Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Daniel 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In Belshazzar king of Babylon's first year, Daniel dreamed and saw visions in his head on his bed. He wrote the dream, summarizing the matters. Nan premye ane Belschatsar, wa Babylone nan, Daniel te fè yon rèv ak vizyon nan panse li, sou kabann li. Epi li te ekri rèv la e te rakonte bagay prensipal yo.
2 Daniel said: In my night vision I saw the four winds of heaven churning the great sea. Daniel te di: “Mwen t ap gade nan vizyon mwen pandan nwit lan; epi vwala kat van syèl yo t ap boulvèse gwo lanmè a.
3 And four great beasts came up out of the sea, each different from the others. Epi kat gran bèt t ap monte soti nan lanmè a, youn pa t sanble lòt.
4 The first was like a lion, with eagle's wings. I watched until its wings were torn off; it was lifted off the ground, set on two feet like a human, and given a human heart. “Premye a te tankou yon lyon e li te gen zèl a èg. Mwen te gade jiskaske plim li yo te vin rache, epi li te leve kite tè a ,pou l te fèt vin kanpe sou de pye kon yon moun. Anplis, li te resevwa kè a yon moun.
5 A second beast appeared, like a bear, raised up on one side, three ribs in its mouth between its teeth. It was told, 'Get up, eat much flesh.' “Konsa, vwala, yon lòt bèt, yon dezyèm, ki te sanble ak yon lous. Li te vin leve nan yon bò e twa zo kòt te nan bouch li nan dan li. Konsa, yo te di a li: ‘Leve, devore anpil vyann!’
6 After this I watched: another beast, like a leopard, with four bird wings on its back, four heads, and given authority to rule. “Apre sa, mwen te kontinye gade e vwala, yon lòt tankou yon leyopa, ki te gen sou do li kat zèl a yon zwazo. Bèt sa, anplis, te gen kat tèt, e dominasyon te vin bay a li menm.
7 After this, in my night vision, a fourth beast appeared—dreadful, terrifying, incredibly strong, with huge iron teeth. It devoured, crushed, and trampled the rest underfoot, different from every beast before it, with ten horns. “Apre sa, mwen te kontinye gade nan vizyon nwit lan e vwala, yon katriyèm bèt, byen tèrib, pwisan e fò depase. Li te gen gwo dan fèt an fè. Li te devore, kraze e foule tout sa ki te rete anba pye li. Li te diferan de tout lòt bèt ki te parèt avan li yo. Li te gen dis kòn.
8 While I watched the horns, another—a little horn—rose among them, and three of the first horns were uprooted before it. It had eyes like human eyes and a mouth speaking boastfully. “Pandan mwen t ap reflechi sou kòn yo, vwala yon lòt kòn, yon ti piti, te vin leve pami yo, e twa nan premye kòn yo te rache pa rasin yo. Epi vwala, kòn sila a te gen zye tankou zye a moun, e yon bouch ki te eksprime anpil bagay ak gwo awogans.
9 As I watched, thrones were set in place, and the Ancient of Days, our Father, took his seat. His clothing was white as snow; the hair of his head was like pure wool. His throne was flaming with fire, and its wheels were all ablaze. “Mwen te kontinye gade jiskaske twòn yo te vin plase. Epi youn ki te Ansyen de Jou Yo te chita. Abiman Li te tankou lanèj blan, e cheve nan tèt Li te tankou lenn san tach. Twòn Li te briyan akoz flanm yo, e wou li yo te yon dife ki t ap brile.
10 A river of fire flowed out, streaming from before him. Thousands of thousands served him, and 10,000 upon 10,000 stood before him. The court sat, and the books were opened. Yon rivyè dife t ap koule pou l vin parèt devan L; Milye dè milye t ap okipe L. Di-mil fwa di-mil te kanpe devan L. Jijman an te etabli. Liv yo te vin ouvri.
11 I watched because of the boastful words the horn spoke; I watched until the beast was killed, its body destroyed and given to the burning fire. “Alò, mwen te kontinye gade, akoz son a pawòl awogan ke kòn nan t ap pale yo. Mwen te kontinye gade jiskaske bèt la te vin touye, kò l te detwi, e li te vin bay a dife ki t ap brile a.
12 The rest of the beasts lost authority but had their lives prolonged for a set time and season. Pou tout lòt bèt yo, dominasyon yo te vin retire, men yo te resevwa yon pwolongasyon lavi pandan yon sezon ak pandan yon tan.
13 In my night vision I looked, and there before me, coming with the clouds of heaven, was one like a son of man. He approached the Ancient of Days, our Father, and was led into his presence. “Mwen te kontinye gade nan vizyon nwit lan, epi vwala, la te vini ak nwaj syèl yo, yon moun tankou yon Fis a Lòm t ap vini; epi Li te vin parèt devan Ansyen A Jou Yo e te fè l vin prè.
14 And he was given authority, glory, and a kingdom, so that all peoples, nations, and languages would serve him. His dominion is an everlasting dominion that will not pass away, and his kingdom is one that will never be destroyed. A li menm, Li te bay dominasyon, glwa a, ak yon wayòm, pou tout pèp, nasyon ak lang yo ta ka sèvi Li. Dominasyon Li an se yon dominasyon k ap dire jis pou tout tan, ki p ap janm fini. Epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap detwi.
15 I, Daniel, was troubled in spirit, and the visions that passed through my mind alarmed me. “Pou mwen menm, Daniel, lespri mwen te twouble anndan mwen, e vizyon nan panse m yo te kontinye ban m gwo laperèz.
16 I approached one of those standing there and asked him the truth about all this. He told me, revealing its interpretation. Mwen te pwoche youn nan sila ki te kanpe akote yo, e te kòmanse mande li kisa tout sa te vle di. “Konsa, li te eksplike mwen e te fè m konnen byen dirèk entèpretasyon a tout bagay sa yo.
17 'These four great beasts are four kings who will rise from the earth. ‘Gwo bèt sila yo, ki se kat yo, se kat wa ki va leve soti nan tè a.
18 But the holy ones of the Most High, our Father, will receive and possess the kingdom forever, forever and ever. Men sen yo a Sila Ki Pi Wo a, va resevwa wayòm nan, e va posede wayòm nan jis pou tout tan, pou tout laj ki gen pou vini yo.’
19 Then I wanted the truth about the fourth beast, different from all others—most terrifying, iron teeth, bronze claws—devouring, crushing, and trampling what remained underfoot. “Epi mwen te dezire konnen kisa Katriyèm bèt la te sinyifi, ki pa t menm jan ak lòt bèt yo, te vrèman tèrib, ak dan li an fè, e grif li an bwonz, ki te devore, kraze e foule rès la anba pye li;
20 I also wanted to know about the ten horns on its head, and the other horn that came up before which three fell—the horn with eyes and a boastful mouth, appearing bigger than the rest. epi kisa dis kòn sou tèt li yo ak lòt kòn ki te vin leve a te sinyifi, e devan sila twa nan yo te tonbe a, menm kòn ki te gen zye ak bouch ki te pi djanam nan aparans ke parèy li yo.
21 As I watched, this horn was waging war against the holy ones and was defeating them, Mwen te kontinye gade; kòn sa a t ap fè lagè ak fidèl yo, e te enpoze li sou yo.
22 until the Ancient of Days, our Father, came, judgment was given for the holy ones of the Most High, our Father, and the holy ones' time came to possess the kingdom.' Jiskaske Ansyen A Jou Yo te vini, epi jijman an te fèt nan favè a sen a Sila Ki Pi Wo a e lè a te rive pou sen yo te pran posesyon a wayòm nan.
23 He said: 'The fourth beast is a fourth kingdom on earth, unlike all other kingdoms. It will devour, trample, and crush the whole earth. “Konsa, li te di: ‘Katriyèm bèt la va yon katriyèm wayòm sou latè, ki va apa de tout lòt wayòm yo. Li va devore tout latè, mache sou li e kraze li an mòso.
24 The ten horns: ten kings will arise from this kingdom. After them another arises, different from the first, and subdues three kings. E pou dis kòn yo, sòti nan wayòm sa a, dis wa va leve. Konsa, yon lòt va leve apre yo, li p ap menm jan ak lòt ki te avan yo, e li va kraze twa wa yo.
25 He will speak words against the Most High, our Father, oppress the holy ones of the Most High, our Father, and try to change the set times and the law. The holy ones will be handed to him for a time, times, and half a time. Li va pale kont Pi Wo a, li va epwize sen a Sila Ki Pi Wo a, epi li va gen entansyon pou fè chanjman nan tan ak lwa yo. Yo va vin livre nan men li pandan yon tan ak tan yo, ak yon mwatye tan.
26 But the court will sit in judgment, and his dominion will be taken away, consumed and destroyed forever. “‘Men jijman an va etabli. Dominasyon li an va rache, anile e detwi jis pou tout tan.
27 Kingdom, dominion, and greatness of all kingdoms under heaven will be given to the people, the holy ones of the Most High, our Father. His kingdom is a kingdom without end; all rulers will serve and obey him.' Epi wayòm a dominasyon an, ak grandè a tout wayòm yo anba tout syèl la va vin livre a pèp a sen a Pi Wo yo. Wayòm Li an, yon wayòm k ap dire jis pou tout tan e tout dominasyon yo va sèvi e obeyi Li.’
28 This ends the matter. I, Daniel—my thoughts terrified me, my face turned pale, but I kept it to myself. “Se konsa bagay la te fini. Pou mwen menm, Daniel, refleksyon mwen yo te twouble m anpil anpil, e figi m te vin pal; men mwen te kenbe bagay la nan kè m.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]