Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Daniel 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Darius appointed 120 satraps over the kingdom, stationed throughout the whole kingdom, Li te fè Darius plezi pou chwazi san-ven satrap sou wayòm nan, pou yo ta kapab pran chaj a tout wayòm nan.
2 and three officials over them, one of them Daniel, so the satraps would answer to them and the king lose nothing. Epi sou yo menm, twa chèf. Youn nan chèf sila yo se te Daniel. Satrap sila yo ta dwe responsab bay kont sou yo menm, pou wa a pa ta soufre okenn pèt.
3 Daniel outshone the administrators and satraps, because an extraordinary spirit was in him, and the king planned to set him over the whole kingdom. Daniel te kòmanse distenge li menm pami chèf ak satrap yo akoz li te posede yon lespri ekstrawòdinè, e wa a te fè plan pou plase li sou tout wayòm nan.
4 Administrators and satraps sought grounds to charge Daniel over the kingdom, but found none—no corruption—since he was faithful; no negligence or corruption was found in him. Konsa, chèf ak satrap yo te kòmanse chache pou twouve yon koz akizasyon kont Daniel nan zafè wayòm nan; men yo pa t ka jwenn okenn baz pou akize l, ni okenn koripsyon, akoz li te fidèl. Okenn neglijans ni koripsyon pa t ka twouve nan li.
5 Then these men said, "We'll find no charge against Daniel unless we find one in his God's law." Epi mesye sila yo te di: “Nou p ap jwenn okenn mwayen pou fè akizasyon kont Daniel eksepte nou jwenn sa kont li konsènan lalwa Bondye li a.”
6 So the administrators and satraps went together to the king and said, "King Darius, live forever! Alò, chèf sila yo ak satrap yo te antann yo pou te parèt devan wa a, e te pale avèk li konsa: “Wa Darius, viv jis pou tout tan!
7 All the kingdom's administrators, prefects, satraps, counselors, and governors agreed the king should issue a royal statute and firm decree: whoever petitions any god or man but you, king, for thirty days, will be thrown into the lions' den. Tout chèf wayòm ak prefè yo, satrap yo, wo ofisyèl ak gouvènè yo te fè konsiltasyon ansanm pou wa a ta etabli yon estati e fè yon dekrè pou nenpòt moun ki ta fè yon priyè a yon lòt dye oswa lòm sof ke ou menm pandan trant jou, o wa, dwe jete nan fòs lyon an.
8 Now, king, issue the decree and sign it in writing, unalterable, under the law of the Medes and Persians, which cannot be revoked. Alò, O wa, fè dekrè a e siyen dokiman pou l pa ka chanje selon lalwa Mèd ak Pès yo, ki p ap ka chanje.”
9 So King Darius signed the document and the ordinance." Konsa Darius, wa a, te siyen dokiman an, ak dekrè a.
10 Learning the decree was signed, Daniel went home to his upstairs room, windows open toward Jerusalem, knelt three times daily, and prayed, giving thanks before his Father as always. Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou fè lapriyè, e bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te kon fè oparavan an.
11 Then these men came together and found Daniel praying and pleading for mercy before his Father. Alò, mesye sila yo te reyini ansanm e yo te vin jwenn Daniel ki t ap fè petisyon ak siplikasyon li devan Bondye li a.
12 They approached the king about the decree: "Did you not sign a decree that for thirty days, anyone petitioning any god or man except you, king, would be thrown into the lions' den?" The king answered, "The matter stands, by the law of the Medes and Persians, unchangeable." Konsa, yo te pwoche pou te pale devan wa a konsènan dekrè a: “Èske ou pa t siyen yon dekrè ke yon moun ki ta fè petisyon a yon lòt dye oswa lòm sof ke ou menm, O wa, pandan trant jou, ta vin jete nan fòs lyon an?” Wa a te reponn: “Pawòl sa a se verite, selon Lalwa a Mèd ak Pès yo, ki p ap ka chanje menm.”
13 They told the king, "Daniel, one of Judah's exiles, ignores you, king, and your signed decree—praying three times daily." Epi yo te reponn, e te pale devan wa a: “Daniel, ki se youn nan egzile ki soti Juda yo pa okipe ou, O wa, ni dekrè ke ou te siyen an, men kontinye fè petisyon li yo twa fwa pa jou.”
14 Hearing this, the king was deeply troubled, determined to save Daniel, and worked until sunset to rescue him. Alò, depi wa a te fin tande pawòl sa a, li te vin byen twouble e te dirije panse li sou mwayen pou delivre Daniel. Epi jiskaske solèy fin kouche, li te kontinye fè efò pou l ta ka sove li.
15 Then these men gathered before the king and said, "Know, king: by law of the Medes and Persians, no decree or edict the king issues can be changed." Alò, mesye sila yo te rasanble ansanm devan wa a. Yo te di wa a: “Byen konprann, O wa, ke sa se yon lwa a Mèd ak Pès yo, ke okenn pwosè legal, ni dekrè ke wa a ta etabli, pa kapab chanje.”
16 Then the king gave the command, and they brought Daniel and threw him into the lions' den. The king said to Daniel, "May your God, whom you serve continually, rescue you." Konsa, wa a te pase lòd pou mennen Daniel jete nan fos lyon an. Wa a te pale. Li te di a Daniel: “Bondye ou a, ke ou sèvi san rete a, va Li menm, delivre ou.”
17 A stone was brought, placed over the den's mouth, and sealed by the king with his signet ring and his nobles' rings, so nothing about Daniel could change. Yon wòch te mennen pou te plase sou bouch a fòs la, epi wa a te sele li ak pwòp bag so li a, e ak bag so a prens li yo, pou anyen pa ta chanje konsènan Daniel.
18 Then the king went to his palace and fasted that night; no entertainment was brought before him, and sleep fled from him. Konsa, wa a te ale nan palè li e te pase nwit lan nan fè jèn. Pa t gen okenn enstriman mizik ki te pote devan l, epi somèy te kite l.
19 Then, at the first light of dawn, the king rose and hurried to the den of lions. Alò, wa a te leve avan solèy la, lè bajou fenk kase, e li te fè vit ale nan fòs lyon an.
20 Nearing the den, he cried out to Daniel anxiously. The king said to Daniel, "Daniel, servant of the living God, has your God, whom you serve continually, been able to rescue you from the lions?" Lè li te vin pre fòs kote Daniel la, li te kriye fò ak yon vwa byen twouble. Wa a te pale e te di a Daniel: “Daniel, sèvitè a Bondye vivan an, èske Bondye ou a, ke ou sèvi san rete a te gen kapasite pou delivre ou de lyon yo?”
21 Then Daniel said to the king, "King, may you live forever! Konsa, Daniel te reponn a wa a: “O wa, viv jis pou tout tan!
22 My Father sent his angel and shut the lions' mouths. They haven't harmed me, because I was found innocent before him, and before you, king, I've done no wrong." Bondye mwen an te voye zanj li. Li te fèmen bouch a lyon yo e yo pa t fè m okenn mal, paske, mwen te twouve inosan devan l, e anplis, anvè ou menm, O wa a, mwen pa t fè okenn krim.”
23 The king was overjoyed and ordered Daniel lifted from the den. Daniel was lifted out with no injury at all, for he had trusted in his Father. Wa a te vrèman kontan e te pase lòd pou Daniel ta retire nan fòs la. Konsa, Daniel te vin retire nan fòs la e okenn blesi pa t menm twouve sou li, akoz li te mete konfyans nan Bondye li a.
24 The king ordered the men who had falsely accused Daniel brought and thrown into the lions' den—with their children and wives. Before they reached the bottom, the lions overpowered them and crushed all their bones. Konsa, wa a te pase lòd pou yo te mennen mesye sila ki te aji ak movèz fwa, pou akize Daniel yo, e yo te jete yo menm, pitit yo ak madanm yo nan fòs lyon an. Konsa, yo pa t menm rive nan baz fòs la avan lyon yo te sezi yo e te kraze tout zo yo.
25 Then King Darius wrote to all peoples, nations, and languages living on earth: "May your peace overflow! Epi Darius, wa a te ekri a tout pèp yo, nasyon ak lang ki t ap viv nan tout peyi a: “Ke lapè ou kapab vin miltipliye!
26 I decree: in all my kingdom, people must tremble and fear before Daniel's God—the living God, enduring forever. His kingdom will never be destroyed; his rule never ends. Mwen fè yon dekrè ke nan tout dominasyon wayòm mwen an, pou tout moun gen pou gen lakrent e tranble devan Dye Daniel la; Paske Li se Bondye vivan an, ki dire jis pou tout tan an, epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap janm detwi. Règn li an va jis pou tout tan.
27 He rescues and delivers; he works signs and wonders in the heavens and on the earth; he is the one who rescued Daniel from the power of the lions." Li delivre e Li sove, Li fè sign ak mèvèy nan syèl la ak sou tè a. Li menm ki te delivre Daniel soti nan pouvwa a lyon yo.”
28 So this Daniel thrived in the reign of Darius and of Cyrus the Persian. Konsa, Daniel sila a te vin pwospere pandan règn a Darius la, e pandan règn a Cyrus, Pès la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]