Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 15 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Moses and the Israelites sang this song to our Father: I will sing to our Father, for he has triumphed gloriously; the horse and its rider he hurled into the sea. Alò Moïse avèk fis Israël yo te chante chan sila a a SENYÈ a. Yo te di: “Mwen va chante a SENYÈ a paske viktwa Li etonnan. Cheval la avèk moun ki monte l la, Li te voye yo nan lanmè.
2 Our Father is my strength and my song, and he has become my salvation; this is my Father, and I will praise him, the God of my father, and I will exalt him. “SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen. Sa se Bondye pa m, e mwen va louwe Li; Bondye a papa m nan, e mwen va leve Li wo.
3 Our Father is a warrior; our Father is his name. SENYÈ a se yon gèrye; Se SENYÈ yo rele L.
4 Pharaoh's chariots and his army he cast into the sea, and his chosen officers were drowned in the Red Sea. Cha Farawon yo avèk lame l lan, Li te voye yo nan lanmè. Pi bon pami chèf li yo te plonje mouri nan Lanmè Wouj.
5 The deep waters covered them; they went down into the depths like a stone. Fon yo kouvri yo. Yo plonje ba nan fon yo tankou wòch.
6 Your right hand, our Father, is majestic in power; your right hand, our Father, shatters the enemy. Men dwat Ou, SENYÈ, ranpli ak majeste avèk pwisans. Men dwat Ou, O SENYÈ, vin dechire lènmi an nèt.
7 In the greatness of your majesty you overthrow those who rise against you; you send out your burning anger; it consumes them like stubble. Ak tout grandè Ou, Ou te ranvoye tout sa yo ki leve kontra Ou. Ou te voye lakolè ou deyò. Li te brile yo nèt kon pay.
8 At the blast of your nostrils the waters piled up; the flowing waters stood up in a heap; the deep waters solidified in the heart of the sea. Avèk gwo souf ki sòti nan nen ou kouran dlo yo vin kanpe fè gwo pil. Dlo k ap koule a te vin kanpe tankou yon miray. Fon yo te vin koule nan kè lanmè a.
9 The enemy said, "I will pursue, I will overtake, I will divide the spoil; I will have my fill of them. I will draw my sword; my hand is to destroy them." Lènmi an te di: “Mwen va pouswiv yo; mwen va pran yo. Mwen va divize richès yo. Volonte m kont yo va satisfè. Mwen va rale nepe mwen. Se men m k ap detwi yo.”
10 You blew with your wind; the sea covered them; they sank like lead in the mighty waters. Ou te soufle avèk van Ou. Lanmè a te vin kouvri yo. Yo te plonje tankou plon nan dlo pwisan yo
11 Who is like you among the gods, our Father? Who is like you, majestic in holiness, awesome in glorious deeds, doing wonders? Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ? Kilès ki tankou Ou? Kilès ki tankou ou nan majeste ak sentete, etonan nan lwanj, k ap fè mèvèy yo?
12 You stretched out your right hand; the earth swallowed them. Ou te lonje men dwat Ou; Lanmè a te vale yo.
13 In your covenant love you have led the people whom you have redeemed; you have guided them by your strength to your holy dwelling. Nan lanmou ak mizerikòd Ou, Ou te mennen pèp ke Ou te ransone. Nan pwisans Ou an, Ou te gide yo rive nan abitasyon sen pa Ou a.
14 The peoples have heard; they tremble; anguish has seized the people of Philistia. Lòt nasyon pèp yo te tande. Y ap tranble. Gwo lakrent vin sezi abitan Philistine yo.
15 Now the chiefs of Edom are dismayed; trembling seizes the leaders of Moab; all the inhabitants of Canaan have melted away. Epi chèf Édom yo vin sezi. Gèrye nan Moab yo pran tranble. Tout abitan Canaan yo te fonn e vin disparèt.
16 Terror and dread fall upon them; because of the greatness of your arm they are still as a stone, till your people pass by, our Father, till the people pass by whom you have purchased. Sezisman avèk laperèz vin tonbe sou yo. Pa pwisans bra Ou, yo vin san fòs tankou wòch; jis lè pèp Ou a vin janbe, O SENYÈ, Jis lè pèp ke Ou te ransone a vin janbe.
17 You will bring them in and plant them on the mountain of your inheritance, the place, our Father, that you have made for your dwelling, the sanctuary, Sovereign Father, that your hands have established. Ou va mennen yo antre, e plante yo nan gwo mòn eritaj pa Ou a, plas la, O SENYÈ, ke Ou te fè tankou abitasyon pa Ou a, lye sen an, O SENYÈ, ke men Ou te etabli a.
18 Our Father will reign forever and ever. SENYÈ a va renye pou tout tan, e pou tout tan.”
19 When Pharaoh's horses, chariots, and horsemen went into the sea, our Father brought the sea's waters back over them—but Israel walked through the sea on dry ground. Paske cheval Farawon yo avèk cha li yo avèk mèt cheval li yo te antre nan lanmè a, e SENYÈ a te fè dlo lanmè a retounen sou yo. Men fis Israël yo te mache nan tè sèch nan mitan lanmè a.
20 Miriam the prophet, Aaron's sister, took a tambourine in her hand, and all the women followed her with tambourines, dancing. Marie, pwofetès ak sè Aaron an te pran tanbouren an nan men l. Tout fanm yo te sòti dèyè li avèk tanbouren yo. Yo t ap danse.
21 Miriam sang to them: "Sing to our Father—he has won gloriously; horse and rider he hurled into the sea." Marie te reponn yo: “Chante a SENYÈ a, paske Li egzalte byen wo. Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.”
22 Moses led Israel from the Red Sea into the wilderness of Shur; three days they traveled in that wilderness without finding water. Alò, Moïse te mennen Israël soti kite Lanmè Wouj la. Yo te ale nan dezè Schur a, epi yo te vwayaje twa jou nan dezè a. Men yo pa t jwenn dlo.
23 They came to Marah but couldn't drink the water—it was bitter. So it was named Marah. Lè yo rive nan Mara, yo pa t kab bwè dlo Mara a, paske li te anmè. Se pou sa yo te rele l Mara.
24 And the people grumbled against Moses, saying, "What should we drink?" Alò, pèp la te plenyen kont Moïse. Yo te di: “Kisa n ap bwè?”
25 He cried to our Father, who showed him a piece of wood; he threw it into the water, and it turned sweet. There our Father set them a statute and rule, and tested them there. Konsa, li te kriye a SENYÈ a, epi SENYÈ a te montre li yon pyebwa. Lè li te jete li nan dlo a, e dlo a te vin dous. La menm, Li te fè pou yo yon lòd avèk yon règleman, epi la, Li te fè yo pase a leprèv.
26 He said, "If you truly listen to the voice of your Father, do right in his eyes, heed his commands, and keep all his statutes, I will put none of the diseases on you that I put on Egypt, for I am your Father who heals you." Li te di: “Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”
27 They came to Elim, where twelve springs of water and seventy palm trees stood, and they camped there beside the water. Alò, yo te rive nan Élim kote ki te gen douz sous dlo ak swasann-dis palmye dat yo, e yo te fè kan akote dlo a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]