Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Daniel 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In Cyrus king of Persia's third year, a message was revealed to Daniel, called Belteshazzar—true, about a great war. He understood it, gaining insight into the vision. Nan twazyèm ane Cyrus, wa Perse la, yon mesaj te revele a Daniel, ki te rele Belschatsar. Mesaj la te vrè; menm yon gran gè. Li te konprann mesaj la, e te gen konprann vizyon an.
2 In those days I, Daniel, was mourning for three full weeks. Nan jou sila yo, mwen menm, Daniel, mwen t ap fè dèy pandan twa semèn.
3 I ate no fine food; no meat or wine touched my mouth; I used no oil at all, until three weeks passed. Mwen pa t manje okenn bon manje; ni vyann, ni diven nan pa t antre nan bouch mwen. Ni mwen pa t sèvi okenn pomad pou onksyone jiskaske tout twa semèn sila yo te fin akonpli.
4 On the twenty-fourth day of month one, I stood on the bank of the great river—the Tigris. Nan venn-katriyèm jou nan premye mwa a, pandan mwen te akote gran rivyè a, ki se Hiddékel,
5 I looked up and saw a man in linen, a belt of fine gold of Uphaz around his waist. mwen te leve zye m gade e vwala, te gen yon sèten nonm abiye an len, ak senti l mare ak yon sentiwon lò pi, ki sòti Uphaz.
6 His body like beryl, his face like lightning, his eyes like torches of fire, his arms and legs like polished bronze, and the sound of his words like a roaring crowd. Anplis, kò li te tankou krizolit, figi li kon aparans ak loray, zye li kon tòch flanm dife, bra li ak pye li tankou bwonz byen poli, e son a pawòl li yo, kon son a yon gran foul.
7 I, Daniel, alone saw the vision; the men with me didn't see it, but great trembling fell on them, and they fled and hid. Alò, mwen menm, Daniel, mwen tou sèl te wè vizyon an, pandan mesye ki te avè m yo pa t wè vizyon an, men yon gwo laperèz te vin tonbe sou yo, e yo te kouri ale kache kò yo.
8 Left alone, I saw this great vision. No strength remained in me; my face turned deathly pale, and I kept no strength. Konsa, mwen te rete sèl, e mwen te wè gran vizyon sila a. Konsa, pa t gen fòs ki te rete nan mwen, paske koulè po m te vin pal tankou moun ki mouri, e mwen te pèdi tout fòs mwen nèt.
9 Then I heard his words, and hearing them, I fell face down on the ground in a deep sleep. Men mwen te tande son a pawòl li yo. Depi mwen te tande son pawòl li yo, mwen te tonbe nan yon gwo somèy sou figi mwen, figi m atè nèt.
10 Suddenly a hand touched me and set me trembling on my hands and knees. Konsa, gade byen, yon men te touche mwen ki te plase m sou men ak jenou m yo.
11 He said to me, "Daniel, dearly loved man, understand the words I speak to you; stand up, for I am now sent to you." When he spoke this word to me, I stood up, trembling. Li te di mwen: “O Daniel, nonm ki trè byeneme a, konprann pawòl ke mwen va pale ou yo. Kanpe dwat! Paske mwen te voye kote ou koulye a.” Lè li te pale pawòl sa a, mwen menm, mwen te kanpe. Mwen t ap tranble.
12 He said to me, "Don't be afraid, Daniel. From the first day you set your heart to understand and humbled yourself before your Father, your words were heard, and I came because of your words. Alò, li te di mwen: “Pa pè, Daniel, paske depi premye jou ke ou te dedye kè ou pou konprann sa a, lè ou te imilye ou devan Bondye ou a, pawòl ou yo te vin tande. Konsa, mwen te vini akoz pawòl ou yo.
13 But the prince of Persia's kingdom opposed me twenty-one days; then Michael, one of the chief princes, came to help me, for I was left there with Persia's kings. Men prens a wayòm Perse la te kanpe kont mwen pandan venteyen jou; epi gade byen Micaël, youn nan chèf a prens yo, te vin ede m, paske mwen te rete la sèl ak wa a Perse yo.
14 I came to help you understand your people's future in days to come, for the vision is for days still ahead." Koulye a, mwen gen tan vini pou bay ou konprann de sa ki va rive a pèp ou a nan dènye jou yo, paske vizyon an apatyen a anpil jou ki poko rive.”
15 As he spoke these words to me, I turned my face to the ground, unable to speak. Lè li te pale ak mwen konsènan pawòl sila yo, mwen te vire figi mwen vè tè a e mwen pa t ka pale menm.
16 Then one like a man touched my lips. I opened my mouth and began to speak. I said to the one standing before me, "My lord, the vision has filled me with pain, and I have no strength left. Epi gade byen, yon bagay ki te sanble ak yon fis a lòm te touche lèv mwen. Konsa, mwen te louvri bouch mwen pou te pale, e mwen te di a sila ki te kanpe devan m nan: “O senyè mwen an, akoz vizyon an chagren te antre nan mwen e tout fòs mwen te kite m.
17 How can I, your servant, speak with you, my lord? No strength remains in me now, no breath is left." Paske kòman yon kalite sèvitè konsa kapab pale ak youn tankou senyè mwen an? Epi pou mwen, fòs pa rete nan mwen, ni okenn souf pa rete nan mwen.”
18 Again the one who looked like a man touched me and strengthened me. Epi sila a ki te sanble ak fis a lòm nan, te touche mwen ankò e te ban m fòs.
19 He said, "Don't be afraid, treasured one. Peace to you; be strong, be strong!" His words strengthened me, and I said, "Speak, my lord, for you have strengthened me." Li te di mwen: “O nonm trè byeneme a, pa pè. Lapè avèk ou. Pran kouraj! Wi, se pou vin vanyan!” Alò, depi lè li te fin pale ak mwen an, mwen te resevwa fòs, e mwen te di: “Kite senyè mwen an pale, paske ou te ban m fòs.”
20 He said, "Do you know why I came to you? Now I return to fight Persia's prince; then, as I leave, Greece's prince comes. Konsa, li te di: “Èske ou pa konprann poukisa mwen te vin kote ou a? Men mwen va retounen koulye a, pou goumen kont prens a Perse la. Lè mwen ale, gade byen prens a Grèce la va vini.
21 But first I'll tell you what's written in the Book of Truth: none stands firmly with me against them but Michael, your prince." Men mwen va di ou sa ki enskri nan pawòl verite a. Nanpwen okenn moun k ap kanpe avè m kont sila yo, sòf ke Micaël, prens ou an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]