Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 16 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The whole Israelite community set out from Elim and came to the wilderness of Sin, between Elim and Sinai, on the fifteenth day of the second month after leaving the land of Egypt. Alò, yo te kite Élim, e tout asanble fis Israël yo te vini nan dezè Sin, ki te antre Élim ak Sinai an. Sa te fèt nan kenzyèm jou dezyèm mwa apre depa yo nan peyi Égypte la.
2 And the whole congregation of the people of Israel grumbled against Moses and Aaron in the wilderness. Konsa, tout asanble fis Israël yo te plenyen kont Moïse avèk Aaron nan dezè a.
3 The Israelites said to them, "If only we had died by our Father's hand in Egypt, sitting by pots of meat, eating bread to the full! For you brought us into this wilderness to kill this whole assembly with hunger." Fis Israël yo te di yo: “Pito ke nou te mouri pa men SENYÈ a nan peyi Égypte la pandan nou t ap chita akote chodyè vyann yo, pandan nou t ap manje pen jis nou vin plen. Men ou mennen nou deyò nan dezè sila a pou touye tout asanble a avèk grangou.”
4 Then our Father said to Moses, "Look, I will rain bread from heaven for you. Each day the people must go out and gather that day's portion, so I can test them—will they follow my instruction or not? Alò, SENYÈ a te di Moïse: “Gade byen, Mwen va vide pen sòti nan syèl la tankou lapli pou nou. Epi pèp la va sòti chak jou pou ranmase sa ki kont pou jounen an, pou Mwen kapab fè yo pase a leprèv; pou M wè si yo va mache nan enstriksyon Mwen yo.
5 On the sixth day, they will prepare what they bring in—twice what they gather daily." Nan sizyèm jou a, lè yo prepare sa ke yo fè antre, li va doub sa ke yo konn pran pa jou yo.”
6 Moses and Aaron told all Israel's people, "At evening you will know it was our Father who brought you out of the land of Egypt, Alò, Moïse avèk Aaron te di a tout fis Israël yo: “Nan aswè nou va rekonèt ke SENYÈ a te mennen nou sòti nan peyi Égypte la.
7 in the morning you'll see the glory of our Father—he's heard your grumbling against him. What are we, that you grumble against us?" Nan maten a nou va wè glwa SENYÈ a, paske Li tande plent nou yo kont SENYÈ a. Epi kisa nou ye pou nou ta plenyen kont nou?”
8 Moses said, "When our Father gives you meat to eat in the evening and all the bread you want in the morning, since he heard your grumbling against him—what are we? Your grumbling isn't against us, but against our Father." Moïse te di: “Sa va vin rive lè SENYÈ a bannou vyann pou nou manje nan aswè, ak pen jiskaske nou vin satisfè nan maten. Paske SENYÈ a tande plent ke nou fè kont Li. Epi kisa nou ye? Plent nou yo pa kont nou, men kont SENYÈ a.”
9 Moses told Aaron, "Tell all Israel's community, 'Come near before our Father—he's heard your grumbling.'" Alò Moïse te di a Aaron: “Pale a tout asanble fis Israël yo, ‘Rapwoche nou devan SENYÈ a, paske Li tande plent nou yo.’”
10 Aaron spoke to all Israel's people; they looked toward the wilderness, and our Father's glory appeared in the cloud. Li te vin rive ke pandan Aaron t ap pale a tout asanble a fis Israël yo, ke yo te gade vè dezè a, e vwala, glwa SENYÈ a te parèt nan nwaj la.
11 And our Father said to Moses, Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di:
12 "I have heard Israel's grumbling. Tell them: At twilight you will eat meat; in the morning you will be filled with bread. Then you will know I am your Father." “Mwen tande plent a fis Israël yo. Pale ak yo pou di: ‘Nan aswè avan li fènwa, nou va manje vyann, e nan maten, nou va vin plen avèk pen. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
13 That evening quail came and covered the camp; in the morning a layer of dew lay around it. Alò, li vin rive nan aswè ke zwazo kay yo te monte. Yo te kouvri tout kan an. Nan maten an te gen yon kouch lawouze ki te antoure kan an.
14 When the layer of dew lifted, fine flakes, fine as frost, covered the wilderness surface. Lè kouch lawouze a te disparèt, gade, sou sifas dezè a, te gen yon bagay ki te sanble yon ti kal byen fen, ki sanble frechè lawouze sou tè a.
15 Seeing it, the Israelites asked each other, "What is this?"—not knowing what it was. Moses said, "This is the bread our Father has given you to eat." Lè fis Israël yo te wè li, yo te di a youn lòt: “Kisa sa ye?” Paske yo pa t konnen kisa sa li te ye. Epi Moïse te di yo: “Sa se pen ke SENYÈ a bannou pou nou manje.
16 This is what our Father has commanded: "Gather what each person can eat, about two quarts per head, for everyone in your tent." Men sa ke SENYÈ a kòmande: ‘Chak moun ranmase ladann selon sa ke li va manje. Nou va pran yon omè pou chak, selon kantite moun chak nan nou genyen nan tant li.’”
17 And the people of Israel did so. They gathered, some more, some less. Fis Israël yo te fè sa, kèk te pran plis, e kèk te pran mwens.
18 But when measured by the two-quart measure, whoever gathered much had no surplus, and whoever gathered little had no shortage—each gathered exactly what he could eat. Lè yo te mezire li avèk yon omè, sa ki te pran anpil yo pa t gen twòp, ni sa ki te pran piti yo pa t manke. Chak moun te ranmase sa ke li te dwe manje.
19 And Moses said to them, "Let no one leave any of it over until the morning." Moïse te di yo: “Pa kite pèsòn konsève anyen ladann pou rive demen.”
20 They didn't listen to Moses—some left part until morning; it bred worms and stank. Moses was angry with them. Men yo pa t koute Moïse. Kèk nan yo te kite yon pati pou maten. Konsa, li te kale vè, e te vin rans. Moïse te fache avèk yo.
21 Morning by morning they gathered it, each according to his eating; when the sun grew hot, it melted. Yo te ranmase li chak jou, chak moun selon sa li ta dwe manje. Men lè solèy la te vin cho, li te vin fann.
22 On the sixth day they gathered double the bread, about four quarts each, and all the leaders of the community came and told Moses. Alò nan sizyèm jou a, yo te pran doub fòs pen, de omè pou chak moun. Tout dirijan asanble yo te fè rapò sa a Moïse.
23 He told them, "This is what our Father said: Tomorrow is a solemn rest, a holy Sabbath to your Father. Bake what you'll bake, boil what you'll boil, and keep whatever's left until morning." Alo, konsa li te reponn yo: “Men sa ke SENYÈ a vle: ‘Demen se yon jou Saba, yon Saba sen a SENYÈ a. Kwit sa ke nou va kwit, bouyi sa ke nou va bouyi, e tout sa ki rete, mete l akote pou konsève jis rive nan maten.’”
24 So they set it aside until morning, as Moses commanded, and it did not stink or breed worms. Alò, yo te mete li akote jis rive nan maten, jan Moïse te kòmande a, e li pa t vin kanni, ni li pa t gen okenn vè ladann.
25 Moses said, "Eat it today; today is a Sabbath to our Father; today you won't find it in the field. Moïse te di: “Manje li jodi a, paske jodi a se yon Saba a SENYÈ a. Jodi a nou p ap twouve li nan chan an.
26 Six days you are to gather it, but on the seventh day, the Sabbath, there will be none." Sis jou nou va pran li, men nan setyèm jou a, jou Saba a, p ap genyen okenn.”
27 On the seventh day some of the people went out to gather, but they found none. Li te rive nan setyèm jou a, ke kèk nan moun yo te ale pran, men yo pa t twouve menm.
28 And our Father said to Moses, "How long will you refuse to keep my commandments and my instructions? Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pou konbyen de tan nou va refize kenbe kòmandman Mwen yo, ak enstriksyon Mwen yo?
29 See, I have given you the Sabbath; so on the sixth day I give you two days' bread. Everyone, stay in your place; no one may leave your place on the seventh day." Gade, SENYÈ a te bannou Saba a. Pou sa, Li bannou pen pou de jou nan sizyèm jou a. Kite chak moun rete nan plas li. Pa kite pèsòn sòti nan plas li nan setyèm jou a.”
30 So the people rested on the seventh day. Pou sa, pèp Israël la te poze nan setyèm jou a.
31 The house of Israel named it "manna"; it was like coriander seed, white, and tasted like honey wafers. Lakay Israël te nonmen li lamàn. Li te tankou grenn koryandè, blan avèk yon gou tankou gato avèk siwo myèl.
32 Moses said, "This is what our Father commanded: 'Keep about two quarts of it for your generations, so they may see the bread I fed you in the wilderness when I brought you out of the land of Egypt.'" Alò, Moïse te di: “Men Sa ke SENYÈ a te kòmande, ‘Kite yon omè ladann pami tout jenerasyon yo pou yo kapab wè pen ke Mwen te bannou nan dezè a, lè Mwen te mennen nou sòti nan peyi Égypte la.’”
33 Moses told Aaron, "Take a jar, fill it with about two quarts of manna, and set it before our Father, kept through your generations." Moïse te di a Aaron: “Pran yon bokal, mete yon omè plen lamàn ladann, epi plase li devan SENYÈ a pou kenbe li pandan tout jenerasyon nou yo.”
34 As our Father commanded Moses, so Aaron placed it before the testimony to be kept. Jan SENYÈ a te kòmande Moïse la, konsa Aaron te plase li devan temwen an, pou l konsève.
35 The Israelites ate manna forty years, until they reached a settled land. They ate manna until they reached the border of the land of Canaan. Fis Israël yo te manje lamàn pandan karant ane, jis lè yo te rive nan yon peyi ki te peple deja. Yo te manje lamàn jis yo rive nan fwontyè peyi Canaan an.
36 (An omer holds about two quarts—one-tenth of an ephah.). Alò, yon Omè se yon dizyèm pati a yon efa.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]