Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father said to Moses and Aaron in the land of Egypt, Alò, SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron nan peyi Égypte la:
2 "This month is your beginning of months, the year's first month. “Mwa sa a va vin premye nan mwa yo pou nou. Li va premye mwa nan ane a pou nou.
3 Tell all Israel's assembly: on this month's tenth day, each man is to take a lamb per family, a lamb per household. “Pale a tout asanble Israël la, e di: ‘Nan dizyèm mwa sa a, yo chak va pran yon jenn mouton pou yo menm, selon kay pa yo, yon mouton pou chak kay.
4 If the household is too small for a lamb, he and his nearest neighbor are to take one lamb by the number of people, counting for it by how much each eats. Alò, si kay la twò piti pou yon jenn mouton, li menm avèk vwazen li ap pran youn pou kont yo, selon kantite moun ki nan yo selon sa ke chak moun ta kab manje, nou va divize jenn mouton an.
5 Your lamb must be flawless, a year-old male; take it from the sheep or the goats. “‘Jenn mouton nou an va yon jenn mal, ak laj yon lane, san defo. Nou ka pran li pami mouton yo, oswa kabrit yo.
6 Keep it until the fourteenth day of this month; the whole assembly of Israel's congregation is to slaughter it at twilight. Nou va kenbe li jis rive nan katòzyèm jou nan menm mwa sa a, e tout asanble kongregasyon Israël la va touye li nan aswè.
7 They will take some of the blood and put it on the two doorposts and lintel of the houses where they eat it. Anplis, yo va pran kèk nan san an, e mete li sou de chanbrann pòt kay la, ak sou de travès lento pòt kay la kote yo va manje li a.
8 That night they must eat the meat, fire-roasted, with bread made without yeast and bitter herbs—they must eat it. “‘Yo va manje chè a menm nwit lan, boukannen li nan dife, e yo va manje li avèk pen san ledven, ak zèb anmè.
9 Do not eat it raw or boiled in water, but roasted over fire—head, legs, and inner parts. Pa manje anyen nan li ki pa kwit, ni ki bouyi avèk okenn dlo, men pito ki boukannen nan dife, ni tèt li, ni janm li yo ansanm avèk zantray li yo.
10 Don't leave any of it until morning; burn whatever remains until morning. Epi nou pa pou kite anyen nan li pou maten men nenpòt sa ki rete nan li, nan maten nou va brile li nan dife.
11 Eat it this way: belt fastened, sandals on your feet, staff in hand, eating in haste. It is the Passover of our Father. Alò, nou va manje li konsa: avèk senti nou mare, sapat nan pye nou ak baton nou nan men nou; epi nou va manje li byen vit—sa se Pak SENYÈ a.
12 That night I will pass through the land of Egypt and strike down every firstborn in the land of Egypt, man and beast, and execute judgments against all the gods of Egypt. I am your Father. “‘Paske Mwen va pase nan peyi Égypte la nan nwit lan, e Mwen va frape tout premye ne nan peyi Égypte la, ni moun, ni bèt. Epi kont tout dye an Égypte yo, Mwen va egzekite jijman—Mwen menm se SENYÈ a.
13 The blood will be a sign for you on the houses where you are. When I see the blood, I will pass over you—no plague will destroy you when I strike the land of Egypt. San an va yon sign pou nou sou kay kote nou rete yo. Lè Mwen wè san an, Mwen va pase sou nou, e nanpwen touman k ap rive nou, ni detwi nou lè Mwen frape peyi Égypte la.
14 "This day is a memorial for you; celebrate it as a feast to your Father, a rule forever for all your generations—celebrate it. “‘Alò, jou sa a va vin yon jou pa janm bliye pou nou, e nou va selebre li kòm yon fèt a SENYÈ a. Pami tout jenerasyon yo nou gen pou fete li kòm yon règleman k ap la pou tout tan.’”
15 Eat bread without yeast seven days. Remove all yeast from your houses on the first day, for whoever eats anything made with yeast, from the first day to the seventh, will be cut off from Israel. “Pandan Sèt jou nou va manje pen san ledven, men nan premye jou a, nou va retire tout ledven ki nan kay nou yo. Paske nenpòt moun ki manje nenpòt bagay avèk ledven depi nan premye jou a jis rive nan setyèm jou a, moun sa va koupe retire nèt de Israël.
16 On the first day hold a holy gathering, and on the seventh day a holy gathering. Do no work then, except preparing what each person eats—that alone you may do. “Nan premye jou a nou va fè yon konvokasyon sen, e yon lòt konvokasyon sen nan setyèm jou a. P ap gen travay k ap fèt nan yo, sof sa ki oblije fèt pou manje a chak moun; se sa sèl nou kapab prepare.
17 Keep the Feast of Bread Without Yeast, for on this exact day I brought your forces out of the land of Egypt. Keep this day, generation after generation, as a lasting statute. “Nou va osi obsève fèt Pen San Ledven an, paske nan jou sa a menm, Mwen te fè lame nou yo sòti nan peyi Égypte la. Pou sa, nou va obsève jou sa pandan jenerasyon nou yo kòm yon règleman k ap la pou tout tan.
18 In the first month, eat bread without yeast from the evening of the fourteenth day until the evening of the twenty-first day. “Nan premye mwa a, nan katòzyèm jou nan mwa a, nan aswè, nou va manje pen san ledven an, jiska vente-yen jou nan mwa a, lè l rive nan aswè.
19 For seven days, no yeast is to be found in your houses; whoever eats anything with yeast in it must be cut off from Israel's community, whether foreigner or native of the land. Pandan sèt jou yo nou pa pou twouve ledven lakay nou paske nenpòt moun ki manje sa ki leve, moun sa a va vin koupe retire nèt de asanble Israël la, menm si se yon etranje, oswa yon natif peyi a.
20 Eat nothing made with yeast; eat bread without yeast everywhere you live." Nou pa pou manje anyen avèk ledven. Nan tout abitasyon nou yo nou va manje pen san ledven.”
21 Moses called all Israel's elders and said to them, "Pick out lambs for your families, then slaughter the Passover lamb. Alò, Moïse te rele tout ansyen Israël yo e te di yo: “Ale pran pou nou menm jenn mouton yo selon fanmi nou, e touye jenn mouton Pak la.
22 Take a bunch of hyssop, dip it in the blood in the basin, and touch the lintel and both doorposts with the blood in the basin. None of you may leave his house door until morning. Nou va pran yon pake izòp e fonse li nan san basen an, epi mete kèk nan san basen an sou de chanbrann yo avèk travès lento pòt yo. Pèsòn pa pou ale deyò pòt kay li jis rive nan maten.
23 For our Father will pass through to strike Egypt. Seeing the blood on the lintel and two doorposts, our Father will pass over the entrance and not let the destroyer enter your houses to strike you. Paske SENYÈ a va travèse pou frape Ejipsyen yo; epi lè Li wè san sou travès lento pòt yo, ak sou de chanbrann pòt yo, SENYÈ a va pase sou pòt la, e Li p ap kite destriktè a antre nan kay nou pou frape nou.
24 You are to keep this command as a lasting statute for you and for your children. “Epi nou va obsève evènman sa a kòm yon règleman pou nou menm avèk pitit nou yo pou tout tan.
25 When you enter the land our Father will give you, as he promised, keep this service. Lè nou antre nan peyi ke SENYÈ a va bannou an, jan Li te pwomèt nou an, nou va obsève sèvis sakre sila a.
26 And when your children say to you, 'What does this service mean to you?' “Epi lè pitit nou di nou: ‘Kisa sa vle di selon sèvis sila a?’
27 you are to say, 'It is our Father's Passover sacrifice: he passed over the houses of Israel's people in Egypt, striking the Egyptians but sparing our houses.'" Then the people bowed and worshiped. Nou va di: ‘Sa se yon sakrifis Pak la pou SENYÈ a ki te pase sou kay a fis Israël yo nan Égypte lè Li t ap frape Ejipsyen yo, men te epanye lakay nou.’” Konsa, pèp la te bese ba, e te adore.
28 The Israelites went and did just as our Father commanded Moses and Aaron; so they did. Alò, fis Israël yo te ale fè sa, jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse avèk Aaron an, konsa yo te fè.
29 At midnight our Father struck every firstborn in Egypt, from Pharaoh's firstborn on his throne to the prisoner's firstborn in the dungeon, and every firstborn animal. Alò li te vin rive nan minwi, SENYÈ a te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, depi premye ne a Farawon ki te chita sou twòn li an, jis rive nan premye ne nan kaptif ki te nan prizon yo, e menm tout premye ne nan bèt yo.
30 Pharaoh got up that night—he, his officials, all Egypt—and a great cry rose in Egypt, for every house had someone dead. Farawon te leve nan nwit lan, li ak sèvitè li yo avèk tout Ejipsyen yo. Yo te gen yon gwo lamantasyon nan tout Égypte la, paske pa t gen kay kote moun pa t mouri.
31 He summoned Moses and Aaron that night: "Get up, leave my people—you and the Israelites—go, serve God as you said. Epi li te rele Moïse avèk Aaron nan nwit lan. Li te di yo: “Leve e kite pèp mwen an, ni nou menm, ni fis Israël yo. Ale adore SENYÈ a, jan nou te di a.
32 Take both your flocks and your herds, as you said, and go—bless me too." Pran ni bann mouton nou yo, ni twoupo nou yo, jan nou te di a, epi ale. Konsa, beni mwen tou!”
33 The Egyptians urged the Israelites to leave the land quickly, saying, "We're all dead." Ejipsyen yo ak ijans menm, te ankouraje pèp la pou kite peyi a byen vit, paske yo te di: “Nou tout pral mouri.”
34 The people carried their dough before it rose, kneading bowls wrapped in their cloaks on their shoulders. Alò pèp la te pran pat farin ki potko leve yo, ak bòl pou petri yo byen mare nan rad yo, sou zepòl yo.
35 Israel did as Moses said: they asked the Egyptians for silver, gold, and clothing. Alò, fis Israël yo te fè selon pawòl a Moïse la, paske yo te mande nan men Ejipsyen yo, bagay ki fèt an ajan, bagay ki fèt avèk lò, avèk vètman.
36 And our Father gave the people favor with the Egyptians, so they granted their request; and so the people plundered the Egyptians. Konsa, SENYÈ a te bay pèp la favè nan zye Ejipsyen yo, jiskaske yo te sede a demann sa a. Konsa, yo te vin piyaje Ejipsyen yo.
37 Israel set out from Rameses to Succoth—about 600,000 men on foot, plus women and children. Alò, fis Israël yo te vwayaje soti nan Ramsès rive Succoth, anviwon sis-san-mil òm apye, san kontwole timoun.
38 A large mixed crowd also went up with them, with flocks, herds, and abundant livestock. Yon gran foul byen mele osi te monte avèk yo, menm avèk bann mouton ak twoupo, yon trè gran kantite bèt.
39 They baked the dough they'd brought from Egypt into flat cakes without yeast, since it hadn't risen—driven out of Egypt, with no time to wait or prepare food for themselves. Yo te kwit pat farin ke yo te fè sòti an Égypte yo, e yo te fè gato ak pen san ledven yo. Li pa t leve, akòz ke yo te chase sòti an Égypte, e yo pa t kab pran reta, ni yo pa t prepare okenn manje pou yo menm.
40 The time that the people of Israel lived in Egypt was 430 years. Alò tan ke fis Israël yo te pase an Égypte la te kat-san-trant ane.
41 After 430 years, on that very day, all the armies of our Father left the land of Egypt. Nan fen kat-san-trant ane yo, jis rive nan jou a menm, tout lame SENYÈ a te sòti an Égypte.
42 This was a night our Father watched, to bring them out of the land of Egypt; this same night, all Israel's people keep watch for our Father, generation after generation. Se yon nwit pou nou obsève pou SENYÈ a, paske li fè yo sòti nan peyi Égypte la. Nwit sa a se pou SENYÈ a, pou obsève pa tout fis Israël yo selon tout jenerasyon pa yo.
43 Our Father told Moses and Aaron, "This is the Passover's rule: no foreigner may eat it, SENYÈ a te di a Moise avèk Aaron: “Sa se òdonans Pak la. Okenn etranje pa pou manje li;
44 but every slave that is bought for money may eat of it after you have circumcised him. men esklav a chak moun, achte avèk lajan, lè nou fin sikonsi li, alò, li kapab manje nan li.
45 No temporary resident or hired worker may eat of it. Yon etranje ki rete pami nou, oswa yon sèvitè ki anplwaye, pa pou manje l.
46 Eat it in one house; carry none of the meat outside the house, and break none of its bones. “Li oblije manje nan yon sèl kay. Nou pa pou mennen okenn nan chè a andeyò kay la, ni nou pa pou kase okenn nan zo li.
47 All the congregation of Israel is to keep it. Tout asanble Israël la dwe obsève fèt sa a.
48 If a foreigner living with you wants to keep the Passover to our Father, circumcise all his males; then he may come near and keep it—he becomes like a native of the land. But no uncircumcised person may eat it. “Men si yon etranje rete avèk nou, li selebre fèt Pak la bay SENYÈ a, ke tout mal gason li yo vin sikonsi, e kite li pwoche pou selebre li. Konsa, li va devni yon natif peyi a. Men okenn moun san sikonsisyon pa pou manje li.
49 There is to be one law for the native and for the foreigner who resides among you." Menm règ sa a va aplike a natif la tankou etranje ki demere pami nou yo.”
50 All Israel's sons did as our Father commanded Moses and Aaron; they did it. Alò, tout fis Israël yo te fè sa. Yo te fè sa jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse avèk Aaron an.
51 That very day our Father brought Israel's people out of the land of Egypt by their armies. Epi nan menm jou sa a, SENYÈ a te mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la selon lòd lame pa yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]