Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 14 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then our Father said to Moses, Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
2 "Tell the Israelites to turn back, camp before Pi-hahiroth, between Migdol and the sea, before Baal-zephon—camp by the sea, opposite it. “Di fis Israël yo pou yo vire fè bak, e fè kan devan Pi-Hahiroth antre Migdol ak lanmè a. Nou va fè kan devan Baal-Tsephon, anfas li, bò kote lanmè a.
3 For Pharaoh will say of the Israelites: 'They are lost in the land; the wilderness shuts them in.' Paske Farawon va di de fis Israël yo: ‘Y ap mache byen egare nan peyi a; dezè a gen tan fèmen yo ladann.’
4 I will harden Pharaoh's heart, and he will chase them; I will gain glory through Pharaoh and his whole army, and Egypt will know I am the Father." And they did so. Konsa Mwen va andisi kè Farawon e li va kouri dèyè yo. Epi Mwen va onore pa Farawon avèk tout lame li a, e Ejipsyen yo va vin konnen ke Mwen se SENYÈ a.” Se konsa yo te fè.
5 Told Egypt's king the people had fled, Pharaoh and his officials turned against them: "What have we done, letting Israel go from serving us?" Lè wa Égypte la te avèti ke pèp la te sove ale, Farawon avèk sèvitè li yo te vin gen yon chanjman kè anvè pèp la. Yo te di: “Kisa sa ye nou fin fè la a, ke nou kite Israël ale pou kite sèvis nou yo?”
6 So he harnessed his chariot and took his people with him. Alò, li te prepare cha li, e te pran pèp li a avèk li.
7 He took 600 chosen chariots, all the other chariots of Egypt, with officers over all of them. Epi li te pran sis-san cha byen chwazi, ansanm ak tout lòt cha an Égypte yo avèk gwo chèf sou yo tout.
8 Our Father hardened Pharaoh king of Egypt's heart, so he chased the Israelites marching out boldly. SENYÈ a te andisi kè Farawon, wa Égypte la, e li te kouri dèyè fis Israël yo. Paske se ak gwo kouraj ke Israël te soti.
9 Egypt pursued and overtook them camped by the sea—all Pharaoh's horses, chariots, horsemen, and army—near Pi-hahiroth, facing Baal-zephon. Konsa, Ejipsyen yo te kouri dèyè yo avèk tout cheval yo ak cha Farawon yo, chevalye li yo, avèk lame li, e yo te vin parèt sou yo kanpe bò kote lanmè a, akote Pi-Hihroth, anfas Baal-Tsephon.
10 As Pharaoh neared, Israel looked up and saw Egyptians closing in behind them. Terrified, they cried to our Father. Pandan Farawon t ap pwoche, fis Israël yo te gade, e vwala, Ejipsyen yo t ap mache dèyè yo. Yo te vin pè anpil, epi fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a.
11 They told Moses, "Had Egypt no graves, that you took us to die in the wilderness? What have you done to us, bringing us out of Egypt? Alò yo te di a Moïse: “Èske se paske pa gen tonm an Égypte ke ou mennen nou pati pou mouri nan dezè a? Poukisa ou te aji avèk nou konsa, pou fè nou sòti an Égypte?
12 Didn't we tell you in Egypt: 'Stop bothering us, let us serve the Egyptians'? Serving them beats dying in the wilderness." Èske se pa pawòl ke nou te pale ou an Égypte la lè nou te di: ‘Pa deranje nou pou nou ka sèvi Ejipsyen yo?’ Paske li t ap pi bon pou nou pou sèvi Ejipsyen yo pase pou nou ta mouri nan dezè a.”
13 Moses said to the people, "Don't be afraid. Stand firm and see our Father save you today; for the Egyptians you see today, you'll never see again, ever. Men Moïse te di a pèp la: “Pa pè anyen! Kanpe la pou wè delivrans SENYÈ a va acheve pou nou jodi a. Paske Ejipsyen yo ke nou wè jodi a, nou p ap wè yo ankò jiska jamè.
14 Our Father will fight for you; you need only to be still." SENYÈ a va goumen pou nou pandan nou rete an silans.”
15 Then our Father said to Moses, "Why cry out to me? Tell the Israelites to move forward. Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Poukisa w ap kriye ban Mwen konsa? Di pèp la avanse.
16 Lift your staff, stretch your hand over the sea and split it; let the Israelites cross the sea's midst on dry ground. Epi pou ou menm, leve baton ou an anlè. Lonje men ou sou lanmè a pou fann li. Konsa, fis Israël yo va pase nan mitan lanmè a sou tè sèch.
17 I am hardening Egypt's heart, so they follow them in; I will gain glory through Pharaoh, his whole army, his chariots and his horsemen. Pou Mwen, gade byen, Mwen va fè kè Ejipsyen yo di pou yo kouri antre dèyè yo. Konsa, Mwen va jwenn onè sou Farawon an avèk tout lame li ak cha li yo avèk kavalye li yo.
18 Egyptians will know I am the Father when I gain glory over Pharaoh, his chariots, and horsemen." Alò, Ejipsyen yo va vin konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè Mwen vin onore pa Farawon, pa cha li yo, ak kavalye li yo.”
19 The messenger of our Father, who went ahead of Israel's camp, moved behind them; the pillar of cloud moved from before them and stood behind them. Zanj Bondye a ki t ap prale devan kan Israël la te vin deplase e te kanpe dèyè yo; epi pilye nwaj la te deplase kite devan yo, pou te kanpe dèyè yo.
20 It came between Egypt's camp and Israel's camp—cloud and darkness, yet it lit the night—and neither came near the other all night. Alò li te vin divize kan Égypte la ak kan Israël la. Te gen nwaj la ansanm avèk tenèb la, men li te bay limyè nan nwit lan. Konsa youn pa t pwoche lòt pandan tout nwit lan.
21 Moses stretched his hand over the sea. All night our Father drove it back with a strong east wind, making it dry land. The waters split. Alò Moïse te lonje men l sou lanmè a; epi SENYÈ a te bale lanmè a pa yon van lès byen fò tout lannwit. Li te fè lanmè a vin tounen tè sèch, e dlo a te vin fann.
22 The Israelites walked through the middle of the sea on dry ground, the waters a wall to them, right and left. Fis Israël yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèch, e dlo a te vin tankou yon miray pou yo sou men dwat yo ak sou men goch yo.
23 The Egyptians chased them into the middle of the sea—all Pharaoh's horses, his chariots, and his horsemen. Alò, Ejipsyen yo te vin kouri dèyè yo, e tout cheval Farawon, avèk cha li yo, avèk kavalye li yo te antre kouri dèyè yo nan mitan lanmè a.
24 Just before dawn, our Father looked down on the Egyptian army through the pillar of fire and cloud, throwing the Egyptian army into panic. A la vèy nan maten, SENYÈ a te gade anba sou lame Ejipsyen yo, sou pilye a dife avèk nwaj yo, e Li te mennen lame Ejipsyen an nan yon gwo konfizyon.
25 He clogged their chariot wheels so they drove with difficulty. The Egyptians said, "Let's flee Israel—God fights for them against Egypt!" Li te retire wou cha yo, e yo te mal a kondwi. Konsa, Ejipsyen yo te di: “Annou sove ale kite Israël, paske SENYÈ a ap goumen pou yo kont Ejipsyen yo.”
26 Then our Father said to Moses, "Stretch your hand over the sea so the waters return over the Egyptians, over their chariots, over their horsemen." Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou sou lanmè a pou dlo a kab retounen vin sou Ejipsyen yo, sou cha yo, ak sou kavalye yo.”
27 Moses stretched his hand over the sea; by daybreak it returned to full depth. The Egyptians fled toward it, and our Father flung the Egyptians into the sea's midst. Alò, Moise te lonje men li sou lanmè a, e lanmè a te retounen nan eta nòmal li nan granmmaten, pandan Ejipsyen yo t ap sove ale tou kontra li. Konsa, SENYÈ a te boulvèse Ejipsyen yo nan mitan lanmè a.
28 The water returned and covered chariots and horsemen, all Pharaoh's army that chased them into the sea. None survived. Dlo a te retounen e te kouvri cha yo avèk kavalye yo, e menm tout lame Farawon ki te antre nan lanmè a dèyè yo. Pa t menm gen youn nan yo ki te rete.
29 The Israelites walked through the sea's middle on dry ground, waters a wall on their right and left. Men fis Israël yo te mache sou tè sèch pase nan mitan lanmè a, e dlo a te vin tankou yon mi pou yo ni sou men dwat yo ni sou men goch yo.
30 That day our Father saved Israel from Egypt's hand, and Israel saw Egyptians dead on the seashore. Konsa, SENYÈ a te delivre Israël nan jou sa a nan men a Ejipsyen yo, e Israël te wè Ejipsyen yo ki te mouri sou bò lanmè a.
31 Israel saw the great power our Father used against Egypt; they feared him, and trusted him and his servant Moses. Lè Israël te wè gran pwisans ke SENYÈ a te sèvi kont Ejipsyen yo, tout Pèp la te krent SENYÈ a, e yo te kwè nan SENYÈ a ak sèvitè li a, Moïse.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]