Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 26 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Make the tabernacle from ten curtains: finely twisted linen with blue, purple, and scarlet yarn, woven with cherubim by a skilled artisan. “Anplis de sa, ou va fè tabènak la avèk dis rido an twal len fen ki tòde avèk twal ble, mov, ak wouj, ak cheriben yo. Yo gen pou fèt pa yon mèt ouvriye ak gwo kapasite.
2 Each curtain: about forty-two feet long and six feet wide—all the same size. Longè a chak rido va ventwit koude, e lajè chak rido va kat koude. Tout rido yo va gen menm mezi.
3 Five curtains join to each other; the other five join to each other. Senk rido va vin jwenn youn ak lòt, e lòt senk rido yo va jwenn youn ak lòt.
4 Make blue loops on the outer curtain's edge in the first set, and the same in the second set. “Ou va fè lasèt yo an ble sou kote rido ki plis deyò a nan premye asanblaj la, e osi ou va fè yo sou kote de tapi ki plis deyò nan dezyèm asanblaj la.
5 Make fifty loops on the first curtain, fifty on the second set's curtain edge, matching each other. Ou va fè senkant lasèt nan yon rido, e ou va fè senkant lasèt sou kote rido ki nan dezyèm asanblaj la. Lasèt yo va opoze anfas youn ak lòt.
6 Make fifty gold clasps and join the curtains together with them, so the tabernacle becomes one. Ou va fè senkant kwòk an lò, e ou va jwenn rido yo youn avèk lòt avèk kwòk. Konsa, tabènak la kapab fè yon sèl.
7 "Make curtains of goats' hair for a tent over the tabernacle—eleven of them. “Alò ou va fè rido yo avèk pwal kabrit tankou yon tant sou tabènak la. Ou va fè onz rido antou.
8 All eleven curtains: forty-five feet long, six feet wide, one size. Longè chak rido va trant koude, e lajè a va kat koude. Onz rido yo va gen menm mezi.
9 Join five curtains separately, and six separately; fold the sixth curtain double at the tent's front. Ou va jwenn senk rido yo poukont yo, lòt sis rido yo poukont yo, e ou va vin double sizyèm rido a pa devan tant lan.
10 Make fifty loops on the edge of the first set's outer curtain, and fifty on the edge of the second set's curtain. “Ou va fè senkant lasèt sou kote rido a ki plis pa deyò nan premye asanblaj la, e senkant lasèt sou kote rido a ki plis pa deyò nan dezyèm asanblaj la.
11 Make fifty bronze clasps, put them through the loops, and join the tent into one. Ou va fè senkant kwòk an bwonz. Ou va mete kwòk yo nan lasèt yo e ou va jwenn tant lan ansanm pou li fè yon sèl.
12 The extra half-curtain from the tent is to hang down over the back of the tabernacle. “Mòso anplis ki debòde nan rido a tant lan, mwatye rido ki rete a, va kouche anwo lòt la pa dèyè tabènak la.
13 The extra eighteen inches of curtain hangs down each side of the tabernacle, covering it on both sides. Yon koude sou yon kote e yon koude sou lòt kote a, sa ki rete nan longè rido a tant lan, li va debòde sou kote tabènak la sou yon bò, ni sou lòt la pou kouvri li.
14 Make the tent's covering: rams' skins dyed red, and above, a covering of fine leather. “Ou va fè yon kouvèti pou tant lan avèk po belye ki fonse wouj, e yon kouvèti an po dofen pa anwo.
15 "Make upright frames of acacia wood for the tabernacle. “Alò ou va fè planch pou tabènak la avèk bwa akasya ki kanpe tou dwat.
16 Each frame is to be about fifteen feet long and about twenty-seven inches wide. Dis koude va longè a chak planch e yon koude edmi, lajè a chak planch.
17 Give each frame two tenons, matching each other; make all the tabernacle's frames this way. Va genyen de bout pou chak planch, ki jwenn youn ak lòt. Konsa ou va fè pou tout planch tabènak yo.
18 Make twenty frames for the south side of the tabernacle. “Ou va fè planch yo pou tabènak la: ven planch pou kote sid la.
19 Make forty silver bases under the twenty frames—two per frame, one per peg. Ou va fè karant baz reseptikal an ajan anba ven planch yo, de baz reseptikal anba yon planch pou de bout li yo, e de baz reseptikal anba yon lòt planch pou de bout li yo.
20 For the second side of the tabernacle, the north side, make twenty frames, Pou dezyèm kote nan tabènak la, sou fas nò a, ven planch,
21 and forty silver bases, two under each frame. epi karant baz reseptikal pa yo fèt an ajan; de baz reseptikal anba yon lòt planch.
22 For the rear of the tabernacle, on the west, make six frames, Pou dèyè tabènak la, nan lwès la, ou va fè sis planch.
23 and make two frames for the corners at the rear. “Ou va fè de planch pou kwen a tabènak la pa dèyè.
24 They must be doubled from the bottom, joined together to the top at one ring—same for both, for the two corners. Yo va double pa anba, e ansanm yo va vin konplete jis nan pwent anlè pou rive nan premye wondèl la. Se konsa li va ye avèk toude: yo va fòme de kwen yo.
25 So there will be eight frames and their silver bases—sixteen bases, two under each frame. Li va genyen uit planch avèk pwòp baz reseptikal pa yo fèt an ajan, sèz baz reseptikal yo; de baz reseptikal anba yon planch, e de baz reseptikal anba yon lòt planch.
26 "Make crossbars of acacia wood: five for the frames on one side of the tabernacle, “Epi ou va fè senk travès yo avèk bwa akasya, senk pou planch yo nan yon kote tabènak la,
27 five for the frames on the other side, and five for the frames at the rear, westward. epi senk travès pou planch yo nan lòt kote tabènak la, e senk travès pou planch yo pou kote a tabènak la pa fas dèyè vè lwès la.
28 The center bar is to run through the middle of the frames from end to end. Travès mitan jis nan mitan planch yo va pase nèt sòti nan yon pwent a lòt pwent lan.
29 Overlay the frames with gold, make gold rings to hold the bars, and overlay the bars with gold. Ou va kouvri planch yo avèk lò e fè wondèl yo avèk lò tankou soutyen pou travès yo. Epi ou va kouvri poto yo avèk lò.
30 Set up the tabernacle according to the plan you were shown on the mountain. “Ou va monte tabènak la selon plan ki te montre a ou sou mòn nan.
31 "Make a veil: blue, purple, scarlet yarn, finely twisted linen, skillfully woven with cherubim. “Ou va fè yon vwal avèk materyo ble, ak mov avèk wouj; twal fen blan byen tòde. Li va fèt avèk yon cheriben, zèv a yon mèt ouvriye ki gen kapasite.
32 Hang it on four gold-plated acacia posts with gold hooks, set on four silver bases. Ou va pandye li sou kat pilye akasya yo ki kouvri avèk lò, kwòk pa yo osi fèt avèk lò, sou kat baz reseptikal ki fèt an ajan yo.
33 Hang the curtain under the clasps. Bring the covenant chest in behind it—the curtain separates the holy place from the most holy. Ou va pandye vwal la anba kwòk yo e ou va fè li antre nan lach temwayaj la nan plas sa a, pa anndan vwal la. Konsa, vwal la va sèvi pou nou kòm yon separasyon antre lye ki sen an ak lye ki sen pase tout la.
34 Put the mercy seat on the ark of the covenant law in the most holy place. “Ou va mete chèz pwopyatwa a sou lach temwayaj la nan lye ki sen pase tout la.
35 Put the table outside the veil, the lampstand opposite it on the tabernacle's south side, the table on the north side. Ou va mete tab la deyò vwal la, e chandelye a anfas tab la sou kote tabènak ki vè sid la. Epi ou va mete tab la nan fas nò a.
36 "Make a screen for the tent entrance: blue, purple, and scarlet yarn, and finely twisted linen, embroidered work. “Ou va fè yon rido pou pòtay tant lan avèk twal ble, mov, e wouj, ak twal fen blan byen tòde, zèv a yon mèt tiseran.
37 Make five acacia posts for the screen, gold-covered, with gold hooks, and cast five bronze bases." Ou va fè senk pilye yo avèk akasya pou rido a, e ou va kouvri yo avèk lò. Kwòk pa yo osi va fèt avèk lò. Konsa, ou va fonde senk baz reseptikal an bwonz pou yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]