Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Daniel 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the first year of Darius son of Xerxes, a Mede, made king over the Babylonian realm. Nan premye ane Darius, fis a Assuérus, Mèd la, ki te vin wa sou wayòm a Kaldeyen yo—
2 In his reign's first year, I, Daniel, understood from the books how many years our Father told Jeremiah the prophet: seventy, to complete Jerusalem's ruins. nan premye ane a règn pa li a, mwen menm, Daniel, mwen te konprann selon liv yo, nonb dèzane selon pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie, pwofèt la, pou ta fè akonplisman dezolasyon a Jérusalem yo, menm swasann-dis ane yo.
3 So I turned my face to the Sovereign Father, to seek him in prayer and pleading, with fasting, sackcloth, and ashes. Konsa, mwen te chache fas Senyè Bondye a, pou jwenn Li nan lapriyè ak siplikasyon, fè jèn ak twal sak ak sann.
4 I prayed to my Father, confessing: "Sovereign Father, great and awesome, keeping covenant and faithful love for those loving him and keeping his commands, Mwen te priye a SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te konfese e mwen te di: “O SENYÈ, Gran Bondye ki etonnan la, ki kenbe akò ak mizerikòd li pou sila ki renmen Li, e ki swiv kòmandman Li yo,
5 we have sinned, done wrong, done evil, rebelled, turning from your commands and rulings. nou te peche; nou te komèt inikite. Nou te aji ak mechanste e nou te fè rebèl, jiskaske nou vire kite kòmandman Ou yo ak règleman Ou yo.
6 We haven't listened to your servant prophets speaking in your name to our kings, princes, ancestors, and all the land's people. Anplis, nou pa t koute sèvitè Ou yo, pwofèt yo, ki te pale nan non Ou, a wa nou yo, prens nou yo, papa zansèt nou yo, ak tout moun peyi a.
7 Righteousness is yours, Sovereign Father, but ours is open shame today—Judah's people, Jerusalem's residents, all Israel, near and far, in every land where you drove them for their unfaithfulness to you. Ladwati apatyen a Ou menm, O Senyè! Men a nou menm, gwo wont parèt byen klè, jan li ye jis rive nan jou sa a; a moun Juda yo, sila k ap viv Jérusalem, ak tout Israël yo, sila ki rete pre ak sila ki lwen, nan tout peyi kote Ou te chase yo ale akoz zak enfidèl ke yo te komèt kont Ou yo.
8 O our Father, open shame belongs to us—our kings, princes, and ancestors—because we sinned against you. O Senyè, gwo wont ak twoub byen klè se akoz nou, ak wa nou yo, prens nou yo, ak papa zansèt nou yo, akoz yo te peche kont Ou.
9 To the Sovereign Father belong mercy and forgiveness, for we have rebelled against him, A Senyè Bondye nou an, se Mizerikòd ak padon akoz nou te fè rebèl kont Li.
10 and we disobeyed our Father's voice to walk in his laws set before us through his servants the prophets. Ni nou pa t obeyi vwa SENYÈ Bondye nou an, pou mache nan enstriksyon ke Li te mete devan nou pa sèvitè Li yo, pwofèt yo.
11 All Israel broke your law and turned away, refusing to obey your voice. So the curse and the sworn oath written in the Law of Moses, our Father's servant, poured out on us, because we sinned against him. Anverite tout Israël te transgrese lalwa Ou a, te vire akote e pa t obeyi vwa Ou. Konsa, malediksyon te vide sou nou, ansanm ak sèman ki ekri nan lalwa Moïse, sèvitè Bondye a, paske nou te peche kont Li.
12 He confirmed his words against us and our judges who judged us, bringing great disaster on us; nothing under all heaven matches what happened to Jerusalem. Li te konfime pawòl ke Li te pale kont nou, e kont chèf ki te gouvène nou yo, pou fè vini sou nou yon gwo malè. Paske anba tout syèl la, pa t janm gen okenn bagay ki te fèt tankou sa ki te fèt Jérusalem nan.
13 As written in the Law of Moses, all this disaster came on us; yet we have not sought our Father's favor by turning from our sins and understanding your truth. Jan sa ekri nan lalwa Moïse la, tout malè sa a te vini sou nou. Malgre sa, nou pa t chache gras a SENYÈ la, Bondye nou an, ak desizyon pou vire kite inikite nou, e vin okipe nou de verite pa Ou a.
14 So our Father readied the disaster and brought it on us, for our Father is righteous in all he does; but we did not obey his voice. Akoz sa, SENYÈ a te kenbe malè nan men l, e te pote li sou nou. Paske, SENYÈ a, Bondye nou an, dwat nan tout zèv ke Li fè yo, men nou pa t obeyi vwa li.
15 And now, Sovereign Father, you brought your people out of Egypt with a strong hand and made yourself a name lasting to this day—we sinned, we did wrong. Konsa, Senyè, Bondye nou an, ki te mennen pèp Ou a sòti nan peyi Egypte la ak yon men pwisan, e te fè yon non pou Ou menm, jan sa ye nan jou sa a, nou te peche. Nou te fè mechanste.
16 Sovereign Father, by all your righteous acts, turn your anger and rage from your city Jerusalem, your holy mountain—for our sins and our ancestors' wrongdoing made Jerusalem and your people a disgrace to all around us. O Senyè, an akò ak tout zak ladwati Ou yo, kite gwo kòlè ak mekontantman Ou vire kite vil Ou a, Jérusalem, mòn sen Ou an. Paske, akoz peche nou yo ak inikite a papa zansèt nou yo, Jérusalem ak pèp Ou a te vin yon repwòch pou tout sila ki antoure nou yo.
17 Now, our Father, hear your servant's prayer and pleas, and shine your face on your desolate sanctuary, for your own sake, Sovereign Father. Pou sa, koulye a, Bondye nou an, koute lapriyè a sèvitè Ou a, ak siplikasyon li yo, e pou koz a Ou menm, O Senyè, kite fas ou briye sou sanktiyè dezole Ou a.
18 Turn your ear toward us, my Father, and hear; open your eyes, see our ruins and the city called by your name. We bring our pleas before you not for our righteousness but your great mercy. O Bondye mwen an, apiye zòrèy W pou tande! Ouvri zye ou pou wè dezolasyon nou yo, ak vil la ki rele pa non Ou a; paske nou p ap prezante siplikasyon nou yo akoz okenn dwati de nou menm, men akoz gran mizerikòd Ou.
19 Sovereign Father, hear! Sovereign Father, forgive! Sovereign Father, listen and act! Don't delay, for your sake, my Father, because your city and your people bear your name." O Senyè, koute! O Senyè, padone! O Senyè, tande e aji! Pou koz pa Ou, O Bondye mwen an, pa fè reta. Paske vil Ou a, ak pèp Ou a rele pa non Ou.”
20 Still speaking, praying, confessing my sin and my people Israel's sin, laying my plea before my Father for my Father's holy hill, Alò, pandan mwen t ap pale, e fè priyè a, pou m konfese peche m yo, ak peche a pèp mwen an, Israël, ak prezante siplikasyon mwen yo devan SENYÈ Bondye mwen an, pou mòn sen a Bondye mwen an—
21 while I was still praying, Gabriel, the man I saw earlier in the vision, reached me, flying fast, about the time of the evening offering. pandan mwen te toujou ap pale nan lapriyè a— alò, nonm nan Gabriel, ke m te wè nan vizyon oparavan an, te vole rive byen vit kote mwen, e te touche mwen vè lè pou ofrann nan aswè a.
22 He gave me insight, speaking with me and saying, "Daniel, I have now come out to give you insight and understanding. Li te ban mwen enstriksyon. Li te pale ak mwen e te di: “O Daniel, koulye a, mwen vin parèt pou bay sajès ak bon konprann.
23 As your pleas began, a word went out, and I came to tell you, for you are deeply loved. So weigh the word and understand the vision: Nan kòmansman siplikasyon ou yo, lòd la te fin pase, e mwen vini pou di Ou, paske ou se byeneme. Konsa, prete atansyon a mesaj la pou vin konprann vizyon an.
24 "Seventy weeks are decreed for your people and your holy city: to end wrongdoing, finish sin, atone for guilt, bring in everlasting righteousness, seal vision and prophet, and anoint a most holy place. “Swasann-dis semèn te òdone pou pèp ou ak vil sen ou an, pou fini ak transgresyon, pou mete fen a peche yo, pou rekonsilye inikite yo, pou mennen fè antre ladwati ki san fen, pou mete so sou vizyon ak pwofesi, e pou onksyone lye ki sen pase tout la.
25 Know therefore and understand: from the time the command goes out to restore and rebuild Jerusalem until the coming of the Anointed One, the Prince, there will be seven weeks and sixty-two weeks. It will be rebuilt with streets and a moat, but in troubled times. “Konsa, ou ta dwe konnen e disène ke depi yon dekrè vin pibliye pou restore e rebati Jérusalem jis rive nan Onksyone a, Prens lan, va gen sèt semèn ak swasann-de semèn. Li va rebati ankò, ak plas la, e ak kanal ranpa a, menm nan yon tan ki twouble.
26 And after the sixty-two weeks the Anointed One will be cut off and will have nothing. The people of the prince who is to come will destroy the city and the sanctuary. Its end will come like a flood, and to the end there will be war; desolations are decreed. Epi apre swasann-de semèn yo, Onksyone a va koupe retite nèt, e Li p ap gen anyen. E pèp a prens la ki vini an, va detwi vil ak sanktyè a. Epi lafen li an va vini ak yon inondasyon ak lagè jis rive nan lafèn. Konsa, dezolasyon yo deja detèmine.
27 He will confirm a covenant with many for one week; mid-week he will stop sacrifice and offering. On a temple wing he will set up an abomination that causes desolation, until the decreed end pours on the desolator." Li va fè yon akò ki byen fò avèk anpil moun pandan yon semèn. Men nan mitan semèn nan, li va fè sispann sakrifis ak ofrann sereyal yo. Epi sou zèl abominasyon yo, va vini yon moun ki fè dezolasyon. Men lè l rive nan fen an nèt, ki deja detèmine, lakòlè va vide sou sila ki fè dezolasyon an.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]