Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 29 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the tenth year, tenth month, twelfth day, our Father's word came to me: Nan dizyèm ane, nan dizyèm mwa, nan douz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
2 Son of man, set your face against Pharaoh king of Egypt, and prophesy against him and all Egypt. Fis a lòm, mete figi ou kont Farawon, wa Égypte la, e pwofetize kont li ak tout Égypte.
3 Speak and say: This is what the Sovereign Father says: "Look, I am against you, Pharaoh king of Egypt, you great monster sprawled among your canals, who says, 'My Nile is mine; I made it for myself.' Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte, gwo mons la ki kouche nan mitan rivyè li yo, k ap di: ‘Rivyè Nil lan se pou mwen e se mwen menm ki te fè li.’
4 But I will put hooks in your jaws, and make the fish of your channels cling to your scales; I will haul you up out of the midst of your channels, with all the fish of your channels clinging to your scales. Mwen va mete gwo kwòk nan machwè ou e fè pwason larivyè ou yo vin kole sou kal ou yo. Konsa, Mwen va rale fè ou sòti nan mitan rivyè ou yo, ansanm ak tout pwason larivyè ou yo k ap kole sou kal ou yo.
5 I will fling you out into the wilderness, you and all the fish of your channels. You will fall on the open field; you will not be gathered or collected. To the wild animals and the birds of the sky I have given you as food. Mwen va jete ou lwen nan dezè a, ou menm ak tout pwason rivyè ou yo. Ou va tonbe nan chan ouvri. Ou p ap rasanble ni reyini ankò. Mwen te bay ou kon manje bèt latè ak zwazo syèl yo.
6 Then all the inhabitants of Egypt will know that I am the Father, because they have been a staff of reed to the house of Israel. “‘“Konsa, tout moun ki rete an Égypte va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Paske yo te sèlman yon gòl fèt ak wozo pou lakay Israël.
7 When they grabbed hold of you, you splintered and tore into their shoulder; and when they leaned on you, you broke and made their legs give way." Lè yo te kenbe ou nan men yo, ou te kraze e chire tout men ak zepòl yo, Epi lè yo te apiye sou ou, ou te kraze kwis yo.”
8 So the Sovereign Father says: Look, I am bringing a sword against you, and I will cut off from you human and animal. “‘Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va mennen sou ou nepe a, e Mwen va koupe retire nèt de ou ni moun, ni bèt.
9 Egypt's land will become wasteland and ruin, and they will know I am the Father—because Pharaoh said, "The Nile is mine; I made it." Peyi Égypte va devni yon dezolasyon ak yon savann dezole. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a. “‘“Paske ou te di: ‘Larivyè Nil lan se pou mwen e mwen te fè l.’
10 "Therefore I am against you and against your channels, and I will make the land of Egypt an utter ruin and desolation, from Aswan to the border of Cush. Pou sa, gade byen, Mwen kont ou, e Mwen kont rivyè ou yo. Mwen va fè peyi Égypte vin yon savann dezole ak yon dezolasyon, soti Migdol jis rive Syène, menm pou rive nan lizyè Éthiopie.
11 No human foot will cross it, no animal foot will cross it; no one will live there forty years. Pye a moun p ap pase ladann, pye a bèt p ap pase ladann, e l ap rete san moun pandan karantan.
12 I will make Egypt's land a wasteland among wasted lands, and her cities a wasteland among ruined cities for forty years. I will scatter the Egyptians among the nations and disperse them through the lands." Konsa, Mwen va fè peyi Égypte vin yon dezolasyon nan mitan peyi ki dezole yo. Vil li yo, nan mitan a vil ki fin devaste nèt yo, yo va dezole pandan karantan. Mwen va gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo, e lage yo toupatou pami peyi yo.”
13 For the Sovereign Father says: "At the end of forty years I will gather the Egyptians from the peoples where they were scattered. “‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan fen karantan an, Mwen va rasanble Ejipsyen yo soti nan pèp kote yo te gaye yo.
14 I will restore Egypt's fortunes and bring them back to the land of Pathros, their native land, and there they will be a lowly kingdom. Mwen va ranvèse fòtin li yo, e fè yo retounen nan peyi Pathros, nan peyi orijin yo. La, yo va rete yon wayòm ki fèb.
15 It will be the lowliest of kingdoms, never again raising itself above the nations. I will make them so small they will no longer rule over the nations. Li va pi fèb pami wayòm yo e li p ap janm leve tèt li ankò kon chèf lòt nasyon yo. Mwen va fè yo tèlman vin piti ke yo p ap renye sou lòt nasyon yo.
16 Egypt will never again be the confidence of the house of Israel, but a reminder of their guilt whenever they turned to her. Then they will know that I am the Sovereign Father." Konsa, li p ap janm sèvi ankò kon konfyans pou lakay Israël la, pou l pa kontinyepote nan tèt yo, inikite lè yo te vire kote Égypte la. Epi yo va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”’”
17 In the twenty-seventh year, first month, first day, the word of our Father came to me: Alò, nan venn-setyèm ane, nan premye mwa, nan premye jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
18 Son of man, Nebuchadnezzar king of Babylon worked his army hard against Tyre. Every head rubbed bald, every shoulder rubbed raw, yet he and his army got no wages from Tyre for the work he did against it. “Fis a lòm, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fè lame li a travay di kont Tyr; tout tèt te vin chòv e tout epòl te fwote vin fè maleng. Men li menm ak lame li pa t reyisi salè soti nan Tyre pou travay li te fè kont li an.
19 So the Sovereign Father says: I am now giving the land of Egypt to Nebuchadnezzar king of Babylon. He will carry off her wealth, seize her spoil, plunder her plunder—his army's pay. Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va bay peyi Égypte a Nebucadnetsar, wa Babylone nan. Epi li va pote fè ale tout pèp li yo, kaptire donmaj li yo, e sezi li kon piyaj. Sa a va sèvi kon salè pou lame li a.
20 As his pay for the work he did, I have given him the land of Egypt, because they did it for me, declares the Sovereign Father. Mwen te bay li peyi Égypte pou travay ke li te fè a, paske yo te aji pou Mwen,’ deklare Senyè BONDYE a.
21 On that day I will make a horn sprout for the house of Israel, and open your mouth among them. Then they will know that I am the Father. “Nan jou sa a, Mwen va fè yon kòn vin pouse pou lakay Israël, e Mwen va ouvri bouch ou nan mitan yo. Epi konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]