Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 28 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word of our Father came to me, saying: Pawòl SENYÈ a te vin kote M ankò e te di:
2 "Son of man, tell Tyre's ruler, 'The Sovereign Father says: Because your heart is proud and you said, "I am a god; I sit in the seat of gods, in the heart of the seas"—yet you are a man, not a god, though you make your heart like a god's. “Fis a lòm, pale ak chèf Tyr la: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Akoz kè ou vin leve, e ou te di: ‘Mwen se yon dye, Mwen chita sou chèz Bondye, nan kè lanmè yo’; malgre, ou se yon nonm e ou pa yon dye; sepandan, ou ta fè kè ou tankou kè Bondye—
3 You are wiser than Daniel; no secret is hidden from you. gade byen, ou pi saj ke Daniel. Nanpwen sekrè ki twò difisil pou ou.
4 By your wisdom and understanding you have gained wealth for yourself, and gathered gold and silver into your treasuries. Ak sajès ou ak bon konprann ou, ou te vin genyen richès pou tèt ou, e ou te vin gen lò ak ajan pou kès trezò ou yo.
5 By your great skill in trade you have increased your wealth, and your heart has grown proud because of it. Ak gwo sajès ou, ak komès ou, ou te vin ogmante richès ou e kè ou vin leve akoz richès ou yo—”
6 Therefore this is what the Sovereign Father says: "Because you make your heart like the heart of a god, “‘Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz ou te fè kè ou tankou kè Bondye,
7 therefore I am bringing foreigners against you, the most ruthless of nations; they will draw their swords against the beauty of your wisdom and defile your splendor. akoz sa, gade byen, Mwen va mennen etranje yo sou ou, sila ki pi sovaj pami nasyon yo. Konsa, yo va rale nepe yo kont bèlte a sajès ou, e yo va souye gwo bèlte ou a.
8 They will bring you down to the pit, and you will die a violent death in the heart of the seas.' Yo va mennen ou desann nan twou fòs la, e ou va mouri lanmò a sila ki touye nan kè lanmè yo.
9 Will you still say, 'I am a god,' before the one who kills you? You will be only a man, and not a god, in the hands of those who wound you. Èske ou va di: ‘Mwen se yon dye’, nan prezans a sila ki te touye ou a? Donk, ou se yon nonm e ou pa Bondye, nan men a sila ki blese ou yo.
10 You will die the death of the uncircumcised, by the hand of foreigners; for I have spoken, declares the Sovereign Father.'" Ou va mouri lanmò a ensikonsi yo, nan men etranje yo, paske Mwen te pale,” deklare Senyè BONDYE a!’”
11 The word of our Father came to me, saying: Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
12 "Son of man, raise a lament over the king of Tyre and tell him, 'The Sovereign Father says: You were the seal of perfection, full of wisdom and perfect in beauty. “Fis a lòm, reprann lamantasyon sou wa Tyr la e di l: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Ou te genyen so pèfeksyon an, plen sajès e pafè an bèlte.
13 You were in Eden, the garden of our Father; every precious stone adorned you: ruby, topaz, and emerald, beryl, onyx, and jasper, lapis lazuli, turquoise, and beryl. Your settings and mountings were crafted in gold; on the day you were created they were prepared. Ou te nan Éden, jaden Bondye a. Tout pyè presye yo te sèvi pou kouvri ou: Ribi, topaz, dyaman; krizolit, oniks, ak jasp, Safi, malachi, emwòd, epi lò. Baz kalite travay pou tout prezantasyon te nan ou. Nan jou ou te kreye a, yo te prepare.
14 You were an anointed guardian cherub, for so I appointed you; you were on the holy mountain of our Father, walking among the stones of fire. Ou te cheriben onksyone ki kouvri a e Mwen te plase ou la. Ou te sou mòn sen Bondye a. Ou te mache nan mitan a pyè dife yo.
15 You were blameless in your ways from the day you were created, until wickedness was found in you. Ou te san fot nan tout chemen ou yo depi jou ou te kreye a, jis rive nan lè inikite te vin twouve nan ou a.
16 Through your widespread trade you were filled with violence, and you sinned. So I cast you out as profane from the mountain of our Father, and I drove you away, guardian cherub, from among the stones of fire. Akoz gwo fòs kantite komès ou a, ou te vin ranpli anndan ou ak vyolans e ou te peche. Akoz sa, Mwen te jete ou kon pwofane sòti nan mòn Bondye a. Mwen te detwi ou, O cheriben ki kouvri a, soti nan mitan wòch dife a.
17 Your heart grew proud because of your beauty; you corrupted your wisdom for the sake of your splendor. So I threw you to the ground; I made a spectacle of you before kings. Kè ou te vin leve wo akoz bèlte ou. Ou te fè sajès ou vin konwonpi akoz gwo bèlte ou a. Mwen te jete ou atè. Mwen te mete ou devan wa yo pou yo wè ou.
18 By your many sins and dishonest trade you defiled your sanctuaries. So I brought out a fire from within you, and it consumed you; I reduced you to ashes on the ground before the eyes of all who watched. Akoz gwo fòs kantite inikite ou yo, nan enjistis de komès ou a, ou te pwofane sanktyè ou yo. Akoz sa, Mwen te mennen dife soti nan mitan ou. Li fin manje ou nèt. Mwen te fè ou vin tounen sann sou tè a devan zye a tout moun ki wè ou yo.
19 All the nations who knew you are appalled at you; you have come to a horrible end, and will be no more forever.'" Tout moun ki rekonèt ou pami pèp yo vin etone jiskaske yo vin sezi de ou. Ou te vin yon gwo etonman laperèz, e ou va sispann egziste jis pou tout tan.”’”
20 The word of our Father came to me, saying: Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
21 "Son of man, turn and face Sidon, and prophesy against her, “Fis a lòm, mete figi ou vè Sidon. Pwofetize kont li,
22 and say, 'The Sovereign Father says: I am against you, Sidon, and will be glorified among you. They will know I am the Father when I bring judgments on her and show myself holy in her. epi di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Sidon, e Mwen va vin glorifye nan mitan ou. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè Mwen egzekite jijman ladann li, e nan li, Mwen vin sen.
23 "I will send a plague upon her and bloodshed in her streets; the slain will fall within her, by the sword that is against her on every side. Then they will know that I am the Father. Paske Mwen va voye epidemi ak bèt pou ravaje chan l. San ap koule nan ri li yo. Sila ki blese yo va tonbe nan mitan li, e nepe va antoure l tout kote. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
24 "Then for the house of Israel no piercing brier or painful thorn will remain from any neighbors who treated them with contempt. Then they will know that I am the Sovereign Father." “‘“P ap gen pou lakay Israël ankò rakbwa pikan ni yon grenn pikan plen doulè k ap sòti nan sila ki te moke yo. Epi yo va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”
25 The Sovereign Father says: "When I gather the house of Israel from the peoples where they are scattered, and through them show myself holy before the nations, they will live in their own land, which I gave my servant Jacob. “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Lè M rasanble lakay Israël soti nan pèp kote yo gaye yo, e fè sentete Mwen vin parèt nan yo devan zye a tout nasyon yo, nan lè sa a, yo va viv nan peyi ke M te bay a sèvitè Mwen an, Jacob.
26 They will live there securely, building houses and planting vineyards. They will live safely when I judge all their neighbors who treated them with contempt. Then they will know that I am their Father."' Yo va viv an sekirite ladann. Wi, yo va bati kay, plante chan rezen e viv ansekirite lè Mwen egzekite jijman sou tout sila ki moke de yo. Epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a.”’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]