Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses: Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di:
2 "Dedicate to me every firstborn. The first to open every womb among the Israelites is mine, whether human or animal." “Konsakre pou Mwen chak premye ne; premye ne pami fis Israël yo, ni lòm, ni bèt, se pou Mwen.”
3 Moses told the people, "Remember this day you came out of Egypt, out of the house of slavery, for with a mighty hand our Father brought you out of this place. Eat no bread made with yeast. Moïse te di a pèp la: “Sonje jou sa a lè nou te sòti an Égypte la, nou te pati kite kay esklavaj la. Paske ak yon men pwisan, SENYÈ a te fè nou sòti nan plas sa a. Epi anyen avèk ledven pa pou manje.
4 Today, in the month of Abib, you are going out. Nan jou sa a, nan mwa Abib la, nou prepare pou nou soti.
5 When our Father brings you into Canaanite, Hittite, Amorite, Hivite, and Jebusite country—the land he promised your ancestors to give you, flowing with milk and honey—keep this observance this month. Li va fèt ke lè SENYÈ a fè nou antre nan peyi ki pou Kananeyen yo, Etyen yo, Amoreyen yo, Evityen yo, ak Jebisyen yo, peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou, yon peyi k ap koule avèk lèt ak myèl, pou nou kab obsève sèvis sakre sa a nan mwa sa a.
6 Seven days you are to eat bread without yeast, and on the seventh day a feast to our Father. “Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven, e nan setyèm jou a va fè yon gwo fèt a SENYÈ a.
7 Eat bread without yeast the seven days. No bread with yeast may be found among you, no yeast in all your borders. “Pen san ledven an va manje pandan tout sèt jou yo; epi anyen avèk ledven p ap menm parèt pami nou. Ni nou p ap wè li pami nou nan tout fwontyè nou yo.
8 That day tell your son, "This is because of what our Father did for me when I came out of Egypt." Ou va pale fis ou a nan jou sa, e ou va di: ‘Se akoz sa ke SENYÈ a te fè pou mwen lè m te sòti an Égypte la.’
9 It will be a sign for you on your hand and a reminder on your forehead, so our Father's instruction is on your lips; for with a mighty hand our Father brought you out of Egypt. Epi sa va sèvi kòm yon sign pou ou sou men ou, e kòm yon souvni nan fon ou, pou lalwa SENYÈ a kapab nan bouch ou; paske se te avèk yon men pwisan ke SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte.
10 So you are to keep this statute at its appointed time, year after year. Pou sa nou va kenbe òdonans sa a nan tan ki chwazi chak ane a.
11 When our Father brings you into the land of the Canaanites and gives it to you, as he swore to you and to your ancestors, “Alò li va rive lè SENYÈ a mennen ou nan peyi pèp Kanaran yo, jan Li te sèmante bannou avèk zansèt nou yo, e bay ou li,
12 set apart for our Father every first to open the womb; every firstborn male of your livestock belongs to our Father. ou va konsakre a SENYÈ a premye ne nan tout vant, ak premye ne nan chak bèt ke ou posede. Mal yo se pou SENYÈ a ke yo ye.
13 Redeem every firstborn donkey with a lamb, but if you don't, break its neck. Redeem every firstborn among your sons. Men chak premye pòtre a yon bourik, ou va bay li kòm ranson avèk yon jenn mouton. Men si ou pa bay li kòm ranson, alò, ou va kase kou li, epi chak premye ne nan lòm pami fis ou yo ou va bay li kòm ranson.
14 When your son later asks, "What does this mean?" tell him, "With a mighty hand our Father brought us out of Egypt, out of the house of slavery. “Epi sa va fèt lè fis ou mande ou nan tan ki vini yo, pou di: ‘Kisa sa ye?’, alò ou va di li: ‘Avèk yon men pwisan SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte, nan kay esklavaj la.
15 When Pharaoh stubbornly refused to let us go, our Father killed every firstborn in Egypt, from firstborn people to firstborn animals. So I sacrifice to our Father every male that first opens the womb, but redeem every firstborn son." Li te rive ke lè Farawon te fè tèt di sou afè kite nou ale a, ke SENYÈ a te touye chak premye ne ki te fèt nan peyi Égypte la, ni premye ne nan lòm, ni premye ne nan bèt. Pou sa, mwen fè sakrifis a SENYÈ a, mal yo; premye pòtre a chak vant, men premye ne nan fis mwen yo, mwen ransone yo.’
16 It will be a sign on your hand and a band on your forehead, for with a mighty hand our Father brought us out of Egypt." Alò li va sèvi kòm yon sign sou men ou e kòm yon bando bwat kwi komemoratif ki mare sou fwon tèt ou; paske avèk yon men pwisan, SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte.”
17 When Pharaoh let the people go, our Father did not lead them along the road through Philistine land, though it was near; for our Father said, "If they face war, they may change their minds and return to Egypt." Alò, lè Farawon te kite pèp la ale, Bondye pa t Mennen yo pa wout peyi Filisten yo, malgre li te toupre. Paske Bondye te di: “Pèp la kab petèt chanje lide yo lè yo wè lagè, pou yo retounen an Égypte.”
18 So our Father led the people around by the desert road toward the Red Sea. The Israelites went up from Egypt dressed for battle. Pou sa, Bondye te mennen pèp la bò wout dezè a vè lanmè wouj la; epi fis Israël yo te monte byen prepare tankou yon lame pou kite peyi Égypte la.
19 Moses took Joseph's bones, for Joseph had made Israel's sons swear, "Our Father will surely come for you, and you must carry my bones up from here with you." Moïse te pran zo Joseph yo avèk li, paske li te fè fis Israël yo sèmante solanèlman e te di: “Bondye va anverite pran swen nou, e nou va pote zo mwen yo soti isit la avèk nou.”
20 They set out from Succoth and camped at Etham, on the edge of the wilderness. Alò yo te pati depi Succoth pou te vin kanpe Étham akote dezè a.
21 And our Father went ahead of them by day in a pillar of cloud to lead the way, and by night in a pillar of fire to give them light, so they could travel day and night. SENYÈ a t ap prale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen pou mennen yo nan chemen an, e nan yon pilye dife pandan lannwit pou bay yo limyè pou yo ta kapab vwayaje lajounen, kon lannwit.
22 The pillar of cloud by day and the pillar of fire by night never left its place before the people. Li pa t retire pilye nwaj la nan lajounen, ni pilye dife a nan lannwit devan pèp la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]