Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Daniel 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 At that time Michael, the great prince guarding your people's children, will arise. There will be distress unmatched since nations began, until then. At that time your people—all listed in the book—will be rescued. “Alò, nan lè sa a, Micaël, gran prens ki te kanpe pou fis a pèp ou yo, va leve. Epi va gen yon tan gwo twoub jan sa pa t janm te konn fèt soti lè te gen yon nasyon jis rive nan lè sa a. Epi nan lè sa a, pèp ou a va vin delivre, tout moun ke gen non ekri nan liv la.
2 Many sleeping in earth's dust will wake—some to everlasting life, some to shame and everlasting contempt. Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl yo, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini.
3 The wise will shine like the sky's brightness; those who turn many to righteousness, like stars, forever and ever. Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan.
4 But you, Daniel, close these words and seal the book until the end time. Many will roam back and forth, and knowledge will grow. Men ou menm, Daniel, kache pawòl sila yo, e sele liv la nèt, jis rive nan fen tan yo. Anpil moun va kouri fè ale vini, e konesans va ogmante.”
5 Then I, Daniel, looked and saw two others standing, one on each bank of the river. Epi mwen menm, Daniel te gade, e vwala, de lòt moun te kanpe, youn sou bò rivyè sa a, e lòt la sou lòtbò a.
6 One asked the linen-clad man above the river's waters, "How long till these wonders end?" Konsa youn te di a mesye abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a: “Konbyen tan pou rive nan fen a bagay mèvèy sila yo?”
7 I heard the man dressed in linen, above the river's waters, lift his right hand and left toward heaven and swear by the One who lives forever: for a time, times, and half a time; when the shattering of the holy people's power is finished, all these things will be finished. Mwen te tande nonm abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a, lè l te leve men dwat li ak men goch li vè syèl la. Li te jire pa li menm ki viv pou tout tan an, ki li va pou yon tan, tan yo, ak yon mwatye tan. Lè yo fin kraze pouvwa a pèp sen an, tout evenman sila yo va fini.
8 I heard, but didn't understand, so I said, "My lord, what is the end of these things?" Konsa, mwen te tande, men mwen pa t ka konprann. Akoz sa, mwen te di: “Senyè mwen, kisa ki va fen a evenman sila yo?”
9 He said, "Go, Daniel, for the words are shut and sealed until the time of the end. Li te di: “Ale, Daniel, paske pawòl sila yo kache e sele nèt, jiska moman lafen an.
10 Many will be purified, whitened, refined; the wicked will keep doing evil. None of the wicked will understand, but the wise will understand. Anpil moun va pirifye tèt yo, e fè tèt yo blan pou vin rafine, men mechan yo va aji ak mechanste. Konsa okenn nan mechan yo p ap konprann, men sila ki gen sajès yo va konprann.
11 From the daily sacrifice's removal and the setting up of the abomination that causes desolation: 1,290 days. “Soti nan lè ke sakrifis nòmal la te vin aboli a abominasyon ak dezolasyon vin monte a, va genyen mil-de-san-katreven-dis (1,290) jou.
12 Blessed is the one who waits and reaches the 1,335 days. Beni se sila ki va tann, e rive jis nan Mil-twa-san-trann-senk (1,335) jou yo.
13 But you, go to the end. You will rest, then stand for your inheritance at the end of the days." “Men ou menm, kontinye fè wout ou, jis rive nan fen an. Paske ou va antre nan repo, e ou va kanpe ankò pou pòsyon eritaj pa ou a nan fen jou yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]