Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Daniel 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In King Belshazzar's third year, a vision appeared to me, Daniel, after the earlier one. Nan twazyèm ane règn a Belschatsar a, wa a, yon vizyon te parèt a mwen menm, Daniel, apre sa ki parèt a mwen an premye a.
2 In the vision I was in the citadel of Susa, in Elam province; and in the vision I was beside the Ulai Canal. Mwen te gade nan vizyon an e pandan mwen t ap gade a, mwen te nan Suse, palè ki nan pwovens Élam nan. Epi mwen te gade nan vizyon an, e mwen te bò Kanal Ulaï la.
3 I looked up: a ram stood before the canal, two tall horns—one taller than the other, the taller coming up last. Mwen te leve zye m pou te gade e vwala, yon belye ak de kòn ki te kanpe devan kanal la. Alò, de kòn yo te long, men youn te pi long ke lòt la, e sa ki pi long lan ki te leve an dènye.
4 I watched the ram charging west, north, and south. No animal could stand against him, none could rescue from his power. He did as he pleased and grew great. Mwen te wè belye a ki t ap frape tèt li vè lwès, vè nò e vè sid. Pa t gen bèt ki te ka kanpe devan l, ni pa t gen youn ki te kab delivre soti anba men li. Men li te fè sa li te pito, e te leve tèt li Wo.
5 As I was considering this, suddenly a male goat came from the west across the whole earth without touching the ground; it had a prominent horn between its eyes. Pandan mwen t ap gade a, vwala yon mal kabrit t ap vini soti nan lwès sou fas tout tè a, san touche tè a, e kabrit la te gen yon kòn parèt byen klè antre zye li.
6 He came to the two-horned ram I saw standing by the canal and ran at it in raging power. Li te pwoche kote belye ki te gen de kòn nan, belye ke m te wè kanpe devan kanal la, e li te kouri fò sou li ak gwo chalè pwisans li.
7 I saw him reach the ram, enraged, striking and shattering its two horns. The ram had no strength to stand against him; the goat threw it down and trampled it, and no one could rescue the ram from his power. Mwen te wè li vin bò kote belye a e li te anraje sou li. Epi li te frape belye a. Li te kraze de kòn li yo, e belye a pa t gen fòs pou reziste ak li. Konsa, li te voye l a tè, e te ponpe sou li. Pa t gen moun ki pou delivre belye a devan pouvwa li.
8 The goat grew very great, but at its full strength the great horn broke, and four prominent horns grew up in its place toward the four winds of heaven. Epi kabrit mal la te agrandi pouvwa li anpil, anpil. Men depi li te vin pwisan an, pi gwo kòn nan te kase. Epi li te ranplase ak kat kòn, ki parèt byen klè, ki te sòti vè kat van syèl yo.
9 From one of them a little horn came out, growing very great toward the south, east, and the glorious land. Youn nan kòn yo te parèt yon ti jan piti e li te grandi byen vit vè sid, vè lès e vè peyi laglwa a.
10 It grew great, up to the host of heaven, casting down to earth some of the host and of the stars, and trampled them. Li te grandi rive jis nan lame syèl la. Li te fè kèk nan lame a ak kèk nan zetwal yo tonbe atè, e li te ponpe sou yo.
11 It made itself great against the Prince of the host; the Prince's regular offering was removed and his sanctuary's place thrown down. Li te menm agrandi pwòp tèt li pou l ta ka egal ak Chèf Tèt lame syèl la. Konsa, li te retire nan men l sakrifis nòmal la, e plas sanktyè Li a te jete anba.
12 Because of wrongdoing, the army was handed over to it with the daily offering; it threw truth to the ground and acted and thrived. Epi akoz transgresyon, lame a va vin livre a kòn nan ansanm ak sakrifis nòmal la. Li te voye verite a jis atè, e sa te fè plezi, e li te pwospere.
13 Then I heard a holy one speaking, and another holy one asked the speaker, "How long is the vision—the regular offering, the wrongdoing that brings desolation, sanctuary and host handed over to trampling?" Alò, mwen te tande sila ki sen an ap pale, e yon lòt ki sen te di a sila ki t ap pale a: “Pandan konbyen tan vizyon a sakrifis nòmal la va kontinye, pandan transgresyon an ap ravaje e kite ni sen lye an ansanm ak lame a vin foule anba pye?”
14 He told me, "For 2,300 evenings and mornings; then the sanctuary will be restored to its rightful state." Li te di mwen: “Pandan de-mil-twa-san swa ak maten. Epi alò, sen lye a va vin pwòp ankò.”
15 As I, Daniel, watched the vision seeking to understand, one like a man stood before me. Lè mwen menm, Daniel, te fè vizyon an, mwen te chache konprann li. Epi gade byen, kanpe devan mwen se te yon bagay ki te sanble ak yon moun.
16 I heard a human voice from the Ulai calling, "Gabriel, make this man understand the vision." Mwen te tande vwa a yon moun antre de rebò kanal Ulaï la. Li te rele fò e li te di: “Gabriel, fè nonm sa a konprann vizyon an.”
17 He came near where I stood, and as he drew close I was terrified and fell facedown. He said to me, "Understand, son of man: the vision is for the time of the end." Konsa, li te vin toupre kote mwen te kanpe a. Lè l te parèt, mwen te gen gwo laperèz, e mwen te tonbe sou figi m. Men li te di mwen: “Fis a lòm, konprann vizyon an; paske vizyon an apatyen a bagay a dènye tan yo.”
18 As he spoke, I fell into a deep sleep, face to the ground; but he touched me and set me on my feet. Alò, pandan li t ap pale avè m, Mwen te tonbe nan yon pwofon somèy, ak figi m atè, men li te touche mwen, e te fè m kanpe dwat.
19 He said, "Listen, I will tell you what will happen in the later time of the wrath, for it concerns the appointed time of the end. Li te di: “Gade byen, mwen va fè ou konnen sa k ap vin rive nan dènye epòk gwo kòlè a, paske li apatyen a moman ki chwazi pou lafen an.
20 The ram you saw with the two horns is the kings of Media and Persia. Belye ke ou te wè ak de kòn yo reprezante wa a Mèdes ak Perse yo.
21 The shaggy goat is Greece's king; the great horn between his eyes is the first king. Epi kabrit la se wayòm a Grèce la, e gran kòn antre zye li yo, se premye wa a.
22 The broken horn, four rising in its place: four kingdoms rise from his nation, but without his power. Kòn ki te kase a ak kat kòn ki te leve nan plas li a se kat wayòm ki va leve sòti nan nasyon sa a, malgre se pa avèk pouvwa li.
23 At the end of their reign, when sinners reach full measure, a fierce-faced king skilled in intrigue will arise. “Epi nan dènye pati wayòm yo a, lè transgresè yo fin fè tout transgresyon yo, yon wa va leve ki fiwos, e plen devinèt koken.
24 His power will be great—but not his own—and he will cause terrible destruction, prosper, and act. He will destroy the mighty and the people of the holy ones. Pouvwa li a va trè pwisan, men se pa ak pwòp pouvwa li. Konsa, li va detwi anpil ak gran pwisans. Li va gen gran siksè, e li va fè sa li pito. Li va detwi mesye pwisan ak moun ki sen yo.
25 By cunning he makes deceit thrive under his hand, and in his heart he lifts himself up. Without warning he destroys many, and rises against the Prince of princes—yet he will be broken, by no human hand. Atravè manèv li yo, se ak riz k ap avanse nan men li. Konsa, li va leve tèt li wo nan kè l, epi li va detwi anpil moun pandan yo ansekirite. Anplis, li va kanpe kont Prens dè prens yo, men li va vin kraze san èd moun.
26 The vision of the evenings and mornings told to you is true, but seal it up, for it concerns days far off." “Vizyon sila a, aswè ak maten ki te pale a, se verite. Men sele vizyon an, pou l pa pale menm, paske li apatyen a anpil jou ki gen pou vini.”
27 I, Daniel, was overcome and sick for days. Then I got up and did the king's business, but the vision left me appalled, beyond understanding. Konsa, mwen menm, Daniel, te vin malad pandan plizyè jou. Lè m te leve ankò, mwen te kontinye fè zafè a wa a. Mwen te etone de vizyon an e mwen pa t gen moun ki te konprann li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]