Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Daniel 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 And I, in the first year of Darius the Mede, stood up to support and strengthen him. “Nan premye ane Darius, Mèd la, Mwen te leve pou m ta kapab vin yon ankourajman ak yon pwotèj pou li.
2 Now I'll tell you the truth: look, three more kings will rise in Persia, then a fourth far richer than all. Strengthened by his wealth, he will stir up everyone against Greece's kingdom. “Epi koulye a, mwen va di ou verite a. Gade byen, va gen twa wa ankò ki va leve Perse. Epi katriyèm nan va bokou pi rich ke tout lòt yo. Lè li vin fò akoz richès li yo, li va pwovoke tout pouvwa li a kont wayòm Grèce la.
3 Then a mighty king will arise, who will rule with great dominion and do as he pleases. Konsa, yon wa pwisan va vin leve. Li va gouvène ak gwo otorite e fè sa li pito.
4 Once he rises, his kingdom will break apart and split toward the four winds of heaven—not to his descendants, nor with the power he held, for his kingdom will be uprooted and given to others besides them. Epi lè li fin leve, wayòm li an va vin kraze e divize vè kat van syèl yo, men se pa a pwòp desandan pa li, ni selon otorite ke li te gouvène, paske wayòm li an va vin dechouke e vin bay a lòt moun ke yo menm.
5 The king of the south will grow strong; one of his commanders will grow stronger than him and rule—his dominion will be vast. “Epi wa a Sid la va vin fò, ansanm ak youn nan prens li yo ki va vin pi fò ke li, e li va domine li. Dominasyon li an va vrèman gran.
6 After some years they will ally: the daughter of the king of the south will come to the king of the north to make an agreement. But she won't keep her strength, nor will he or his arm stand. She will be handed over—with her escort, her father, and her supporter—in those times. Apre kèk ane, yo va fè yon alyans e fi wa a Sid la va vin kote wa Nò a pou antann yo pou yo gen lapè. Men fi a p ap ka kenbe pozisyon pouvwa li a. Ni li menm wa Sid la, li p ap ka kenbe pouvwa pa li a; men fi a va vin livre, ansanm ak sila ki te mennen l antre ak sila ki te devni papa l, menm ak sila ki te bay li soutyen nan lè sa yo.
7 A shoot from her roots will rise in his place, attack the army, enter the north king's fortress, act against them, and prevail. “Men youn nan desandan fanmi fi yo va leve nan plas li. Li va vin kont lame pa yo, pou l antre nan sitadèl wa Nò a. Li va aji kont yo, e li va vankre yo.
8 He will take their gods captive to Egypt, with their metal images and precious silver and gold vessels; for years he will stay away from the king of the north. Anplis dye, imaj metal, veso presye an ajan ak lò yo, li va pote yo an kaptivite an Egypte. Konsa, li va sispann atake wa Nò a pandan kèk ane.
9 The king of the north will invade the king of the south's realm, then return home. Li va antre nan wayòm a wa Sid la, men li va retounen nan pwòp peyi li.
10 His sons will arm for war, gather a vast army that keeps coming, overflows, sweeps through, then renews war to his stronghold. Fis li yo va rasanble yon gwo lame ki va vin debòde e travèse. Konsa, yo va retounen fè lagè rive jis nan pwòp sitadèl li a.
11 The southern king, enraged, will march out to fight the northern king, who musters a vast army; but the army is given into the southern king's hand. “Wa Sid la va anraje e vin goumen ak wa Nò a. Epi dezyèm nan va leve yon gwo foul lame kont premye a, men foul lame sila a va livre nan men a premye a.
12 When the crowd is carried off, his heart grows proud; he strikes down tens of thousands, yet fails. Epi foul lame a va vin leve retire. Kè li va vin egzalte e li va fè sòlda tonbe pa di-milye, men, li p ap ka enpoze li.
13 The king of the north will again raise a horde bigger than before, then after years come with a great army and vast supplies. Paske, wa Nò a va retounen e leve yon foul ki pi gwo ke sa avan an. Epi li va vini nan fen tan yo, menm nan fen ane yo, avèk yon gwo lame e avèk anpil minisyon.
14 In those times many will rise against the king of the south; violent men of your people will lift themselves up to fulfill the vision, but fail. “Alò, nan tan sila yo, va gen anpil moun ki va leve kont wa Sid la. Sila ki vyolan pami pèp nou an va leve yo menm pou etabli vizyon an, men yo va tonbe.
15 The king of the north will come, raise a siege ramp, and take a fortified city; the south's forces will not stand, nor its elite troops—no strength remains to stand. Epi wa Nò a va vini, li va monte yon teras e li va pran yon vil byen fòtifye. Konsa, lame a Sid yo p ap ka kanpe, ni meyè solda byen chwazi li yo. Li p ap gen okenn fòs pou l ka kanpe.
16 His invader does as he pleases; none can stand before him. He will stand in the splendid land, destruction in his hand. Men sila ki vini kont li an va fè sa li pito, e nanpwen moun ki ka kanpe devan li. Konsa, li va kanpe nan peyi laglwa a, e nan men li va gen destriksyon.
17 He will set out to enter with his kingdom's full strength, and make terms with him; he will give him a daughter of women to ruin it, but it will not stand or benefit him. Li va mete fas li pou vini ak pouvwa a tout wayòm li a. Li va mennen avèk li yon pwopozisyon lapè, ke li va etabli. Li va anplis bay li fi a fanm nan pou detwi wayòm nan. Men li p ap kanpe pou li, ni bay li soutyen.
18 Then he'll turn to the coastlands and take many, but a commander will end his arrogance, turning it back on him. Apre sa li va vire fas li vè peyi kot yo, e li va kaptire anpil nan yo. Men yon chèf va fè repwòch li a sispann. Anplis, li va fè l peye pou ensolans li.
19 Then he will turn his face toward the fortresses of his own land, stumble, fall, and be found no more. Konsa, li va vire fas li vè fòterès pwòp peyi li a, men li va glise tonbe, e li p ap ka releve ankò.
20 In his place will rise one who sends a tax collector for the glory of the kingdom; within a few days he'll be broken—not in anger, not in battle. “Epi nan plas li a, yon moun va koze yon mèt kontribisyon a travèse wayòm nan pou kontwole glwa li. Malgre sa, nan kèk jou, li va vin detwi, malgre se pa ni nan kòlè, ni nan batay.
21 A despised man will rise in his place, denied royal honor. He'll come in a time of ease and seize the kingdom through flattery. “Nan plas li a, yon nonm meprizab va vin leve, a sila tit a wa a pa t vin bay. Men li va vini nan yon tan trankil e li va sezi wayòm nan ak ti manèv koken flatè moun.
22 Armies will be swept away before him and broken, and the prince of the covenant as well. Lame debòde peyi a va soti devan l, e vin kraze nèt, ansanm ak prens akò a.
23 Once allied with him, he will act dishonestly and grow strong with only a few people. Apre yon akò lapè fin fèt ak li, li va fè travay desepsyon. Li va monte reyisi pran pouvwa a ak yon ti ekip tou piti.
24 In a time of security, he will enter the province's richest regions and do what neither his fathers nor their fathers did—scattering plunder, spoil, and goods among them, devising schemes against fortresses, but only for a time. Nan tan lapè a, li va antre nan pati wayòm ki pi rich la, e li va fè sa ke zansèt li yo pa t janm fè, ni zansèt zansèt li yo. Li va distribye piyaj ak byen yo pami yo. Konsa, li va fòme yon plan kont sitadèl yo, men sèlman pou yon ti tan.
25 He will rouse his strength and courage against the king of the south with a great army. The king of the south will fight with a very great, mighty army—but won't stand, for plots will be devised against him. “Li va pwovoke pwisans ak kouraj li kont wa a Sid la ak yon gwo lame. Konsa, wa Sid la va fòme yon vrèman gwo lame pou fè lagè, men li p ap ka kanpe, paske yo va fòme yon plan kont li.
26 Those who eat his food will break him; his army is swept away, and many fall slain. Sila ki te kon manje pi bon manje nan men l, va detwi li, epi lame li a va bale nèt. Konsa, anpil moun va tonbe mouri.
27 Both kings' hearts bent on evil will speak lies at one table, but it will fail—the end awaits its appointed time. Selon toulède wa sa yo, kè yo apiye vè fè mal. Yo va pale manti youn ak lòt sou menm tab, men sa p ap reyisi, paske fen an toujou gen pou vini nan lè apwente a.
28 He returns to his land with great wealth, heart against the holy covenant; he acts, then returns to his land. Konsa, li va retounen nan sid, nan peyi li ak anpil piyaj. Men kè li va kont akò sen an, e li va pran desizyon retounen nan peyi li.
29 At the appointed time he will return and head south, but this time won't match the earlier or the latter. “Nan lè apwente a, li va retounen antre nan Sid la. Men nan fwa sa a, li p ap menm jan li te ye fwa avan an.
30 For ships of Kittim will come against him; he loses heart, turns back, rages against the holy covenant, and acts. He returns and favors those who abandon the holy covenant. Paske bato a Kittim yo va vini kont li. Akoz sa, li va vin gen chagren. Li va retounen byen anraje kont akò sen an, e li va aji. Konsa, li va retounen pran desizyon pou antann li ak sila ki vyole akò sen yo.
31 His forces will rise, defile the sanctuary fortress, end the daily sacrifice, and set up the abomination that causes desolation. “Sòlda li yo va pwofane sanktyè a, fò a menm, e fè sakrifis nòmal la vin sispann. Konsa, yo va fè monte abominasyon dezolasyon an.
32 He will corrupt those who violate the covenant with flattery, but people who know their Father will stand firm and act. Ak lèv flatè, li va sedwi sila ki vyole akò yo, men pèp ki konnen Bondye a va kanpe fèm pou aji.
33 The wise among the people will teach many, but will fall for a time by sword, flame, captivity, and plunder. “Sila ki gen bon konprann pami pèp la va bay konesans a anpil moun. Malgre sa, yo va tonbe pa nepe, pa dife, pa kaptivite e pa piyaj pandan anpil jou.
34 When they fall, they will receive a little help, and many will join them with flattery. Alò, lè yo tonbe, yo va resevwa yon ti èd, men anpil lòt moun va vin jwenn ak yo an ipokrizi.
35 Some of the wise will stumble, to be refined, purified, and cleansed until the end time, for it still awaits the set time. Kèk nan sila ki gen bon konprann yo va tonbe pou yo ka rafine pirifye, e fè yo blan, jis menm lè dènye tan an rive. Akoz li toujou gen pou vini nan lè apwente a.
36 The king will do as he pleases, lifting and enlarging himself above every god, speaking shocking things against our Father. He will flourish until the wrath is spent, since what is decreed will happen. “Konsa, wa a va fè sa li pito. Li va vin egzalte. Li va bay tèt li glwa pi wo pase tout dye yo, e li va pale anpil bagay byen move kont Bondye a dye yo. Konsa, li va pwospere jiskaske endiyasyon an fini, paske dekrè ki pibliye a va akonpli.
37 He will disregard his fathers' gods, women's desired one, and every god—he will set himself above them all. Li p ap montre okenn respè pou dye a zansèt li yo, ni pou dezi fanm, ni li p ap gen respè pou okenn lòt dye. Paske li va leve tèt li ak glwa pi wo ke yo tout.
38 Instead he'll honor a god of fortresses, unknown to his fathers, with gold, silver, precious stones, and costly gifts. Men olye de sa, li va bay glwa a dye a fòterès yo. Yon dye ke zansèt li yo pa t konnen, li va bay glwa ak lò, ajan, pyè presye ak trezò.
39 With a foreign god he attacks the strongest fortresses. He greatly honors those who acknowledge him, gives them rule over many, and divides land for a price. Li va aji kont fòterès ki pi fò yo ak soutyen a yon dye etranje. Nenpòt moun ki rekonèt li, li va ogmante yo ak glwa, e li va fè yo domine sou anpil, e va divize teritwa a pou yon pri.
40 At the end time, the king of the south will engage him, and the king of the north will storm against him with chariots, horsemen, and many ships. He will invade the lands, overflow, and pass through. “Nan lè lafen an wa Sid la va atake li. Wa Nò a va rive kont li ak cha, ak chevalye, e ak anpil bato. Epi li va antre nan peyi yo, debòde yo e pase anndan yo.
41 He enters the beautiful land; many fall, but Edom, Moab, and Ammon's chief sons escape his hand. Anplis, li va antre nan Peyi Laglwa a, e anpil peyi va ranvèse. Men sila yo va delivre soti nan men li: Edom Moab, ak premye nan fis a Ammon yo.
42 He will stretch out his hand against the lands, and the land of Egypt will not escape. Anplis, li va lonje men li kont lòt peyi yo, e peyi Egypte la p ap chape.
43 He will rule gold and silver treasures, and all Egypt's riches, with Libyans and Cushites at his heels. Men li va pran kontwòl tout trezò kache ak lò, ajan ak tout bagay presye an Egypte yo. Libyen yo ak Etyopyen yo va swiv pye li yo.
44 But news from the east and north will terrify him, and he'll set out in great rage to destroy and annihilate many. Men rimè ki sòti nan Lès ak nan Nò va vin twouble li. Li va soti deyò ak gwo kòlè pou detwi e fè anpil disparèt nèt.
45 He will pitch his palace tents between the seas and the beautiful holy mountain, then come to his end with no helper. Li va fè monte tant a palè li a antre lanmè a ak Mòn Sen Laglwa a. Malgre sa, li va rive nan fen li e nanpwen moun k ap bay li soutyen.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]