Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 25 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then our Father spoke to Moses, saying: Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
2 "Tell Israel's people to collect an offering for me. Take my offering from everyone whose heart prompts them. “Pale fis Israël yo pou yo rasanble yon ofrann pou Mwen. Soti nan chak òm ki gen bon kè ou va resevwa yon ofrann.
3 And this is the contribution that you are to receive from them: gold, silver, and bronze, “Sa se ofrann ke nou va rekeyi nan men yo: lò, lajan, ak bwonz,
4 blue, purple, and scarlet yarn, fine linen, goats' hair, Twal nan koulè ble, mov, ak wouj, avèk twal fen blan, pwal kabrit,
5 tanned rams' skins, fine leather, and acacia wood, po belye fonse wouj, po dofen bwa akasya,
6 oil for the light, spices for the anointing oil and for the fragrant incense, lwil pou limyè, epis pou lwil onksyon, e pou lansan santi bon
7 onyx stones, and stones for setting in the ephod and the breastpiece. pyè oniks ak pyè baz bijou pou efòd la, e pou pyès vètman lestomak la.
8 And let them make me a sanctuary, so that I may live among them. “Kite yo konstwi yon sanktyè pou Mwen, pou Mwen kapab rete pami yo.
9 Make the tabernacle and all its furnishings exactly according to the pattern I show you. Selon tout sa ke M gen pou montre nou, kòm modèl tabènak la, ak patwon tout mèb li yo, se konsa ojis ke nou va konstwi li.
10 "They are to make an ark of acacia wood: forty-five inches long, twenty-seven wide, and twenty-seven high. “Yo va konstwi yon lach avèk bwa akasya, de koude edmi nan longè, yon koude edmi nan lajè, ak yon koude edmi nan wotè.
11 Overlay it with pure gold, inside and out overlay it, and make a gold molding around it. Ou va kouvri li avèk lò pi ni anndan, ni deyò. Fè yon kouch lò pou kouvri li nèt, e fè yon woulèt lò pou antoure li.
12 Cast four gold rings for it and put them on its four feet: two rings on one side, two rings on the other. Ou va fonde kat gwo wondèl pou li, e tache yo nan kat pye li yo, epi de wondèl va yon kote, e de wondèl yon lòt kote.
13 You are to make poles of acacia wood and overlay them with gold. “Ou va fè poto ak bwa akasya e kouvri yo avèk yon kouch lò.
14 Insert the poles into the rings on the ark's sides to carry the ark by them. Ou va mete poto yo pase anndan wondèl yo sou kote lach la, e pote lach la avèk yo.
15 The poles are to remain in the rings of the ark; they are not to be taken from it. Poto yo va rete nan wondèl lach yo. Yo p ap retire sou li.
16 And you are to put into the ark the testimony that I will give you. Ou va mete nan lach la temwayaj ke Mwen va bay ou a.
17 "Make a cover of atonement from pure gold—forty-five inches long and twenty-seven inches wide. “Ou va fè yon chèz pwopyatwa avèk lò pi, de koude edmi nan longè, ak yon koude edmi nan lajè.
18 Make two cherubim of hammered gold at the two ends of the mercy seat. Ou va fè de cheriben an lò, fè yo tankou yon zèv an lò ki bat avèk zouti nan de bout a chèz pwopyatwa a.
19 Make one cherub on one end and one cherub on the other end, of one piece with the mercy seat, on its two ends. Fè yon cheriben nan yon pwent, e youn lòt nan lòt pwent lan. Ou va fè cheriben yo tankou yon sèl pyès avèk chèz pwopyatwa a, nan de pwent li.
20 The cherubim are to spread their wings upward, covering the mercy seat with their wings, faces toward each other, toward the mercy seat. Cheriben yo va gen zèl yo k ap ouvri pa anlè. Yo va kouvri chèz pwopyatwa a avèk zèl yo, epi figi a youn ap vire vè lòt. Konsa, fas toude cheriben yo ap gade vè chèz pwopyatwa a.
21 Put the mercy seat on top of the ark, and in the ark put the testimony I will give you. “Ou va mete chèz pwopyatwa a sou lach la, e nan lach la ou va mete temwayaj ke Mwen va bay ou a.
22 I will meet you there and speak with you above the mercy seat, between the two cherubim on the ark of the testimony—all I command for Israel's people. La Mwen va rakontre avèk ou, epi soti anwo chèz pwopyatwa a, nan antre de cheriben yo ki sou lach temwayaj la, Mwen va pale avèk ou selon tout sa ke Mwen va ba ou nan kòmandman pou fis Israël yo.
23 "Make a table of acacia wood: three feet long, eighteen inches wide, twenty-seven inches high. “Ou va fè yon tab avèk bwa akasya, de koude nan longè, yon koude nan lajè e yon koude edmi nan wotè.
24 You are to overlay it with pure gold and make a molding of gold around it. Ou va kouvri li avèk yon kouch lò pi, e antoure li avèk yon woulèt fèt an lò.
25 Make a rim around it, three inches wide, and a gold molding around the rim. Ou va fè yon rebò lajè kat dwat pou antoure li, e ou va fè yon bòdi pou rebò ki antoure li a.
26 Make four gold rings for it, and put them on the four corners at its four legs. “Ou va fè kat wondèl an lò pou li, e mete wondèl yo sou kat kwen ki sou kat pye li yo.
27 The rings are to be close to the rim, to hold the poles used to carry the table. Wondèl yo va toupre rebò a kòm soutyen k ap resevwa poto k ap pote tab la.
28 Make the poles of acacia wood and overlay them with gold; the table will be carried by them. Ou va fè poto yo avèk bwa akasya e kouvri yo avèk yon kouch lò, dekwa ke pa yo menm, tab la kapab pote.
29 Make its plates, incense pans, jars, and bowls for pouring drink offerings—all of pure gold. “Ou va fè asyèt, kiyè yo, louch ak chodyè yo, avèk bòl li yo k ap sèvi pou vide ofrann yo. Ou va fè yo avèk lò pi.
30 And you are to set the bread of the Presence on the table before me always. “Ou va mete pen Prezans lan sou tab la devan Mwen pou li la tout lè.
31 "Make a lampstand of pure gold, hammered out—its base, shaft, cups, buds, and blossoms one piece with it. “Alò, ou va fè yon chandelye avèk lò pi. Chandelye a avèk baz ak pyè li yo gen pou fòme avèk lò ki bat. Tas li yo, boujon li yo, avèk flè li yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li.
32 Six branches will extend from its sides—three lampstand branches from one side, three lampstand branches from the other. “Sis branch yo va soti sou kote li yo; twa branch chandelye a nan yon bò, e twa branch chandelye a nan lòtbò a.
33 Three almond-shaped cups, each with bud and flower, on one branch, and three more, each with bud and flower, on the other—so for the six branches extending from the lampstand. Twa tas yo va fòme tankou flè zanmann sou yon branch, yon boujon, yon flè, e twa tas yo fòme tankou flè zanmann sou lòt branch lan, yon boujon avèk yon flè—konsa pou sis branch yo sòti nan chandelye a;
34 On the lampstand itself: four almond-blossom cups, with their buds and flowers, Epi nan chandelye a, kat tas ki fòme tankou flè zanmann yo, avèk boujon ak flè li.
35 and a bud of one piece from it under each pair of the six branches extending from the lampstand. Yon boujon va vin mete anba premye pè branch ki sòti nan li yo, e yon boujon anba dezyèm pè branch ki sòti nan li yo, pou tout sis branch k ap sòti nan chandelye yo.
36 Its buds and branches are to be one piece with it, all of it one hammered piece of pure gold. Boujon pa yo avèk branch pa yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li. Yo tout va fòme yon èv nan yon sèl pyès, fòme avèk mato ak lò pi.
37 Make seven lamps for it, and light them to shine in front of it. “Alò, ou va fè sèt lanp e yo va monte yo nan yon sans k ap voye limyè sou espas ki devan li an.
38 Its tongs and their trays are to be of pure gold. Etoufè yo avèk asyèt pa yo va fèt avèk lò pi.
39 It is to be made, with all these utensils, out of about seventy-five pounds of pure gold. Li va fèt avèk yon talan swasann-kenz liv lò avèk tout bagay itil sa yo.
40 Make sure you make everything according to the pattern being shown to you on the mountain." “Veye pou nou fè yo selon patwon ki pou yo a, ki te montre a ou nan mòn nan.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]