Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Esther 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So the king and Haman came to drink with Queen Esther. Alò, wa a avèk Haman te vini pou bwè diven an avèk Esther, rèn nan.
2 On day two, over wine, the king again asked, "What is your petition, Queen Esther? It's granted. Your request? Up to half the kingdom—done." Konsa, wa a te di a Esther ankò nan dezyèm jou a pandan yo t ap bwè diven pa yo nan bankè a, “Se ki petisyon ou an, rèn Esther? Li va bay a ou menm. Se kisa ke w ap mande a? Menm jis rive mwatye wayòm nan, li va fèt.”
3 Queen Esther answered, "If I've found favor in your eyes, king, and it pleases the king, give me my life at my petition, my people at my request. Rèn Esther te reponn: “Si mwen te jwenn favè nan zye ou, O wa, e si se plezi a wa a, ban mwen lavi mwen kon petisyon mwen an, avèk pèp mwen an, se sa ke mwen mande.
4 We're sold, I and my people, to be destroyed, killed, wiped out. Were we merely sold as male and female slaves, I'd have kept silent; such trouble wouldn't warrant disturbing the king." Paske nou te fin vann mwen menm avèk pèp mwen an, pou nou fin detwi, pou touye e anile nèt. Alò, si se te sèlman ke nou te vann kon esklav, gason kon fanm, mwen ta rete an silans, paske twoub la pa t ap merite ke m ta twouble wa a.”
5 Then King Xerxes said to Queen Esther, "Who is he, and where, who dares do this?" Konsa, Wa Assuérus te mande rèn Esther, “Ki moun li ye e kibò li ye, ki ta pwopoze fè afè sila a?”
6 Esther said, "An adversary and enemy—this wicked Haman!" Haman was terrified before the king and queen. Esther te di: “Yon oprimè avèk yon lènmi, se mechan Haman sila a!” Pou sa a, Haman te vin ranpli avèk laperèz devan wa a avèk rèn nan.
7 Enraged, the king rose from the wine to the palace garden, while Haman stayed to beg Queen Esther for his life, seeing the king meant his ruin. Wa a nan kòlè li te leve kite bwè diven an, e te antre nan jaden palè a. Men Haman te rete pou mande Esther sekou pou lavi li, paske li te wè wa a te vin gen entansyon fè l move bagay.
8 The king came back from the palace garden to the banquet hall. Haman had fallen on the couch where Esther was. The king said, "Will he even assault the queen while I'm here?" As the words left his mouth, the attendants covered Haman's face. Alò, lè wa a te retounen sòti nan jaden palè a pou l antre nan plas kote yo t ap bwè diven an, Haman t ap tonbe sou sofa kote Esther te ye a. Konsa, wa a te di: “Èske li va menm vyole rèn nan pandan m la nan kay la?” Depi pawòl la te kite bouch a wa a, yo te kouvri figi a Haman.
9 Harbona, one of the king's eunuchs, said, "The seventy-five-foot gallows Haman made for Mordecai, who spoke up for the king, stands at Haman's house." The king said, "Hang him on it." Alò Harbona, youn nan enik yo devan wa a te di: “Gade byen, anverite, men wo etaj senkant koude nan wotè ki kanpe kote kay Haman an, ke li te fè pou Mardochée ki te pale byen pou wa a!” Epi wa a te di: “Pann li sou li!”
10 So they hanged Haman on the gallows he had prepared for Mordecai, and the king's fury subsided. Konsa, yo te pann Haman sou wo etaj ke li te prepare pou Mardochée a e kòlè a wa a te vin bese.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]