Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Esther 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the twelfth month, Adar, on the thirteenth day—when the king's order and decree were to take effect, the day the Jews' enemies hoped to dominate them—it reversed: the Jews dominated their haters. Alò, nan douzyèm mwa a (sa vle di mwa Adar a), sou trèzyèm jou a, lè lòd a wa a avèk dekrè li a te prèt pou acheve, nan jou lè lènmi a Jwif yo te gen espwa vin mèt sou yo a, li te vin vire tèt anba jiskaske Jwif yo menm te vin domine sou sila ki te rayi yo.
2 The Jews gathered in their cities across King Xerxes's provinces to attack those seeking their harm. No one could stand against them; fear of them had fallen on all peoples. Jwif yo te rasanble nan vil pa yo toupatou nan pwovens a Wa Assuérus yo pou mete men yo sou sila ki te chache fè yo mal yo. Konsa, pa t genyen moun ki te kab kanpe devan yo, paske perèz yo te vin tonbe sou tout moun nan pèp yo.
3 All the province officials, satraps, governors, and royal administrators supported the Jews, for fear of Mordecai had fallen on them. Menm tout chèf pwovens yo, reprezantan a wa yo, gouvènè yo e sila ki t ap fè afè a wa yo te asiste Jwif yo akoz laperèz a Mardochée te vin tonbe sou yo.
4 Mordecai grew powerful in the king's house; his fame spread through every province, for Mordecai himself grew more and more powerful. Anverite, Mardochée te gran lakay a wa a e repitasyon li te gaye toupatou nan pwovens yo, paske nonm nan, Mardouchée, te vin pi gwo e pi gwo.
5 The Jews struck all their enemies with the sword, killing and destroying, doing as they pleased to their haters. Konsa, Jwif yo te frape tout lènmi yo avèk nepe, te touye e detwi. Yo te fè sa yo te pito a sila ki te rayi yo.
6 In the citadel of Susa the Jews killed and destroyed 500 men. Nan sitadèl Suse la, Jwif yo te touye e detwi senk-san òm.
7 They also killed Parshandatha, Dalphon, Aspatha, Yo te touye Parchandatha, Dalphon, Aspatha,
8 Poratha, Adalia, Aridatha, Poratha, Adalia, Aridatha,
9 Parmashta, Arisai, Aridai, and Vaizatha. Parmaschtha, Arizaï, Aridaï avèk Vajezatha,
10 Ten sons of Haman son of Hammedatha, enemy of the Jews, they killed—but they took no plunder. dis fis a Haman yo, fis a Hammedatha yo, lènmi a Jwif yo. Men yo te refize touche piyaj la.
11 That day the number killed in the citadel of Susa was reported to the king. Nan menm jou sa a, fòs kantite a sila ki te touye nan sitadèl Suse la te rapòte a wa a.
12 The king said to Queen Esther, "In the fortress of Susa the Jews killed and destroyed 500 men and Haman's ten sons. What have they done in the rest of the king's provinces? What is your request? It will be given to you. What more do you ask? It will be done." Wa a te di a rèn Esther: “Jwif yo te fin touye e detwi senk-san moun avèk fis a Haman yo nan sitadèl Suse la. Alò, konsa se kisa ke yo gen tan fè nan lòt pwovens a wa yo!” Koulye a, se ki petisyon ou? Menm li menm va bay a ou menm. Epi kisa ou mande anplis? Li menm tou va fèt.
13 Esther said, "If it pleases the king, let the Jews in Susa act again tomorrow under today's decree, and hang Haman's ten sons on poles." Epi Esther te di: “Si sa se plezi a wa a, kite demen, anplis, vin bay a Jwif ki nan Suse yo, pou fè menm ak dekrè ki pou jodi a; epi kite dis fis a Haman yo vin pann sou wo etaj la.”
14 The king ordered it done. A decree was issued in Susa, and they hanged Haman's ten sons. Pou sa, wa a te kòmande pou li ta fèt konsa. Yon dekrè te pibliye nan Suse e dis fis a Haman yo te pann.
15 Jews in Susa also gathered on Adar's fourteenth day, killed 300 men there, but didn't touch the plunder. Jwif ki te nan Suse yo te rasanble, anplis, nan katòzyèm jou nan mwa Adar a e te touye twa-san moun nan Suse, men yo pa t mete men yo sou piyaj la.
16 The rest of the Jews in the king's provinces gathered to defend their lives, got relief from enemies, killed 75,000 who hated them, but touched no plunder. Alò, tout lòt moun nan Jwif yo ki te nan pwovens yo te rasanble pou defann lavi yo, pou te retire lènmi yo pami yo e pou te touye swasann-kenz-mil nan sila ki te rayi yo; men yo pa t mete men yo sou piyaj la.
17 This happened on the thirteenth of Adar; the fourteenth they rested, making it a day of feasting and joy. Sa te fèt nan trèzyèm jou nan mwa Adar e nan katòzyèm jou a, yo te repoze e te fè li yon jou gwo fèt avèk rejwisans.
18 In Susa the Jews gathered on the thirteenth and fourteenth days, resting on the fifteenth, making it a day of feasting and joy. Men Jwif ki te nan Suse yo te rasanble nan trèzyèm avèk katòzyèm jou nan menm mwa a. Men yo te repoze nan kenzyèm jou a, e te fè li yon jou gwo fèt avèk rejwisans.
19 That is why the Jews of the open villages celebrate the fourteenth of Adar with joy, feasting, a holiday, and sending food gifts to each other. Pou sa, Jwif nan andwa andeyò yo, ki te rete nan lavil riral yo, fè katòzyèm jou nan mwa Adar a yon jou fèt pou rejwi, fè fèt ak voye pòsyon manje bay youn lòt.
20 Mordecai wrote these events, sending letters to all Jews in King Xerxes's provinces, near and far, Epi Mardochée te fè yon rapò de evènman sila yo, e li te voye lèt a tout Jwif ki te nan tout pwovens a Wa Assuérus yo, ni sila ki pre yo, ni sila ki te lwen yo,
21 to require them to celebrate the fourteenth and fifteenth days of the month of Adar every year, pou fè yo konprann se devwa yo pou selebre katòzyèm jou a mwa Adar a avèk kenzyèm jou nan menm mwa a chak ane,
22 as the days the Jews rested from their enemies, and the month turned for them from grief to joy, mourning to celebration. He told them to keep them as days of feasting and joy, sending food gifts to each other and gifts to the poor. paske nan jou sa yo, Jwif yo retire lènmi yo e se te nan mwa sa a ke tristès la te vin vire an kè kontan e kite rele anmwey la pou rive fè yon jou fèt; ke yo ta dwe fè yo jou a gwo bankè ak rejwisans; epi pou voye manje bay youn lòt avèk kado pou pòv yo.
23 The Jews adopted as a custom what they had begun doing, just as Mordecai wrote to them. Konsa, Jwif yo te acheve fè sa ke yo te kòmanse fè a e menm sa ke Mardochée te ekri yo.
24 Haman son of Hammedatha the Agagite, enemy of all the Jews, planned their destruction and cast the pur—the lot—to crush and destroy them. Paske Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la, advèsè a tout Jwif yo, te manevre kont Jwif yo pou detwi yo, e te voye Pur, sa vle di osò, pou deranje yo ak detwi yo.
25 But when it came before the king, he ordered by letter that the evil scheme Haman schemed against the Jews fall back on his head, and that he and his sons be hung on the poles. Men lè li te rive nan atansyon a wa a, li te pase lòd pa lèt ke manèv mechan li an pou li te divize kont Jwif yo ta retounen sou pwòp tèt li, e ke li menm avèk fis li yo ta pann sou wo etaj la.
26 So these days are called Purim, after the word pur, because of all this letter's words, and because of what they saw and what happened to them. Pou sa, yo rele jou sila yo Purim menm non ak Pur. Epi akoz enstriksyon nan lèt sila yo, akoz sa yo te wè konsa ak sa ki te rive yo,
27 The Jews bound themselves, their descendants, and all who joined them, to keep these two days yearly at the appointed time, without fail, as written. Jwif yo te etabli e te fè kon koutim yo avèk desandan yo, pou tout sila ki te fè alyans avèk yo, pou yo pa ta manke selebre de jou sa yo selon règ e selon tan ki apwente chak ane.
28 Every generation, family, province, and city remembers and keeps these days; these Purim days will never end among the Jews, nor their memory die out among their descendants. Pou sa, jou sa yo te gen pou sonje e selebre pandan tout jenerasyon, tout fanmi, tout pwovens ak tout vil; epi jou sila yo a Purim pa te janm dwe neglije pami Jwif yo, ni memwa yo vin pèdi fòs pami desandan yo.
29 Queen Esther daughter of Abihail and Mordecai the Jew wrote with full authority confirming this second Purim letter. Epi rèn Esther, fi a Abichaïl la, avèk Mardochée, Jwif la, te ekri avèk plen otorite pou konfime dezyèm lèt sa a konsènan Purim.
30 Letters were sent to all the Jews in 127 provinces of Xerxes's kingdom—words of peace and truth, Li te voye lèt yo a tout Jwif nan san-venn-sèt pwovens a wayòm Assuérus yo, avèk pawòl lapè ak verite,
31 confirming these Purim days at their set times, as Mordecai the Jew and Queen Esther ordered for them, and as they ordered for themselves and their descendants, times of fasting and mourning. pou etabli jou a Purim sila yo nan tan ki apwente, jis jan ke Mardochée avèk rèn Esther te etabli a pou yo menm e pou desandan pa yo avèk enstriksyon pou tan jèn avèk lamantasyon yo.
32 Esther's command confirmed these regulations about Purim, and it was written down in the record. Se te lòd Esther a ki te etabli koutim sila yo pou Purim, e sa te ekri nan liv la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]