Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Esther 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 That day King Xerxes gave Queen Esther the estate of Haman, the enemy of the Jews. Mordecai came before the king, since Esther had told what he was to her. Nan menm jou sa a, Wa Assuérus te bay lakay Haman, lènmi a Jwif yo, a rèn Esther. Mardochée te parèt devan wa a, paske Esther te pale wa a sa li te ye pou li.
2 The king took off his signet ring, which he had taken back from Haman, and gave it to Mordecai. Esther put Mordecai over Haman's estate. Wa a te fin retire bag so ke li te retire nan men a Haman an e te bay li a Mardochée. Konsa, Esther te plase Mardochée sou kay Haman an.
3 Esther spoke to the king again, fell at his feet, wept, and begged him to stop Haman the Agagite's evil and his scheme against the Jews. Esther te pale ankò a wa a, te tonbe nan pye li, te kriye e te sipliye li pou evite mechanste Haman an, Agagit la, avèk konplo ke li te prepare kont Jwif yo.
4 The king held out the golden scepter to Esther, and she rose and stood before him. Wa a te lonje baton an lò a vè Esther. Konsa, Esther te leve kanpe devan wa a.
5 She said, "If it pleases the king, if I have his favor, if this seems right to him, and I please him, let letters be written reversing what Haman son of Hammedatha the Agagite planned and wrote to destroy the Jews in all the king's provinces. Li te di: “Si sa fè wa a plezi, si mwen te twouve favè devan li, wa a twouve koz sa a bon, e sa fè kè l kontan pou wè m, kite li ekri pou anile lèt ki te manevre pa Haman an, fis a Hammedatha a, Agagit la, ke li te ekri pou detwi Jwif ki nan tout pwovens a wa yo.
6 How can I bear to see disaster strike my people? How can I bear to watch my family destroyed?" Paske, kijan mwen kab sipòte wè gwo dezas ki va rive pèp mwen an, e kijan mwen kab sipòte wè destriksyon a fanmi mwen yo?”
7 King Xerxes told Queen Esther and Mordecai the Jew, "I gave Esther Haman's house, and they hanged him on the gallows because he plotted against the Jews. Pou sa, Wa Assuérus te pale a rèn Esther e a Mardochée, Jwif la: “Veye byen, Mwen te bay lakay Haman a Esther e li menm, yo te pann li sou wo etaj la akoz li te lonje men li kont Jwif yo.
8 Write about the Jews as you see fit, in the king's name, and seal it with his signet ring—no writing in the king's name, sealed with his ring, can be reversed." Alò, ou menm ekri a Jwif yo jan ou twouve li bon nan non a wa a, e sele lèt la avèk bag so a wa a; paske, yon dekrè ki ekri nan non a wa a e sele avèk bag so a wa a p ap kapab anile.”
9 The king's scribes were called on the third month's twenty-third day—Sivan—and wrote all Mordecai commanded to the Jews and to the satraps, governors, and officials of the 127 provinces from India to Cush: each province in its script, each people in its language, and the Jews in their script and language. Pou sa, grefye a wa yo te rele nan lè sa a nan twazyèm mwa a (sa vle di, mwa Sivan an), nan twazyèm jou a; epi, li te ekri selon tout sa ke Mardochée te kòmande a Jwif yo, reprezantan a wa yo nan pwovens yo, gouvènè yo, avèk chèf a pwovens ki te lonje rive soti nan Inde jis rive Ethiopie, san-venn-sèt pwovens, a chak pwovens selon ekriti pa li e a chak pèp selon langaj yo, epi anplis a Jwif yo selon ekriti pa yo, avèk langaj pa yo.
10 Mordecai wrote in King Xerxes' name, sealed it with the king's signet ring, and sent letters by couriers on fast horses bred for royal service. Li te ekri nan non a Wa Assuérus, te sele li avèk bag so a wa a e te voye lèt yo pa mesaje yo monte sou cheval ki te nan ras cheval wayal yo.
11 The king's decree granted the Jews in every city the right to assemble and defend their lives: to destroy, kill, and wipe out any armed force of any people or province attacking them—children and women included—and to plunder their enemies' goods. Nan lèt sa yo, wa a te bay dwa a Jwif yo nan chak vil, pou rasanble e fè defans lavi yo, pou detwi, pou touye e pou anile tout lame a nenpòt pèp oswa pwovens ki ta vin atake yo, menm ansanm avèk pitit yo ak fanm yo, e piyaje byen yo,
12 This was to take place on one day in all provinces of King Xerxes—the thirteenth day of the twelfth month, Adar. nan yon sèl jou nan tout pwovens a Wa Assuérus yo, trèzyèm jou nan douzyèm mwa a, (sa vle di, mwa Adar a).
13 A copy of the decree was to be issued as law in every province and made known to all peoples, so the Jews would be ready that day to avenge themselves on their enemies. Yon kopi a dekrè a te gen pou pibliye kon lwa nan chak pwovens e te pibliye a tout pèp yo, pou Jwif yo ta parèt nan jou sila pou fè revandikasyon yo sou lènmi yo.
14 Couriers on royal horses rushed out, hurried and pressed by the king's command; the decree was given in Susa's fortress. Mesaje yo byen prese, bourade pa lòd a wa a, te sòti monte sou cheval wayal yo. Konsa, dekrè a te distribye nan sitadèl Suse la.
15 Mordecai left the king's presence in royal blue and white, a great gold crown, and a fine linen and purple robe. Susa shouted and rejoiced. Epi Mardochée te sòti nan prezans a wa a nan vètman wayal la ki te an koulè ble e blan, avèk yon gran kouwòn an lò ak yon manto fèt an len fen e mov; epi lavil Suse te fè yon gwo kri avèk jwa, e te rejwi.
16 The Jews had light, joy, gladness, and honor. Pou Jwif yo, te gen limyè, kè kontan, lajwa avèk lonè.
17 The king's command and edict reached every province and city; the Jews had joy and delight, feasting, a holiday. Many peoples of the land became Jews, for fear of the Jews gripped them. Nan chak pwovens nèt ak nan chak vil nenpòt kote lòd a wa a avèk dekrè li te rive a, te gen kè kontan avèk lajwa pou Jwif yo, yon fèt bankè avèk yon jou fèt. Epi anpil moun pami pèp peyi yo te vin Jwif yo, paske krent a Jwif yo te vin tonbe sou yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]