Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 30 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word of our Father came to me: Pawòl SENYÈ a te vin kote m ankò e te di:
2 Son of man, prophesy and say: The Sovereign Father says: "Wail, 'Alas for the day!' “Fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Rele ‘Anmwey! Elas pou jou a!’
3 For the day is near, the day of our Father is near—a day of clouds, a time of doom for the nations. Paske jou a pwòch. Menm jou SENYÈ a pwòch. Li va yon jou nwaj, yon tan fènwa pou nasyon yo.
4 A sword will come against Egypt, and anguish will be in Cush when the slain fall in Egypt, when they carry away her wealth and her foundations are torn down. Yon nepe va rive sou Égypte e gwo doulè va rive Ethiopie, lè sila yo touye yo tonbe an Égypte. Yo va retire tout richès li yo e fondasyon li yo va fin demoli nèt.
5 Cush, Put, and Lud, all Arabia, Libya, and the people of the covenant land will fall with them by the sword. “‘“Ethiopie, Puth, Lud, tout Arabie, Cub, ak tout moun peyi ki nan gwoup aliyans yo va tonbe ak yo pa nepe.”
6 This is what our Father says: "Those who support Egypt will fall, and her proud strength will come down; from Migdol to Aswan they will fall within her by the sword, declares the Sovereign Father. “‘Konsa pale SENYÈ a: “Anverite, sila ki sipòte Égypte yo va tonbe. Ògèy a pouvwa li a va tonbe. Soti nan Migdol jis rive Syène, yo va tonbe pa nepe,” deklare Senyè BONDYE a.
7 They will be desolate among desolate lands, and her cities will lie among ruined cities. Yo va vin dezole nan mitan peyi ki dezole yo. Konsa, vil li yo va nan mitan vil k ap devaste yo.
8 Then they will know that I am the Father, when I set fire to Egypt and all her helpers are shattered. Yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M limen dife an Égypte la, e tout sila ki te ede l yo vin kraze nèt.
9 On that day messengers will sail out from me to terrify secure Cush, and anguish will grip them on Egypt's day—for it is surely coming. “‘“Nan jou sa a, mesaje yo va ale soti devan Mwen sou bato pou entimide Ethiopie akoz lenpridans. Gwo doulè va vin sou yo menm jan ak jou Égypte la; paske gade byen, l ap vini!”
10 This is what the Sovereign Father says: "I will put an end to the hordes of Egypt by the hand of Nebuchadnezzar king of Babylon. “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Anplis Mwen va fè gwo foul lame Égypte la vin sispann pa men Nebucadnetsar, wa Babylone nan.
11 He and his army with him, the most ruthless of nations, will be brought in to destroy the land; they will draw their swords against Egypt and fill the land with the slain. Li menm ak pèp li a avè l, pi mechan pami nasyon yo va antre pou detwi peyi a. Yo va rale nepe yo kont Égypte, e plen peyi a ak mò yo.
12 I will dry up the streams of the Nile and sell the land to evildoers; I will lay the land waste, and everything in it, by the hand of foreigners. I, the Father, have spoken." Anplis, Mwen va seche kanal larivyè Nil yo, e vann peyi a pou antre nan men moun mechan yo. Mwen va fè peyi a vin dezole ak tout sa ki ladann pa men etranje yo. Mwen, SENYÈ a, fin pale.”
13 This is what the Sovereign Father says: "I will destroy the idols and put an end to the worthless images in Memphis. No longer will there be a prince in the land of Egypt, and I will spread fear throughout the land. “‘Konsa pale Senyè Bondye a: “Anplis, Mwen va detwi zidòl yo, e fè imaj yo sispann nan Noph. P ap gen prens ankò nan peyi Égypte. Mwen va mete laperèz nan peyi Égypte.
14 I will lay Pathros waste, set fire to Zoan, and bring judgment on Thebes. Mwen va fè Pathros vin dezole, mete dife nan Tsoan, e egzekite jijman sou Nò.
15 I will pour out my wrath on Pelusium, the stronghold of Egypt, and cut off the hordes of Thebes. Mwen va vide chalè kòlè Mwen sou Sin, sitadèl a Égypte la. Anplis, Mwen va koupe retire nèt gwo foul Nò yo.
16 I will set fire to Egypt; Pelusium will writhe in anguish, Thebes will be breached, and Memphis will face enemies by day. Mwen va mete dife an Égypte. Sin va vin tòde ak gwo doulè. No va kraze an mòso, separe. Noph va gen brèch nèt ak gwo twoub chak jou.
17 The young men of Heliopolis and Pi-beseth will fall by the sword, and the cities themselves will go into captivity. Jenn mesye a On ak Pi Béseth yo va tonbe pa nepe. Y ap antre an kaptivite.
18 At Tahpanhes the day will grow dark when I break Egypt's yoke there, and her proud strength will come to an end within her. A cloud will cover her, and her daughter-towns will go into captivity. Nan Tachpanès, jounen an va vin fènwa, lè M kraze jouk an fè Égypte la. Nan lè sa a, ògèy pouvwa li va sispann nan li. Yon nwaj va kouvri li, e fi li yo va antre an kaptivite.
19 So I will bring judgment on Egypt. Then they will know that I am the Father." Konsa Mwen va egzekite jijman sou Égypte. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
20 In the eleventh year, first month, seventh day, the word of our Father came to me: Nan onzyèm ane, nan premye mwa, nan setyèm jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
21 Son of man, I have broken the arm of Pharaoh king of Egypt; it has not been bound up for healing or splinted, so it might grow strong enough to grasp the sword. “Fis a lòm, Mwen te kase bra Farawon an, wa Égypte la. Gade byen, li pa t velope ak pansman pou l ta geri, ni ak bandaj pou l ta ka vin gen fòs pou kenbe nepe.
22 So this is what the Sovereign Father says: "I am against Pharaoh king of Egypt. I will break his arms—both the strong and the broken—and make the sword fall from his hand. Konsa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen kont Farawon, wa Égypte la, e Mwen va kase bra li, ni sa ki gen fòs la ni sa ki kase deja a. Epi Mwen va fè nepe a tonbe kite men li.
23 I will scatter the Egyptians among the nations and disperse them through the countries. Mwen va gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo e dispèse yo pami peyi yo.
24 I will strengthen Babylon's king's arms and put my sword in his hand, but break Pharaoh's arms, and Pharaoh will groan before Babylon's king like a dying man. Paske Mwen va ranfòse men a wa Babylone nan, e mete nepe Mwen nan men l. Men Mwen va kase bra a Farawon, pou li ka vin plenyen nan gòj devan wa Babylone nan, ak plent a yon nonm ki blese jis a lamò.
25 I will strengthen the arms of Babylon's king, but Pharaoh's arms will fall. Then they will know I am the Father, when I put my sword in the hand of Babylon's king and he stretches it against the land of Egypt. Konsa, Mwen va ranfòse bra a wa Babylone nan, men bra a Farawon yo va tonbe. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M mete nepe M nan men a wa Babylone nan, e lè li lonje li kont peyi Égypte la.
26 I will scatter the Egyptians among the nations and disperse them through the countries. Then they will know that I am the Father." Lè Mwen gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo, e dispèse yo pami peyi yo, alò, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]