnetsar, papa li, te retire nan tanp ki te Jérusalem yo, pou wa a ak prens li yo, madanm li yo ak ti mennaj li yo ta kapab bwè nan yo.
3 Then they brought the gold vessels taken from the temple, our Father's house in Jerusalem; the king, his nobles, wives, and concubines drank from them. Konsa, yo te mennen veso fèt an lò ki te sòti nan tanp lan, lakay Bondye ki te Jérusalem nan. Epi wa a ak prens li yo, madanm li yo ak ti mennaj li yo te bwè nan yo.
4 They drank the wine and praised the gods of gold, silver, bronze, iron, wood, and stone. Yo te bwè diven an e te louwe dye a lò, ak ajan, bwonz, fè, bwa ak wòch yo.
5 Just then a human hand's fingers appeared and wrote on the plaster of the king's palace wall opposite the lampstand, and the king watched the hand writing. Sibitman, men a yon moun te vin parèt. Li te kòmanse ekri anfas chandelye sou randisaj miray palè a Wa a, e wa a te wè pati nan men ki t ap ekri a.
6 The king's face changed color, his thoughts terrified him, his hips gave way, and his knees knocked. Konsa, figi a wa a te vin blanchi, refleksyon li yo te fè l gen gwo laperèz; jwen ren li te vin pèdi fòs e jenou li te kòmanse souke jiskaske youn t ap frape kont lòt.
7 The king shouted for the enchanters, astrologers, and fortune-tellers, telling Babylon's wise men, "Whoever reads this writing and tells me what it means will wear purple, a gold chain on his neck, and rule third in the kingdom." Wa a te rele byen fò pou yo mennen mèt zetwal yo, Kaldeyen ak divinò yo. Wa a te pale e te di a mesye saj Babylone yo: “Nenpòt moun ki ka li enskripsyon sa a e eksplike entèpretasyon li, li va abiye an mov, resevwa yon kolye an lò nan kou li, e vin jwenn pozisyon kon twazyèm chèf nan peyi a.”
8 Then all the king's wise men came in, but none could read the writing or tell him its meaning. Alò, tout moun nan mesye saj a wa yo te antre, men yo pa t ka li enskripsyon an ni fè wa a konnen sa li vle di.
9 So King Belshazzar grew even more terrified, his face paler still, and his nobles were bewildered. Epi wa Belschatsar te plen ak gwo laperèz, figi li te vin pi pal e prens li yo te vin twouble.
10 At the king's and his nobles' words, the queen entered the banquet hall, saying, "King, live forever! Don't let your thoughts terrify you or your face turn pale. Rèn nan te antre nan kay bankè a akoz pawòl a wa a ak prens li yo. Rèn nan te pale e te di: “O wa, viv jis pou tout tan! Pa kite refleksyon ou yo fè ou pè, ni figi ou vin pal.
11 A man in your kingdom has the spirit of the holy gods. In your father's days he showed insight, understanding, and wisdom like the gods' wisdom. King Nebuchadnezzar your father—your father the king—made him chief of magicians, enchanters, astrologers, and fortune-tellers, Gen yon nonm nan wayòm ou a, nan li menm twouve lespri a dye sen yo; epi nan jou a papa ou yo, limyè, bon konprann, ak sajès tankou sajès a dye yo te twouve nan li. Epi Wa Nebucadnetsar, papa ou, Wa a, te chwazi li chèf sou majisyen yo, mèt zetwal yo, Kaldeyen ak divinò yo.
12 because extraordinary spirit, knowledge, and understanding—interpreting dreams, explaining riddles, untying knots—were found in this Daniel, whom the king named Belteshazzar. Now call Daniel; he will interpret." Se te akoz yon lespri ekstrawòdinè, konesans, bon konprann, entèpretasyon a rèv yo, eksplikasyon a fraz ki nwa ak kapasite pou rezoud pwoblèm difisil. Tout sa te twouve nan Daniel sila a, ke wa a te rele Beltschatsar. Kounye a, kite yo rele Daniel e li va fè deklarasyon a entèpretasyon an.”
13 Daniel was brought before the king, who asked, "Are you Daniel, one of the Judean exiles my father the king brought from Judah? Konsa, Daniel te mennen devan wa a. Wa a te pale e te di a Daniel: “Èske ou se menm Daniel ki te youn nan egzile a Juda yo, ke papa mwen, wa a, te mennen soti Juda a?
14 I heard the spirit of the gods is in you—light, understanding, and rare wisdom found in you. Alò, mwen te tande de ou menm, ke lespri a dye yo nan ou, ke konesans, bon konprann ak sajès ki depase tout moun twouve nan ou.
15 The wise men and enchanters were brought before me to read this writing and tell me its meaning, but couldn't. Epi koulye a, mesye saj yo, mèt zetwal yo te mennen devan m pou yo ta ka li enskripsyon sa a e fè entèpretasyon an vin konnen a mwen menm, men yo pa t ka deklare entèpretasyon a mesaj la.
16 I've heard you can interpret and untie knots. If you read this writing and tell me its meaning, you'll wear purple, a gold chain on your neck, and rule third in the kingdom." Men mwen te tande konsènan ou menm, ke ou kapab bay entèpretasyon, e rezoud pwoblèm difisil. Alò, si ou kapab li enskripsyon an, e fè mwen konnen entèpretasyon an, ou va abiye an mov, pote yon kolye an lò nan kou ou e ou va gen otorite kon twazyèm chèf nan wayòm nan.”
17 Daniel answered the king, "Keep your gifts; give your rewards to another. Still, I will read the king the writing and tell him its meaning. Daniel te reponn e te di devan wa a: “Kenbe kado ou yo pou ou menm, oswa bay rekonpans ou yo a yon lòt moun. Sepandan, mwen va li enskripsyon an pou wa a, e fè l konnen lentèpretasyon an.
18 Your Majesty, the Most High our Father gave your father Nebuchadnezzar the kingdom, greatness, glory, and majesty. “O wa, Bondye Pi Wo a te bay souverènte, grandè ak glwa a Nebucadnetsar, papa ou.
19 Because of the greatness he gave him, all peoples, nations, and languages trembled and feared before him. He killed whom he wished, let live whom he wished, raised whom he wished, humbled whom he wished. Akoz grandè ke Li te bay li a, tout pèp yo, nasyon ak lang yo te gen lakrent li, e te tranble devan l. Nenpòt moun li te pito, li te touye l, e nenpòt moun li te pito, li te lese l viv. Epi nenpòt moun li te pito, li te leve l e nenpòt moun li te pito, li te imilye l.
20 When his heart grew proud and his spirit hardened into arrogance, he was deposed from his royal throne and his glory taken away. Men lè kè l te vin egzalte wo, lespri li te vin tèlman ògeye, ke li te aji ak awogans, li te depoze de twòn wayal li a, e glwa li a te rache soti nan men l.
21 He was driven from people, his mind made like an animal's; he lived with wild donkeys, was fed grass like an ox, and the dew of heaven soaked him—until he knew the Most High our Father rules the kingdom of men and sets over it whomever he chooses. Anplis, li te chase lwen de lòm, kè l te vin transfòme kon kè a bèt, e li te vin rete ak bourik mawon. Yo te fè li manje zèb kon bèf, e kò l te tranpe ak lawouze syèl la jiskaske li te vin rekonèt Bondye Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, e ke li mete chèf sou li sila ke Li pito.
22 But you, Belshazzar his son, have not humbled your heart, though you knew all this. “Malgre sa, ou menm, fis li a, Belschatsar pa t imilye kè ou, malgre ou te konnen tout sa,
23 Instead, you lifted yourself against heaven's Sovereign. You had his house's vessels brought before you, and you, your nobles, wives, and concubines drank wine from them. You praised gods of silver, gold, bronze, iron, wood, and stone—gods that cannot see, hear, or know anything. But the One holding your breath in his hand, who owns all your ways—our Father—you have not honored. men ou te egzalte tèt ou kont Senyè syèl la. Konsa, yo te mennen veso lakay Li yo devan ou e ou menm ak prens ou yo, madanm ou yo, ak ti mennaj ou yo t ap bwè diven nan yo. Ou te bay lwanj a dye a ajan, lò, bwonz, fè, bwa, ak wòch yo, ki pa wè, tande, ni konprann. Men Bondye, nan men a Sila souf lavi ou ye a, pou Sila tout chemen ou yo ye a, ou pa t bay Li glwa.
24 Therefore he sent the hand that wrote this inscription. Konsa, men an te voye devan l, e sa se enskripsyon ki te byen ekri a.
25 This is the writing that was inscribed: MENE, MENE, TEKEL, PARSIN. “Alò, sa se enskripsyon ki te byen ekri a: ‘MENE, MENE, TEKEL, UPHARSIN.’
26 This is what it means: MENE—our Father counted your kingdom's days and ended it. “Sa se entèpretasyon a mesaj la: ‘MENE’—Bondye te konte wayòm ou an e te mete fen a li.
27 TEKEL—you have been weighed on the scales and found wanting. ‘TEKEL’—ou te peze sou balans e ou te manke.
28 PERES—your kingdom has been divided and given to the Medes and Persians." ‘PERES’—wayòm ou an vin divize, e li va bay a moun Mèd ak Pès yo.”
29 Then Belshazzar gave the order, and they clothed Daniel in purple, put a gold chain on his neck, and proclaimed him third ruler in the kingdom. Konsa, Belschatsar te pase lòd pou yo te abiye Daniel an mov, e mete yon kolye an lò nan kou li. Li te pibliye yon dekrè selon li ke Daniel te gen otorite kon twazyèm chèf nan wayòm nan.
30 That very night Belshazzar, king of the Babylonians, was killed. Menm nwit sa a, Belschatsar, wa Kaldeyen an te touye.
31 And Darius the Mede received the kingdom, being about sixty-two years old. Konsa Darius, Mèd la, te resevwa wayòm nan ak anviwon laj swasann-de lane.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]